Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Gran degonfle

- Se yon plant awomatik, sa vle di l santi bon ; li diyiretik ki vledi li pèmèt ou evakye irin byen , pipi byen. Pati yo itilize    nan plant gran degonfle-a, se fèy, flè li ak rasin li yo.
- Lè w fè yon enfizyon cho ak rasin gran degonfle a , li ede w lite kont refwadisman ak gwo lafyèv pèsistan.
- Enfizyon flè ak fèy gran degonfle a bon anpil kont gwo rim ak sefale kivledi, tèt fè mal.
- Dekòksyon fèy gran degonfle a sikre, bon pou gonfliman, se pou sa yo rele l gran degonfle nan peyi Matinik.
- Dekòksyon fèy yo bon tou, kont maladi nan kè.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti