- Se yon plant ònemantal, savledi yo fè dekorqasyon ak li, yo plante l souvan nan lakou ak nan jaden. Frui yo gen koulè jòn dore tankou jòn ze poul.
- Grenn lan gen yon lwil ki genyen ladan-l, lorin ak mistirin ki se sibstans aktiv plant la. Pwensip aktif la gen koulè wouj.
- Grenn lan genyen 5 alkaloyid ladan-l, pami yo: Arekolin, ki gen pwopriyete tenifij, ou byen tenisid, kivledi li detri Vè Tenya sajinata, ak tenya solyòm.
- Nou ka site tou Arekayin ki se yon pwodi toksik, savledi pwazon.
- Nan peyi ekstrèm oryan yo, lè moun yo ap resevwa envite yo, yo souvan fè yo kado frui mi yo. Frui yo gen gou rak. Pou diminye gou rak la, nou kapab vlope frui a nan yon fèy palmye, enpi simen lacho ou byen nenpòt poud absòban sou yo.
- Lè-w pile nwa palmye yo fè poud ,li ba-w yon pat dantifris. Se yon bon vèmifij tou, men paske li gen yon-n nan sibstans li yo, Arekayin ki toksik, nou pa dwe pran plis pase 6 a 8 gram.
- Lè-w bouyi nwa-a ak yon legiminez wap jwen-n yon medikaman tonik, ki bay fòs, ki astrenjan, emostatik ki ka rete san kap koule.
- Kachou-a, ou ka itilize-l sou fòm poud, tizan-n, tenti ak sou fòm pastiy.
- Medikaman sa pwovoke salivasyon, li ogmante pilsasyon kadyak yo, enpi li favorize kontraksyon entèstinal.
- Li bon tou kont glokòm paske li pwovoke tou kontraksyon pipiy yo Glokòm se yon maladi ogmantasyon andedan zye yo.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|