MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
REFÒM AGRÈ ENTEGRE
R.A.E.
__________________________________________________
I- ENTWODIKSYON RAEMRA
II- DEFINISYON RAEMRA
III- RESOUS (IMEN, MATERYÈL,NATIRÈL...)
IV- MEKANISM APLIKASYON RAEMRA
V- PRENSIPAL KRENO PWODIKSYON RAEMRA
VI- OBJEKTIF RAEMRA
VII- DIFIKILTE PREVIZIB
VIII- MWAYEN POLITIK RAEMRA
IX- KONKLIZYON
I- ENTWODIKSYON RAEMRA
Sivi tout mouvman politik, san l pa pèdi liy ak mak fabrik li, depan n de kapasite pou mouvman an adapte l toutan, ak reyalite sosyo ekonomik moman an.
Lide chanjman, lide devlòpman pa sifi pou chanje ni pou devlope yon peyi. Men, lide chanjman, lide devlòpman endispansab kòm motè chanjman.
Sepandan, nou pa dwe konfon n sa yo souvan rele pwogram politik ak lide chanjman yon mouvman politik.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., tankou pifò moun nan mas la ta swete peyi yo chanje, yo sitou swete jwi frui chanjman nan peyi yo. Men, ki sa peyi chanje vledi pou mas la?
Peyi chanje pa vledi aktè politik yo sèlman chanje. Peyi chanje baze sou jistis sosyal pou tout sitwayen, distribisyon richès peyi a san paspouki, patisipasyon aktif tout pèp la nan jesyon peyi a, yon peyi gran moun ki devlope rapò ak tout lòt peyi sou latè, san l pa pran dikta
nan men oken n peyi letranje. Se pa bèl diskou sou lit klas ki kapab fè peyi chanje, ni peyi chanje pa vledi bèl pwogram politik sou papye.
Pou mas la, peyi chanje vledi, li kapab jwen n ak fasilite bon dlo pou l bwè, bon dlo pou l sèvi; peyi chanje vledi, tout gran wout yo dwe asfalte, adokinen, antretni regilyèman, enpi tout wout segondè yo ta dwe toujou amenaje pou pèmèt peyizan ak komèsan transpòte machandiz yo san difikilte; peyi chanje vledi, mas la bezwen kote pou l jwen n swenyaj lajounen tankou lannuit san l pa resevwa move akèy nan men travayè sante ki manke konsyans pwofesyonèl. Enpi, anpil jefò dwe fèt pou diminye kantite maladi atrapan ki anpeche fanmiy yo konstri pwojè lavni yo. Peyi chanje vledi, yon peyi kote lajistis pa p van n tankou lo patat nan mache, yon peyi ki pa chita sou enpinite, yon peyi kote kèlkeswa moun lan dwe peye pou move zak li komèt nan sosyete a. Peyi chanje, se peyi ki chita sou valè moral ak etik, savledi peyi kote dwa pou moun viv ak diyite vini anvan dwa pou moun fè lajan. Peyi chanje vledi fòk mas la jwen n lekòl bon kalite, bon mache pou ti moun yo, pandan ansèyman an ap adapte ak reyalite kiltirèl pèp ayisyen. Peyi chanje vledi, sekirite alimantè. Kijan n ap rezoud pwoblèm grangou mas la? Peyi chanje vledi grangou pa dwe kontinye touye moun pa ban n pa pakèt. Peyi chanje vledi sekirite kont krim òganize, kote mas la kapab patisipe nan bay tèt li sekirite ak disiplin.
Enpi, poukisa pa gen elèktrisite andedan tankou andeyò vil yo? Poukisa mwayen kominikasyon ant moun se yon privilèj pou sila yo ki toujou genyen plis? Peyi chanje vledi moman an rive pou peyizan jwen n tè pou yo travay. Tè yo rele tè leta, ak tout lòt tè disponib kapab rantre nan pwogram REFÒM AGRÈ ENTEGRE (RAE) ki konstitiye chwal batay MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (MRA).
II- DEFINISYON REFÒM AGRÈ ENTEGRE (RAEMRA)
Plizyè moun panse, refòm agrè vledi tou senpman distribiye ti moso tè bay peyizan. Gen lòt moun ki kwè refòm agrè vledi, anplis ti moso tè yo separe bay peyizan, yo ta dwe van n peyizan yo angrè, semans, zouti agrikòl, ak dlo pou wouze tè yo...
Refòm agrè sila yo pa nan benefis peyizan ayisyen, yo pa nan benefis peyi dayiti. Se pou sa dayè yo pa janm pèmèt peyi a chanje nan sans enterè mas la; se pou sa peyi a ponkò kapab devlope.
REFÒM AGRÈ ENTEGRE vledi: REFÒM AGRÈ ANKADRE, ki se yon savan melanj ant: yon bò otonomi gran estrikti agro-endistri peyizan ou byen endistriyèl ayisyen sou pwòp tè l; yon lòt bò, konstitiye gran fèm agrikòl M.R.A. ak tout enfraestrikti nesesè pou ogmante enpi asire distribisyon pwodiksyon agrikòl la, nan nivo nasyonal ak ekstranasyonal. Nan REFÒM AGRÈ ENTEGRE, chanjman, devlòpman
kominote a jwen n sous prensipal li nan pwodi latè, nan pwodiksyon agro-endistriyèl ak nan elvaj.
III- RESOUS (IMEN, MATERYÈL,NATIRÈL...)
A- RESOUS IMEN
Chak fèm agrikòl gen nan tèt li yon komite jesyon ki gen ladan l:
- Peyizan k ap resevwa fòmasyon an pèmanans
- Travayè agrikòl pou egzekite tach komite jesyon an
- Ankadrè teknik ki gen fòmasyon klasik apwopriye (agronòm, teknisyen agrikòl, kontremèt, travayè sante tout nivo, monitè alfabetizasyon ak anseyan nivo preskolè, primè, segondè, teknik, espesyalis nan zafè anviwònman ou byen ekoloji...)
- Atizan ak ouvriye kalifye (chapant, mason, ebenis, elektrisyen, plonbye, tayè, koutiryè, kòdonye...)
- Atis pent
B- RESOUS MATERYÈL AK NATIRÈL
- Tè, ponp dlo ak akseswa pou irigasyon, depo, mwayen transpò, gwoup elektwojèn ak akseswa pou elektrifikasyon, ekipman kominikasyon (sibi ou byen lòt), moulen ak motè apwopriye, materyo konstriksyon, machin pou koud, zouti pou atizan ak pou travayè agrikòl ak elvè, machin pou transfòmasyon pwodi latè ak elvaj, materyèl laboratwa, zouti ak materyèl pou anseyman.
- Baraj idro-elektrik (larivyè, bouchi..) pou irigasyon ak pwodiksyon kouran bon mache. Baraj sayo, se prevansyon kont dezas natirèl tou...
- Lajan (kotizasyon manb, taks, enpo revolisyonè, don kanmarad, ekspwopriyasyon ak lòt sous).
IV- APLIKASYON RAEMRA
Chak fèm agrikòl konstitiye yon veritab sant aktivite ekonomik. Nan zalantou fèm agrikòl la, dwe gen:
- Yon sant alfabetizasyon
- Yon lekòl pou degoche ti moun piti
- Yon lekòl primè. Si gen plizyè fèm agrikòl nan distans ki pa twò lwen yon n ak lòt, dwe gen yon lekòl segondè ak teknik pou desèvi 3 a 4 fèm agrikòl vwazen
- Yon dispansè ou byen sant sante ki gen kaban n, ak mwayen pou fè reyidratasyon, fòmasyon medikal (prevansyon ak preparasyon kad medikal teknik entèmedyè)
- Yon inite pwodiksyon ak distribisyon kouran
- Yon inite distribisyon dlo potab ak dlo pou irigasyon
- Espas pou bati kay selon prensip fondalnatal ibanizasyon
- Yon inite trètman ak resiklaj fatra domestik ak agrikòl
- Amenajman pak pou elvaj (kabrit, kochon, bèf, mouton, poulaye, pwason, chwal..)
