Sa pa gen lontan, labapen se te prensipal manje zansèt nou yo. Li rich ak lanmidon, ak vitamin. Se yon fekilan. Fekilan, vledi yon viv ki gen farin.
Alèkile, se pen farin ki ranplase labapen. Pou kounyè a, li vin tounen yon manje trè chè paske li vin ra, enpi se domaj… paske li dijere byen fasil, li pa lakòz moun konstipe.
Lè-w kwit labapen nan dlo, enpi ou woule-l ou byen w pile-l, l ap bay yon farin, yon pwodi dijestif, nou ka bay granmoun tankou timoun ki gen lèstomak delika.
- Kont brile po kò a : nou ka bouyi labapen, pile-l pou mete sou po kò w, wap jwenn soulajman gras ak aksyon adousisan li genyen. Sa vle di,li kalme doulè.
- Kont ipotansyon ateryèl : Fè yon dekòksyon ak yon pòpòt ou byen yon tòtòt, pou yon lit dlo ; adousi-l, bwè l lamenm, l ap desann tansyon-an . Pòpòt se flè labapen an. Bwè tizann sa jis tansyon-an vi-n nòmal.
- Kont blesi ki louvri : blese pye labapen an, pou-w pran sik blan ki koule-a, mete l sou blesi-a pou kalme demanjezon yo. Latèks labapen-an ap geri blese-a byen vit.
- Kont maladi Opresyon ak twoub gastro-entèstinal: Dekòksyon rasin labapen-an se yon renmèd kont opwesyon, enpi se yon bon renmèd kont kèk twoub gastwo-entestinal lakay fanm ansent.
- Kont doulè nan kavite bikal la ak kèk dèmatoz: Ou ka pran dekòksyon sa tou kont doulè nan bouch, kont doulè dantè, enpi w ka itilize dekòksyon rasin labapen-an kont kèk dèmatoz, kivledi, maladi nan po kò-a.
|