Nou dwe pran prekosyon pou nou pa vale ti pwal ou byen ti pikan ki nan kèk pati nan banbou-a, swa nan bwa ou byen nan fèy li. Ti pwal sa yo genyen ladan yo yon pwazon vyolan. Lè ti pikan sa yo kole nan gòj la ak nan tib dijestif la yo lakòz anpil twoub nan kò a, ki kapab pote w ale nan peyi san chapo.
- Fèy banbou bon pou prepare dekòksyon pou moun ki gen rim ak tous.
Yo prepare dekòksyon an konsa:
Mete yon ponyen fèy banbou nan demi lit dlo, kite-l bouyi pandan 10 minit, kite l tyèd, adousi l ak sik wouj. Bwè 2 ou byen 3 gran tas chak jou.
- Dekòksyon sa bon tou pou nou tranpe dan yo pou trete jansiv yo, lè yo gen blesi, pou moun ki soufri jenjivoraji, kivledi jansiv senyen.
- Koupe tij la nan ne boujon banbou-a, l ap bay yon likid sikre, yon likid ki gen bon gou, likid sa konn kaye. Likid sa fòme yon sik yo te konn itilize anpil lontan, li kapab trete MALADI DIZANTRI AK TWOUB SEKRESYON BILYÈ.
Dizantri vle di maladi nan trip ki lakòz moun lan poupou glè dyare ak san. Moun yo souvan di yo gen kolorin.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|