Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd fèy: Bannann Poban

Bannann konsidere tankou prensipal manje pi fò moun nan lemondantye. Se yon manje sen, enpi li nourisan.

- Bannann mi dijere byen , bannann se pi bon manje pou ti moun yo, li devlope sistèm zo ti moun yo, enpi li fè yo grandi vit.

- Bannann gen yon valè nitritiv siperyè pase pòmdetè.Valè nitritiv pòm de tè se 23%,. Valè nitritiv bannann se 28%. Moun k ap fè travay manyèl tankou moun k ap fè travay entèlèktyèl kapab manje bannann tankou konvalesan yo kapab manje l tou .

Konvalesan vle di moun malad k ap refè. Men paske li pa gen anpil pwoteyin, nou pa ka konsidere bannann tankou yon manje konplè. Se pou sa n ap mete l ak lòt manje tankou :ze, vyann, pwason ou byen lèt ki rich ak pwoteyin.




Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 

 

 

 

 

 

 

 

 



 
Moso listwa Dayiti