- Yon inite fòmasyon ak ankadreman otodefans agrikòl
- Laboratwa
- Inite transfòmasyon ak estokaj pwodi latè ak elvaj
- Inite amenajman ak antretyen wout
V- KRENO PWODIKSYON RAEMRA
Gen plizyè manje popilasyon an konsome toulejou, tankou manje ki fè pati gwoup alimantè sereyal ak legiminez.
Nou konstate, alimantasyon popilasyon an pa byen balanse akòz defisit an pwoteyin ak kalori. Se pou sa, prensipal kreno pwodiksyon manje nan RAEMRA a ta dwe: viv alimantè, pwa, diri, mayi, pwoteyin animal, pwoteyin vejetal, grès animal, lèt ak pwodi lakte, frui...
VI- OBJEKTIF RAEMRA
A- OBJEKTIF PRE
- Kreye solidarite pratik ant peyizan ak ti boujwazi a ki dwe repran n gou kolabore ansanm pou amelyore kondisyon lavi mas yo
- Pèmèt militan MRA jwen n espas pou yo fè pratik ak sakrifis
- Bay mas la lespwa kapab gen amelyorasyon kondisyon lavi l gras volonte
- Kreye chòk sikolojik pou montre gen inisyativ orijinal ki kapab antrepran n nan sans enterè mas yo
- Rezoud pwoblèm grangou nan inite fèm agrikòl la ak nan mitan fanmiy manb k ap kolabore dirèkteman ak inite pwodiksyon-distribisyon fèm lan.
- Asire yon rezo distribisyon nan mache lokal la pou kòmanse tabli konkirans ak pwodi etranje
- Kontribiye nan fè pri manje bese gras volim pwodiksyon an (lwa òf ak demand mache a)
- Pèmèt nou jwen n zouti, enstriman materyèl pou n mennen yon batay sosyo-ekonomik ki baze sou konsèp “konsome pwodi lokal”, ki kapab konstitiye yon n nan baz ideyolojik plan anti-neyoliberal M.R.A.
B- OBJEKTIF LWEN
- Asire distribisyon nasyonal manje nan kad pou n rive nan otosifizans alimantè (antouka pou manje nou ka pwodi)
- Tabli plizyè inite agro-endistri pou transfòme, fabrike, distribiye
atravè tout peyi a pwodi latè ak bèt, yon fason pou pwodiksyon nasyonal la tounen reyalite
- Kreye posiblite ekspòte pwodi ki fabrike anplis ou byen ak finalite pou n jwen n deviz
- Pèmèt nou jwen n mwayen ekonomik pou n rive envesti nan lòt sektè lavi popilasyon an
- Tabli yon veritab kwasans ekonomik regilye ki kapab ede n modènize peyi nou
- Koperasyon entènasyonal nan echanj pwodi latè pou lòt sèvis ak lòt peyi sou baz respè lespri nasyonalis pèp ayisyen.
VII- DIFIKILTE PREVIZIB
1- Jesyon final fèm agrikòl yo, èske leta MRA a dwe pran kontwòl dirèk yo?
- Èske se komite jesyon endepandan ki dwe kontwole yo?
- Ki fòm patenarya evantyèl ki kapab genyen ant leta a ak asosyasyon peyizan nan kontwòl inite pwodiksyon- distribisyon yo?
2- Nan devlòpman aktivite ekonomik ki pral anjandre, nou pral fè fas ak afliyans anpil chomè ki pa p nesesèman vini nan kad militans, men sitou pou jwi evantyèl privilèj ki pral kreye
3- Nou pral sibi zak sabotaj ki soti swa bò kote pouvwa santral la (nan kad yon pataj pouvwa politik ), swa ki soti bò kote lènmi klas mas popilè yo, swa ki soti bò kote enperyalis yo
Nou panse, fòk M.R.A. dispoze bonjan mwayen politik pou l rive aplike pwogram RAEMRA a, enpi pou n fè fas ak sèten difikilte previzib ak enprevizib
VIII- MWAYEN POLITIK RAEMRA
Pou M.R.A. rive aplike pwogram RAEMRA a, li dwe dispoze pouvwa politik pou sa. Men:
1- Kisa pouvwa politik vledi?
