| |
|
SEFÒM: SEKSYONFÒMASYON
Dispansè Doktè W. Polikap, Katyemoren, Galman Dipla
Telefòn: 509-559-5635 | 509-553-4431 | 509-553-4838 | 509-708-8921 | 786-623-4695
E-mail: docteurwpolycarpe@atlantikhaiti.com | sefom@atlantikhaiti.com
Sit entènèt: www.atlantikhaiti.com
|
Katyemoren 06 mas 2007
AVI KI SOTI NAN KOMITE EGZEKITIF KOWÒDINASYON SEFÒM
Pou rive jwenn Tout Fòmatè SEFÒM
- Ansyen etidyan ECAMEQ, ansyen ak nouvo etidyan LEKOMÈK
- Patisipan ki deja resevwa sètifika SEFÒM
- Patisipan ki ponkò resevwa sètifika SEFÒM
- Patisipan ki pa t gen chans resevwa sètifika SEFÒM
- Senpatizan SEFÒM
Rezon: Envitasyon nan FÈT SEFÒM
Samdi 14 avril 2007, se: «jounen SEFÒM», se fèt tout moun ki resevwa fòmasyon nan SEFÒM.
Nan pwogram jounen 14 avril 2007 la, genyen:
1- Rapò travay kowòdonatè SEFÒM yo
2- Gran aktivite kiltirèl ki pral pèmèt nou dekouvri talan tout sefòmis yo
3- Prezantasyon gwoup mizikal : SEFÒM MIZIK PLIS ki sot fè malè nan kanaval 2007 la, « Siye-Pye » ak yon sware dansan jouk li jou.
4- Enpi, nou pral manje vant deboutonnen
Chak baz SEFÒM dwe voye pwogram yo nan biwo SEFÒM pou pita nan dat 31 mas 2007. Anpil prim pral distribiye pou baz SEFÒM ki pi byen patisipe.
Envite paran, zanmi, senpatizan tout sefòmis, vin selebre fèt SEFÒM. Aktivite yo pral filme, anpil foto pral fèt pou listwa SEFÒM toujou rete vivan.
Yon sèl randevou: nan dat samdi 14 avril 2007 a 2 zè nan apremidi, nan Oditoryòm Radyo Atlantik, galman dipla, katyemoren, SEFÒM ap fete.
SEFÒM se pou mwen, SEFÒM se pou wou, SEFÒM se pou nou tout.
Mayo SEFÒM obligatwa. Reklame mayo w nan biwo SEFÒM, galman dipla, katyemoren.
|
| -------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------- |
RADYO ATLANTIK 92.5 FM
Dispansè Doktè W. Polikap, Katyemoren, Galman Dipla
Telefòn: 509-559-5635 | 509-553-4431 | 509-553-4838 | 509-708-8921 | 786-623-4695
E-mail: docteurwpolycarpe@atlantikhaiti.com | enfo@atlantikhaiti.com
Sit entènèt: www.atlantikhaiti.com |
KONKOU: «VWAYAJ SOLIDÈ»
Gran konkou dans , gran konkou poezi, jou samdi 19 me 2007 la a 6 zè nan aswè nan Oditoryòm Radyo Atlantik.
Twoup dans, kèlkeswa dans la, twoubadou, envite vin enskri prese prese, paske plas yo limite, enpi pral gen seleksyon.
Si w konn ekri, deklame bèl poezi, bèl ti istwa kout, si twoup dans ou a pèfòman, vin patisipe, vin ranmase prim, sètifika patisipasyon ak gwo sipriz.
Patisipasyon w nan aktivite kiltirèl nan Oditoryòm Radyo Atlantik, se garanti pwomosyon pou wou menm atis, ak pou zèv ou.
Dènye delè enskripsyon yo, se nan dat 16 avril 2007 nan biwo Radyo Atlantik, galman dipla, katymoren.
Pou tout enfòmasyon sou kondisyon patisipasyon w, pase nan biwo Radyo Atlantik, ou byen rele nan yonn nan nimewo telefò sa yo: 509-559-5635 | 509-553-4431 | 509-553-4838 | 509-708-8921 | 786-623-4695
Ou byen klike la! pou´w ekri nou sou adrès elètwonik nou.
Byenvini!
|
|
|
| |
|
|
|
|
|
|
|
|