Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Maladi ak Renmèd Fèy: Amenore

Gen divès sikonstans ki ka lakòz yon fanm gen amenore, kivledi l pa gen règ. Pa egzanp, fanm lan ka ansent, ou byen l ponkò rive nan laj pibète, kivledi, laj pou l gen règ. Gen fanm ki konn rive nan laj menopoz, kivledi règ li nòmalman koupe.

Gen ka kote fanm lan fè operasyon kote travayè sante retire tout òga n tankou iteris, ovè, ki anpeche fanm lan gen règ. Men, yon fanm ki abitye gen règ li nòmalman, enpi l pa twouve l nan yonn nan ki ki sot mansyonne anvan yo, fanm sa dwe suiv trètman nan dispansè ou byen lopital. Renmèd fèy kapab konplete trètman an. Renmèd fèy, tankou:
 
Kann: Mete kèk fèy kann tranpe nan dlo ki fenk fin bouyi pou w bwè aswè lè w pra l kouche.

Kas pyant: Griye grenn kas la, pile yo, koule l tankou kafe pou w bwè chak maten jouk ou refè, jouk règ la vini.Ou byen pile fèy, flè ak rasin pwa pyant yo, kite yo tranpe nan diven blan pandan 3 jou. 8 jou avan règ la vini, fanm lan ap bwè demi lit nan maserasyon sa, enpi l ap pran yon lòk. Lè règ la fini, apre 8 jou, fanm lan ap bwè rès maserasyon an, kivledi 8 jou règ la fin koule, fanm lan ap bwè rès maserasyon an.

Koton: Pile yon ponyen grenn koton, tranpe yo nan dlo bouyi frèt, koule maserasyon an, pou fanm lan bwè leswa lè l pra l kouche.

Pèsi: Fanm lan ki soufri amenore a, ap fè yon dite ak yon ponyen grenn pèsi sèch pou chak 250 gram dlo, ou byen fanm lan ap pile pèsi byen lave pou l pran 150 gram sik pèsi a pou chak 250 gram dlo pou l bwè.

Planten: Lave pye planten antye pou mete l bouyi. Bwè l tankou tizann.

Zèbavè: Fè yon enfizyon plant zèbavè a pou fanm ki soufri amenore a bwè aswè lè l pra l kouche.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 

 

 

 




 
Moso listwa Dayiti