Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
"Maladi ak Renmèd Fèy Sou Atlantik": Antidòt

ANTIDÒT: se yon renmèd kont pwazon .Plizyè nan antidòt sa yo ,se travayè sante ki gen otorizasyon bay moun yo, nan lopital ak nan dispansè. Gen kèk antidòt ki detri pwazon tout bon,  men gen kèk lòt kalite, se diminye yo diminye risk pou moun lan pa mouri lakòz pwazon an.

- Lè moun pran pwazon nan manje ,yo souvan bay li renmèd pou l vomi, pou l vide lèstomak li, enpi pran yon lavman dlo tyèd pou lave trip yo. Apre  sa, moun ki te pran pwazon an ap mare konpwès cho sou lèstomak la. Bay malad la bwè yon kafe byen fò pou remonte l. Nou ka bay li tou, yon dite fèy tiyèl ou byen yon dite fèy zoranj.

- Si nou pa konnen nan ki sa, ni ki kalite bagay ki pwazonnen moun lan, bay moun lan bwè lèt ak dlo albjminez.
 Preparasyon dlo albiminez: pran 6 blan ze, yon lit dlo bouyi fret. Bat blan ze yo ak dlo a byen bat pou malad bwè. Si nou pa gen ze lè moun lan anpwazonnen an, delye yon ponyen farin ble nan dlo ou byen nan lèt pou moun ki anpwazonnen an bwè.

- Nou ka bat yon blan ze ak 3 gwo kiyè sik lalwa nan yon vè dlo pou malad la bwè. Bay li melanj sa yon vè chak jou, pandan plizyè jou.

- Nou ka pile chabon bwa, mete 2 gwo kiyè luil doliv ladan pou moun ki pran nan pwazon an bwè.

- Nou ka prepare yon bon antidòt ak plant grif chat konsa :lave yon pye grif chat antye (fèy,flè, rasin, bwa), pile l ak kreson savann nan menm kantite a ,chofe ji a tyèd chak fwa pou bay malad la yon kiyè 4 a 5 fwa nan jounen an.

- Lè moun pran pwazon nan vyann, bèt lanmè tankou krab, sirik ak pwason, li ka bwè ji sitwon, ji zannanna.

- Moun ki pran pwazon nan bèt lanmè a ka pran yon enfizyon 3 a 4 fèy tabak pou yon tas dlo ki fenk fin bouyi.

- Moun lan ka bwè yon dite konsantre ak tout pati nan pwa kongo a tankou: rasin, tij, fèy, flè ak donn pwa kongo a.

- Moun ki pran pwazon nan bèt lanmè a ka prepare patat ak luil doliv. Me kòman pou n prepare l :lave patat la, graje l pou melanje l ak yon ti luil doliv pou bay moun anpwazonnen an bwè.

- Si yon moun pran pwazon nan pwason kuivre,li ka pran yon dite grenn jòb.

- Si yon moun ta manje sik manseniy ,si moun lan ta bwile ak sik manseniy : fè yon dite ak donn kikima pou bay malad la, ou byen nou ka fè yon dite konsantre ak rasin, flè, fèy, bwa ak donn pwa kongo a pou bay malad la bwè.

- Lè moun pran pwazon nan nenpòt kalite manyòk anmè, li ka pran yon dite ak tout pati woukou a tankou: rasin, flè, fèy ak donn woukou a pou malad la bwè.

- Si yon moun pran pwazon nan koray li ka bwè tout pati woukou a tou.

- Si yon moun pran pwazon nan pijon dend, li ka pran yon dite ak tout pati woukou a bay moun anpwazonnen an bwè yon ti vè piti chak inèdtan jis li refè.

- Si se mèki ki anpwazonnen yon moun ,nou ka bay li yon enfizyon labsent.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.


 
Moso listwa Dayiti