Rasin bakwa se yon renmèd antipiretik, kivledi ki kont la fyèv. Rasin plant lan astrenjan.
Astrenjan vle di renmèd ki kapab favorize sikatrizasyon plè, kivledi fèmen plè.
Yo itilize rasin lan pou fè enfizyon kont maladi malarya, kont dispèpsi.
Dispèsi, se lè dijesyon moun lan mal fèt, enpi li souvan santi doulè nan rejyon epigastirik la, kote lèstomak la sitiye andedan abdomèn lan. Yo ka itilize-l tou kont idwopsi ki vle di akimilasyon likid andedan abdomèn lan, ki parèt anfle.
Fason nou kapab prepare enfizyon an : mete 20 gram poud ekòs, fèy ak rasin Bakwa bouyi nan yon lit dlo, adousi l ak siwo myèl, melanje l ak souf, se yon bon dekoksyon kont maladi ki lakòz emoptize, kivledi moun lan ap touse enpi l rale san nan ekspèktorasyon an, larim lan.
|