Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
"Maladi ak Renmèd Fèy Sou Atlantik": Antraks
ANTRAKS : se yon maladi kote pati malad la anfle, li gen pij k ap koule. Maladi sa parèt sou moun, lakòz mikwòb ki enfèkte po kò a. Pwal se òga n ki pwoteje po kò a. Antraks prezante tankou plizyè ti klou, plizyè ti absè reyini pou bay yon fòm absè kote pakèt pij ap sòti nan pati malad la.

Pati nan kò a antraks la pi renmen devlope se: nan tèt, nan vizaj, nan kou ak nan fès.

- Bagay ki lakòz maladi antraks la se : move lijyèn, salte,la syè, fwòtman ak mikwòb, maladi dyabèt, kivledi twòp sik nan san an.

Nou pa dwe konfonn fòm maladi antraks sila ki se yon absè ak lòt fòm maladi antraks yo rele tou, maladi chabon ki pa prezante menm jan.

- Pou nou trete maladi antraks la,nou dwe mete renmèd sou li pou l mi enpi pete byen vit. Fason nou ka fè yo pete vit, se lè nou mete konpwès fèy sou yo, ou byen nou basinen yo ak dlo cho pou yo pete pandan n ap pran trètman travayè sante.

- Si maladi antraks la pa jwenn trètman, mikwòb la ap gaye enpi absè kapab pete andedan tankou deyò kò a.
- Kont maladi antraks la, nou ka prepare yon konpwès pou mete sou pati malad la. Preparasyon :fèy yèsken, kèk gous lay, kèk gous pwa vèt, yon ti vinèg blan, yon ti siwo myèl ak yon ti disèl pile yo pou mete sou absè yo. Nou ka pile fèy sirèt pou mete sou antraks la kòm konpwès pou n jwenn amelyorasyon.

- Moun ki soufwi maladi antraks la ap benyen ak yon maserasyon fèy maskriti, lè l fini, l ap bwè yon dite fèy maskriti k ap bay li bon jan rezilta.

- Moun ki gen antraks ou byen klou yo ka lave enpi graje yon zonyon, mete yon ti dlo pwòp ladan pou mare sou klou a, l ap jwenn bon jan rezilta.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 
Moso listwa Dayiti