- Se nan kontinan azi tropikal berejèn pran nesans.
- Li donnen chak lane. Moun dwe manje berejèn yo byen mi.
- Berejèn mi yo laksatif sa vle di yo lache trip la, li ka bay dyare lè w manje l twòp.
- Berejèn diyiretik tou, ki vle di li ede ren yo nan eliminasyon irin lan, li fè moun pipi anpil.
- Berejèn rich ak vitamin, li èstimile ren yo , fwa-a, ak pankreyas la.
- Yo bay moun ki soufri maladi anemi li sou fòm salad ak vinèg.
- Lè-w kuit li nan fou, ou byen lè w boukannen berejèn lan, li bon pou moun ki soufri maladi dyabèt.
- Ou kapab mete fèy berejèn kuit, pile, sou fòm kataplasm, sou absè, sou brile, ak sou emowoyid pou w jwenn soulajman.
- Dekòksyon 100 a 200 gram rasin berejèn, nan yon lit dlo, ap trè efikas kont blenoraji ki vle di ekoulman ou byen gren n chalè.
|