BOUTON
Bouton : Se non yo bay plizyè ti timè ki parèt sou po kò a, bouton yo kapab fè kò a anfle ou byen moun nan ka gen bouton san li pa gen enflamasyon. Nou pa ka bay yon bagay èspesyal ki lakòz moun gen bouton sou po kò a, men denpi nou wè bouton ap parèt sou nou, nou dwe eseye trete yo ak plant medisinal sayo
:
Agouman : Lave fèy agouman yo, bouyi dlo pou w vide sou yo pou moun ki gen bouton an bwè tout jounen an.
Lòt fason, nou ka mete fèy agouman yo bouyi nan dlo pou nou fè yon dite. Se ak dite sa pou nou lave pati ki gen bouton yo.
Lalwa : Lè ti moun ap fè dan, li gen plizyè bouton yo rele fe, koupe yon fèy lalwa pou w pran sik li pou w mete sou kote bouton yo leve a enpi mare l ak yon twal pwòp.
Bèl de nwi : Lave fèy bèl denwi yo, pile yo fen pou w mete sou pati kote bouton yo leve nan kò a.
Bwa chèn : Kraze yon ponyen flè bwachèn pou w pran sik li mete ji a sou bouton yo
Krètakòk : Fè yon dite fò ak yon ponyen fèy krètakòk pou demi lit dlo pwòp. Si se nan figi moun lan gen bouton an li ap lave figi l ak dlo sa.
Powo : Pile powo yo lè nou fin byen lave yo. Pran ji powo yo, mete yon ti lèt bèf ak ji powo yo, moun ki gen bouton nan vizaj la ap itilize melanj lan pou lave vizaj li.
Soumake : Lave yon ponyen fèy soumake, kraze yo nan dlo tyèd pou nou benyen tibebe lè yo gen fechalè.
Siryo : Mete 20 gram flè siryo bouyi nan demi lit dlo pandan 20 minit konsa. Sèvi ak dite sa pou w fè konprès sou bouton yo, chanje konprès la plizyè fwa nan yon jounen
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|