Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd fèy: Bwa Blan

Ekòs rasin bwa blan an anmè anpil, li tonik, li febrifij.

Tonik: Se yon remontan.

Febrifij: Se yon bagay ki ka jete lafyèv. Yo fè dekòksyon ak bwa blan pou konbat maladi anemi, dispèpsi, ak dizantri kwonik.

Dispèpsi, vle di move fonksyònman aparèy dijèstif la.

Dizantri kwonik, se gwo dyare, doulè vant ak san nan poupou. Gwo dòz bwa blan an pigativ, enpi li vomitif tou. Vomitif, vle di sibstans ki pèmèt ou vide lèstomak ou lè w vomi . Pigatif, vle di bagay nan plant la ki pèmèt ou gen dyare lè w pran l.

Prensip aktif bwa blan an rele kasin,  li anmè anpil,li pa gen okenn lodè. Yo itilize l anpil nan preparasyon renmèd famasi, enpi yo prèskri l tankou tonik ak febrifij.






Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 

 

 

 

 



 
Moso listwa Dayiti