Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Alètman Matènèl

Alètman Matènèl
Anpil gwo liv deja ekri sou alètman matènèl, kivledi fanm nouris k ap bay ti bebe tete. Nan chapit sa n ap eseye reponn kèk kesyon tankou: Ki enpòtans bay timoun tete; kisa ki nan lèt fanm nouris la; ki avantaj bay ti bebe tete; apati ki lè fanm nouris la dwe mete ti bebe a nan tete; ki meyè fason fanm nouris kapab byen bay ti bebe tete ; konbyen fwa yon ti bebe dwe tete chak jou ; jis ki laj yon ti bebe ka kontinye tete ; nan ki sikonstans yon fanm nouris pa dwe bay yon ti bebe tete.

Ki enpòtans bay ti moun tete?
Tete, se premye sous nouriti pou ti bebe a. Se okazyon pou timoun lan kòmanse abitye ak manman l, lè kò yonn kole ak kò lòt. Si yon sikonstans ta lakòz yon manman pa kapab bay pitit li tete, yon lòt fanm nouris kapab bay pitla tete. Gendefwa,menm grann konn rive bay pitit pitit li tete san danje.

Kisa ki nan lèt fanm nouris la?
Plis fanm nouris la bwè bon ji, bwè bonjan bouyon fèy, plis lèt la ap anfòm pou pitla. Nan lèt la nou jwenn dlo, sik, grès, vitamin ak tout bon bagay ki pou fè ti bebe a grandi, pou pwoteje l kont enfeksyon. Denpi nan 3 premye jou apwe akouchman an, premye lèt la ki parèt, yo rele l kolostwòm, li pwès,li jòn , li gen anpil vitamin ak bagay nesesè ki pèmèt ti bebe a pa kata. Nenpòt ti gout nan kolostwòm lan ti bebe a bwè, li soule, li dòmi byen. Apre kèk jou, lèt la vin blanch enpi li koule pi byen.

Ki avantaj bay ti bebe tete?
Lè w bay ti bebe tete, se yon pataj lanmou ant fanm nouris la ak ti bebe a, sa fè kè l kontan, enpi lè timoun sa vin pi gran, li gen plis afėksyon pou paran l. Lè ti bebe a tete, sa pėmėt fanm nouris la pa ansent byen vit, menm si li an nafè ak gason, kidonk, se yon fòm planifikasyon familyal natirėl. Men, kėk fanm konn gen pye cho, yo konn fleri denpi nan premye ou byen dezyèm mwa apre akouchman. Denpi yon fanm gen règ, li kapab ansent, si l byen ak mesye a san pwoteksyon. Lè ti bebe a tete, se pi bon manje pou li, trip li byen dijere lèt manman an, li pa gonfle. Lè ti bebe a tete, sa pèmèt fanm nouris la fè ekonomi, paske lèt manman pa bezwen ni bibwon ni lòt bagay pou prepare l.

Denpi ki lè fanm nouris dwe mete ti bebe a nan tete?
Tete fanm nouris la, se yon bibwon natirèl ki toujou plen lèt, denpi pitla fèt, la menm, san pèdi tan se mete l nan tete. Se paske ti bebe a ap souse tete a ki fè lèt la pral monte pi vit, pi byen.

KI meyè fason fanm nouris la kapab byen bay ti bebe a tete?
Lè fanm nouris la pral bay ti bebe a tete, li dwe mete ti bebe a nan pozisyon li santi l byen, san li pa kofre, kote li kapab rale souf byen pandan l ap tete. Anvan ti bebe a kòmanse tete, fanm nouris la dwe netwaye pwent tete yo ak savon, enpi rense yo  ak dlo bouyi frèt, siye yo ak twal pwòp. Fanm nouris la dwe chanje tete yo chak fwa, dekwa pou pitla pa pran plis lèt nan yon sèl tete. Si bebe yo se jimo, fanm nouris la dwe bay yo tete yonn apre lòt. Lè ti bebe a fin tete, fanm nouris la dwe mete yon twal pwòp nan pwent tete yo, enpi li dwe mete soutyen ki pa sere.

Konbyen fwa yon ti bebe dwe tete chak jou?
Ti bebe a ka tete plizyè fwa nan jounen an, denpi li vle tete a, enpi denpi aktivite manman an pèmèt. Men pa bliye, plis ti bebe a tete plis lèt la monte byen.

Jis ki laj ti bebe a ka kontinye tete?
Ti bebe a dwe tete pou pi piti jis nan laj 3 mwa. Men si ti bebe a tete jis li rive nan laj yonn ou byen 2 lane, sa pa gen pwoblèm. Kantite lèt la konn diminye nan tete yo apwe 6 mwa alètman. Si tete fanm nouris la pa bay anpil lèt apwe 6 mwa alètman, li kapab anvizaje bay ti bebe a lòt ti manje pou konpletay. Gen yon lè ki pral rive kote fanm nouris la sispann bay pitla tete, li sevre l.

Yon manman pa dwe kwè lòt lèt pi bon pase lèt ki soti nan tete l; fanm nouris pa dwe kwè bay ti bebe tete ka fè l vin pa gen gangans demwazèl, pa gen tete doubout ankò. Yon manman dwe toujou bay pitit li tete, sèl si gen kèk ka gwo maladi, li ka chèche lòt mwayen pou nouri ti bebe a.

Nan ki sikonstans yon fanm nouris pa dwe bay ti bebe tete?
Fanm nouris pa dwe bay ti bebe tete, si tete a gen absè, gwo bouton, gwo plè ak pij, si tete a gen gwo gratèl. Fanm nouris la pa dwe bay ti bebe a tete si li gen mikwòb sifilis ou byen lòt gwo enfeksyon ki gaye nan san , sitou si l pa swiv trètman. Fanm nouris pa dwe bay ti bebe tete si fanm lan soufwi yon maladi tibèkiloz poumon nan dènye degre, sitou si l p ap swiv trètman ak disiplin.

Gen kèk gwo maladi nan kè, nan ren, ki konn anpeche yon manman bay pitit li tete. Pafwa, se ti bebe a ki gen pwoblèm li pa ka tete. Si ti bebe a fèt prematire, kivledi li fèt twò bonè, pa egzanp nan laj 6 mwa edmi denpi fanm lan te ansent, ti bebe sa ka gen difikilte pou li rale tete a. Pafwa, ti bebe a konn gen defo nan nen ak nan bouch ki ka lakòz li paka rale ni vale tete a, pa egzanp nan ka malfòmasyon yo rele bėk lyėv. Si pa gen okenn difikilte, yon manman dwe toujou bay pitit li tete, paske : Bay tete se bay lavi. Si lèt la pa koule byen, renmèd fèy ap ede nou bay lavi. Enpi pa bliye ti konsèy la : Pou maladi rekile, se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou, ak tout kominote a.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti