Plant sa anmè anpil. Lè w mete l masere nan wonm ou byen nan diven, l ap ba w yon likè ki bay lapeti, enpi likè sa, se yon gwo febrifij,ki vle di yon renmèd ki ka jete lafyèv.
- Byen lave fèy bale anmè a fè ti moso, mete yo masere nan dlo ; mete l chofe pandan 3 a 4 trèdtan nan solèy pou w benyen, se yon renmèd kont maladi nan po kò a, tankou: varisèl demanjezon ak tach nwa ou byen wouj ki ta parèt sou po kò w ,tankou sou figi w ak nan kò fanm ou byen kò gason w. Pase maserasyon an byen sou tout kote ki malad yo enpi kite l seche nan lè.
- Pou konplete trètman po kò a, bwè yon enfizyon ki fèt ak 20 gram bale anmè sèch nan demi lit dlo ki fenk fin bouyi.Bwè yon tas chak jou.
- Kont maladi veneryèn ki vle di maladi moun trape nan fè sèks tankou :ekoulman. Bwè tizann bale anmè a; ou ka fwote fèy la pou w mete sou kò w enpi, konplete trètman an ak yon tas enfizyon bale anmè maten ak aswè.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|