Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd fèy: Ayapana

 Plant medisinal sa, se yon èstimilan. Yo itilize-l kòm enfizyon kont Maladi èskòbit ki vle di maladi mank vitamin C.

 - Ayapana se yon plant sidorifik, li fè moun ki gen lafyèv pèsistan sye anpil, enpi l antipiretik.

 - Ayapana se yon tonik pou moun ki soufri Maladi Anemi.

 - Enfizyon fèy yo bon pou dijesyon difisil, se yon renmèd kont Dyare
   ak Bwonchit.

 - Ou kapab fè maserasyon ak fèy yo nan wonm pou panse blesi.

 - Ayapana kapab itilize kont kontizyon kivledi Fouli lè-w pran chòk, ak kont Liksasyon, kivledi zo atikilasyon yo dejwente.

 Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 




 
Moso listwa Dayiti