Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Maladi ak Renmèd Fèy: Amigdalit

Se yon maladi nan gòj. Se enflamasyon amigdal yo. Amigdal yo vin anfle, yo wouj enpi yo gen yon kras blanch ou byen jòn sou yo. Malad la santi tèt fè mal, doulè nan gòj lè l ap vale manje, enpi li gen yon gwo lafyèv.

Pou nou konbat maladi amigdalit la, malad la ap suiv konsèy travayè sante, enpi l ap bwè anpil ji frui. Lè w soufri maladi amigdalit la, ou ka itilize plant medisinal yo pou trete maladi a, ou ka itilize plant medisinal yo tou pou w fè prevansyon kont enflamasyon nan gòj la.

Plant nou ka itilize se: Zannanna, lalwa, bale dou, seleri, seriz peyi, bwa chèn, sitwon, kolan, krètakòk, jenjanm, gwayav, monben, zoranj si, planten, pwa kongo.

Zannanna: Graje zannanna vèt pou w pran ji a gagarize ji a, w ap jwenn bonjan rezilta.

Lalwa: Pran sik lalwa a, mete l nan yon moso twal pwòp pou w mare sou kou malad la devan gòj la.

Bale dou: Fè yon dite ak fèy bale dou pou w gagarize kont maladi amigdalit la.

Seleri: Pile seleri, byen lave, pou w pran ji li. Se ji sa pou w gagarize kont maladi amigdal yo.

Seriz peyi: Lave fèy yo, pile yo pou w pran demi vè ji fèy seriz peyi, mete nan demi vè dlo pwòp. Se ak likid sa pou lave gòj la lè w gagarize l.

Bwa chèn: Pran ekòs bwa chèn lan pou w fè yon dite, sikre dite a, enpi gagarize l kont maladi amigdalit la.

Sitwon: Koupe fè 2 moso, yon sitwon lè w fin lave l. Pire yon moso sitwon an pou w pran ji li, mete yon ti priz disèl nan ji a pou w gagarize ou byen mete ji moso sitwon an sou yon moso twal byen pwòp pou w mare sou gòj la pou konbat maladi amigdal yo.

Kolan: Pran fèy ak bwa kolan pou w fè yon dite. Malad la ap gagarize dekòksyon sa kont maladi amigdal yo.

Krètakòk: Lave fèy yo, pile yo pou pran ji a, ajoute ji yon zoranj si, yon ti priz disèl pou moun ki soufri amigdalit la gagarize.

Jenjanm: Pile jenjanm lan lè w fin byen lave l, bouyi yon ti kantite pou l byen pike. Se ak dite sa pou malad la lave gòj li lè l gagarize l.

Gwayav: Bouyi fèy gwayav pou w fè yon dite byen fò. Se ak dite sa pou moun ki soufri amigdalit la lave gòj li lè l gagarize dite a.

Monben: Bouyi kèk boujon monben, sikre dite a ak siwo myèl pou w gagarize l kont maladi amigdalit la.

Zoranj si: Pire yon zoranj si, mete yon kiyè siwo kann nan ji a, yon ti wonm, yon ti disèl kraze, yon ti piman zwazo pou w mete ladan l byen melanje yo pou moun ki fè maladi amigdalit la gagarize.

Planten: Pile yon ponyen planten, mete l nan mitan 2 moso twal, simen yon ti dlo pwòp sou li, pou w mare sou kou a, douvan gòj la.

Pwa kongo: Pile yon ponyen fèy, pou w pran ji a. Mete 3 kiyè diven blan, 2 kiyè siwo myèl ak yon demi vè dlo pou malad la gagarize 6 fwa nan jounen an.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.


 
Moso listwa Dayiti