2- Ki kantite pouvwa politik ki nesesè pou pèmèt aplikasyon RAEMRA a
3- Selon ki metòd moun, gwoup moun kapab pran pouvwa politik?
4- Kijan M.R.A. kapab pran pouvwa politik la nan konjonkti aktyèl la?
5- Ki estrikti pouvwa politik la nan depatman nò a?
1- Kisa pouvwa politik vledi?
Pouvwa politik yon moun ou byen pou yon gwoup moun nan yon peyi,
nan yon zòn, se kapasite moun sa ou byen gwoup moun sa genyen pou l tradui nan reyalite, nan pratik, lide ou byen volonte politik moun lan, gwoup moun lan.
Men, kapab genyen divès fòm pouvwa politik. Pa egzanp, gen pouvwa politik ofisyèl, pouvwa leta, pouvwa politik paralèl, para-etatik..
Chapit sa pa gen pretansyon fè deba ni etalaj sou tout nosyon pouvwa politik an jeneral, men l gen pou objektif prensipal montre nan kad ki fòm pouvwa politik RAEMRA a kapab aplike
RAEMRA kapab aplike pou kounyè a nan kad pouvwa politik ofisyèl, kivledi yon pouvwa pifò moun nan zòn lan ou byen nan peyi a rekonèt kòm legal, ou byen kòm leta.
2- Ki kantite pouvwa politik ki nesesè pou pèmèt aplikasyon RAEMRA a?
Ideyal la, se ta va yon pouvwa politik total nasyonal ak kontwòl tout aparèy leta a. Men, yon pouvwa politik rejyonal, pa egzanp depatmantal ou byen menm awondismantal kapab pèmèt yon kòmansman aplikasyon RAEMRA a.
3- Selon ki metòd, moun, gwoup moun kapab pran pouvwa politik?
4 gran mwayen disponib pou pèmèt gwoup moun pran pouvwa politik:
a- Ak mwayen lit ame (ak tout kalite zam lagè)
b- Ak mwayen eleksyon
c- Ak mwayen alyans ou byen akò politik ant gwoup politik diferan ki gen afinite ou byen ki pa gen afinite ant yo.
d- Ak mwayen koudeta
4- Kijan M.R.A. kapab pran pouvwa politik nan konjonkti aktyèl la?
Reyalite politik nan moman an, pa pèmèt nou panse nou ta kapab pran pouvwa politik la ak sèlman mwayen lit ame. Savledi, pou M.R.A. rive pran pouvwa politik la, li dwe nesesèman panse fè alyans,akò politik, enpi patisipe nan eleksyon dirèkteman ou byen endirèkteman selon sikonstans ak nivo eleksyon yo. Sepandan, tout alyans ak akò politik, dwe fèt nan kad ranfòsman M.R.A. kòm estrikti altènativ. Enpi, patisipasyon dirèk ou byen endirèk nan eleksyon ak nan estrikti pouvwa politik la pral depan n de plizyè kondisyon pou pòstilan ou byen militan ki presanti. Pami kondisyon endispansab yo, genyen:
a- Angajman pou kotizasyon obligatwa regilye nan kès M.R.A. an fonksyon nivo reminerasyon
b- Respè liy M.R.A.
c- Rapò pèmanan sou aktivite pèsonèl ak sou estrikti politik la
Jouk rive nan lane 1980 yo, reyalite sosyo politik nasyonal nan peyi apovri yo pa t kreye oken n kondisyon ki te kapab pèmèt patisipasyon mas popilè yo nan jesyon zafè leta apati eleksyon. Se pou sa militan politik ki gen pretansyon revolisyonè te toujou opte pou vwa lit ame kòm sèl mwayen pou akapare pouvwa politik la nan benefis mas yo.
