Plant sa gen anpil repitasyon. Se yon gwo tonik antisifilitik ki popilè nan peyi Lend.Tonik: se bagay nan plant lan ki remonte w; Antisifilitik, se renmèd kont maladi sifilis.
- Lè w pran yon dòz 15 a 20 gram ekòs bwa kanon an chak jou li tonik sa vle di li bay fòs.
- Lè w pran yon dòz 2 a 4 gram chak jou, li gen yon gwo aksyon vomitif ki vle di renmèd lè w pran l ki fè w vomi.
- Poud flè bwa kanon an melanje nan dlo tyèd, bon pou fè lèt fanm nouris monte byen.
- Maladi atwoz, se maladi atikilasyon ki lakòz gwo doulè nan jwenti yo. Se lakay granmoun nou pi souvan jwenn maladi atwoz.
- Kont atwoz jenou an : mete rasin yo bouyi pandan yon moman, enpi basinen jenou malad la anwo pou desann ak yon twal pwòp, tranpe nan dekòksyon sa tou cho. Fè sa maten ak aswè .Trètman an dwe dire pou piti yon senmenn.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|