Alèkile, menm si vwa eleksyon toujou rete sou kontwòl klas dominant ak enperyalis yo, gen mwayen ekonomize lavi imèn nan itilize espas ki kreye nan pwosesis elektoral pou pran pouvwa politik menm pasyèl. Se lide sa ki oblije plizyè mouvman revolisyonè nan kontinan ameriken, afriken, oseyanik ak azyatik la, negosye kontwòl teritwa lakay yo ak pouvwa santral la, menm si pouvwa santral la reyaksyonè. Dayè, li ekri nan estati M.R.A., pou n pran pouvwa, nou dwe batay sou tout fòm, sou tout fwon.
Eleman konsekan mas popilè yo dwe toujou rete vijilan pou evite lumpen n pwoletè ak demagòg patisipe, onon mas popilè yo, nan pataj pouvwa politik la ak klas dominant la. Enpi, si mouvman politik konsekan aksepte oryante yon pati nan resous yo nan pwosesis elektoral, eksplikasyon yo dwe klè pou evite konfizyon nan mitan mas la. Eleksyon p ap janm kapab sèl solisyon pou veritab chanjman opere anfavè mas la.
5- Estrikti pouvwa politik nan depatman nò peyi dayiti
Nan leta modèn yo, lè yo di leta, savledi pouvwa politik ki gen 3 branch (3 pouvwa) :
a- Pouvwa lejislatif ki gen ladan l: depite, senatè pou konstitiye yon palman. Wòl pouvwa lejislatif la, se fè bonjan lwa anfavè amelyorasyon kondisyon lavi moun.
b- Pouvwa egzekitif ki gen ladan l: prezidan peyi a, premye minis ak minis yo, direktè jeneral yo, direksyon depatmantal yo, kolektivite teritoryal yo (majistra, kasèk, asèk, delege vil). Wòl pouvwa egzekitif la, se asire aplikasyon lwa, enpi kontribiye efektivman nan amelyorasyon kondisyon lavi moun
c- Pouvwa jidisyè ki gen ladan l: jij tout kalte, lapolis. Wòl pouvwa jidisyè a, se verifye si lwa yo aplike, enpi pwopoze sanksyon pou moun, gwoup moun ki pa respekte lalwa.
Teyorikman, 3 pouvwa sa yo konstitiye leta santral la. Nan kad yon desantralizasyon, pouvwa politik la tabli nan chak depatman, selon prèske menm modèl santral la, kote chak branch pouvwa santral la reprezante nan chak depatman ak plizyè biwo administratif, pou pèmèt fonksyònman pouvwa politik la.
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN M.R.A. parèt pi byen enplante nan depatman nò peyi a; se pou sa nou panse, militan M.R.A. kapab gen
pretansyon kontwole pouvwa politik depatman nò a ak objektif nan tan ki pa twò lwen pou n gen kontwòl pouvwa politik santral la.
Pouvwa politik nan depatman nò a vledi: ki moun k ap nan ki pòs
pou fè ki travay pou pèmèt reyalizasyon RAEMRA a.
Atansyon: Pwopozisyon ki fèt nan dokiman sila se objè diskisyon pami militan M.R.A.
d- Pòs pouvwa lejislatif nan depatman nò: 3 senatè, 8 depite.
Nou pa dwe janm bliye enfliyans pouvwa lejislatif depatmantal yo nan oryantasyon eleman pouvwa egzekitif lokal yo.
e- Pòs pouvwa egzekitif nan depatman nò:
Fonksyònman pouvwa egzekitif la nan depatman nò a depan n de plizyè biwo administrasyon piblik, tankou: 1 delegasyon, 7 vis delegasyon, imigrasyon, Ispan, kominikasyon, pòst, teleko, EDH, kontribisyon, dwa n, APN, depatman sanitè nò, lopital jistinyen, biwo espò, direksyon edikasyon jenès ak espò, SNEP, TPTC, ODN, biwo rejyonal ministè agrikilti, biwo komès, biwo plan, biwo ofisye eta sivil, zafè sosyal, jwèt daza, ayewopò, touris, BNC, BNRH, meri yo, kasèk, asèk, delege vil, direksyon depatmantal polis, OAVCT, OFATMA, ONA...
Nan tantativ pou gen kontwòl pouvwa egzekitif depatman nò a, M.R.A. dwe nesesèman gen kontwòl plizyè meri ak kolektivite teritoryal sitou nan awondisman kap-ayisyen ak lòt kote tankou twoudinò, pou enpòtans jeyografik estratejik zòn sa yo reprezante pou aplikasyon RAEMRA a. Ansuit, M.R.A. dwe gen kontwòl teleko, imigrasyon, ayewopò, dwa n, APN, kontribisyon, biwo komès, biwo rejyonal ministè agrikilti, direksyon depatmantal polis la. Enpi, tout patisipasyon M.R.A. nan pwosesis elektoral nesesite kontwòl aparèy elektoral la (BED, BEK, BIV..). Anplis, M.R.A. dwe chèche gen kontwòl ou byen bon relasyon zanmitay ak reprezantasyon diplomatik peyi dayiti ak peyi dominikani, peyi kiba, ak kèk lòt peyi nan karayib la.
Tout alyans ou byen akò ak lòt gwoup politik, dwe kenbe kont dokiman sila nan kad kontwòl pouvwa egzekitif la.
f- Pòs pouvwa jidisyè a:
Pouvwa jidisyè a souvan depan n de pouvwa egzekitif la. Men, sa pa anpeche M.R.A. konvwate kontwòl aparèy jidisyè a pasyèlman ou byen endirèkteman. Paske, konbyen fwa militan, gwoup militan gen pwoblèm ak reprezantan ou byen restavèk klas dominant la, ak reprezantan ou byen domestik peyi letranje, kote se demach ak lajan ki fè aparèy lajistis la bouje nan yon sans ou byen nan yon lòt.
Selon nivo alyans ou byen akò M.R.A. reyalize ak lòt gwoup politik, sa kapab detèmine si militan M.R.A. kapab patisipe nan pouvwa politik santral la ak menm objektif ki defini nan estati M.R.A. Diskisyon dwe tabli pou konnen ki avantaj ou byen enkonvenyan pou militan M.R.A.
ta patisipe san alyans ou byen akò ak lòt gwoup politik, nan yon kèlkonk batay politik swa elektoral ou byen lòt. San alyans ou byen akò politik, ak lòt gwoup politik, nan kontèks elektoral, diskisyon dwe tabli sou nivo militan M.R.A. ki kapab patisipe, swa endepandan ou byen anba banyè anblèm M.R.A., enpi ki militan ki pa dwe patisipe. Antouka, li dwe klè pou tout militan M.R.A., nan tout konjonkti politik, sitou elektoral, M.R.A. dwe gen pozisyon klè, reyalis, adapte ak liy M.R.A.
IX- KONKLIZYON
REFÒM AGRÈ ENTEGRE MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (RAEMRA), se yon repons konkrè fas ak plan neyoliberal enpòte a ki gen 4 gran aks:
1- Zòn franch
2- Franchiz dwanyè anfavè etranje
3- Privatizasyon antrepriz leta
4- Ajisteman estriktirèl anfavè kout ponyadè enstitisyon finansye entènasyonal yo, ki toujou enpoze gouvènman restavèk peyi apovri yo, politik osterite ki anfonse popilasyon yo nan plis lanmizè.
RAEMRA prezante pèspèktiv okipasyon tè leta ak lòt tè disponib, pou kreye anplwa, kreye antrepriz, ogmante pwodiksyon nasyonal ak objektif entèwonp depandans nou vizavi enperyalis la. Konsa, nou kapab anvizaje nosyon globalizasyon an tankou peyi gran moun. Savledi, nou pa dwe kontante n kritike sèlman plan neyoliberal, plan lanmò a. RAEMRA, se yon volè pratik nan plan anti-neyoliberal la.
Si RAEMRA sanble prezante yon apwòch plis rejyonal, se sitou akòz polarizasyon fòs ideyolojik M.R.A. nan depatman nò. Men, aplikasyon an kapab pwogresivman nasyonal.
RAEMRA, se baz ekonomik pou n pran total pouvwa politik nasyonal la. RAEMRA, se pa pwogram politik M.R.A., se pito chwal batay ki kapab pèmèt direksyon M.R.A. konstri pwogram politik M.R.A. a. RAEMRA, se yon etap nan batay pou chanjman, pou akonpanye mas yo nan sitiyasyon difisil ak konfizyon yo twouve yo jodya. RAEMRA, se yon zouti ki kapab pèmèt militan M.R.A rive konstri yon veritab altènativ politik anfavè mas popilè yo.
Akonpanye mas yo pa dwe sèlman ak bèl pawòl, bèl pwomès, bèl entansyon. Akonpanye mas yo, se sitou aksyon.
Veritab militan M.R.A. detèmine aji, paske se sou aksyon mas la kapab jije se pa demagoji n ap fè tankou lezòt yo nou pa jan m sispan n kritike k ap pran woulib toutan sou do lòt ki dakò pran risk aji. Silayo ki fò nan pale anpil, kritike lòt, ekri bèl papye, moman an rive pou yo
retire mask nan figi yo pou mas la sispan n pran kout ba.
Aji kanmarad; patisipe kanmarad, poze aksyon moun ka wè, pa kontinye sere dèyè ansyen konsèp klandestinite ki demode enpi ki kapab fè n tounen trafikan lanmizè, trafikan sedo revolisyonè. Kanmarad, poze aksyon ki gen rapò ak sa w ap di, pou mas la repran n konfyans. Enpi, an n apran n pwoteje kanmarad ki gen volonte kontribiye, ki kapab komèt erè, men ki merite ankadreman. Pa detri kanmarad nou moralman, paske chak kanmarad gen limit li. AN N KONTE SOU PWÒP FÒS NOU
Konte sou pwòp fòs nou vledi, tout militan M.R.A. dwe toujou pare pou pwopoze solisyon politik pou n pa twouve n nan sitiyasyon swa pou n
remòke lòt gwoup politik ou byen blije aksepte sitiyasyon politik ki pa danse kole ak lide nou. Nou dwe prepare n pou n vin veritab aktè politik, olye n fè tèt nou pase pou espesyalis nan kritike sèlman...
Nou mande tout militan M.R.A. disemine atravè tout repiblik peyi dayiti ak nan peyi letranje pou yo pote konkou pa yo (lide, materyèl, pwopagan n, tout fòm sakrifis) pou pèmèt nou konstri yon pòch rezistans popilè anti enperyalis, anti reyaksyonè, nan omwen depatman nò, ki pral sèvi baz natirèl pou n konkeri pouvwa politik la nan tout peyi a ak petèt menm posiblite patisipe nan enfliyanse politik rejyon karayib la an solidarite ak lòt pèp karayibeyen ki deja pran douvan.
Objektif batay mas popilè yo dwe gen lòt oryantasyon parapò estrateji ki te egziste denpi anvan lane 1986 yo, kote fòs popilè yo te plis envesti kouraj yo pou kapote gouvènman ki pa satisfè revandikasyon yo. Nou dwe sispan n taktik batay sèlman pou n kapote gouvènman, pandan n ap favorize lòt gwoup raketè pran pouvwa pou aplike politik reyaksyonè.
Objektif fondalnatal mas popilè yo kounyè a, se batay pou pran pouvwa. Mas popilè yo toujou gen posiblite pran total kontwòl pouvwa politik la nan peyi dayiti, si n rive mete kanpe yon veritab inyon ou byen fwon tout fòs politik pwogresis ayisyen yo ki sensèman anti reyaksyonè, enpi ki dakò konbat tout enstriman politik peyi sousèt yo itilize pou yo kontinye tabli dominasyon yo nan peyi apovri yo. Poukisa fòs antichanjman yo jwen n mwayen chita ansanm pou yo dechèpiye peyi dayiti , enpi nou menm militan politik pwogresis, nou derefize konpran n nesesite pou n ini fòs nou otou yon pwojè politik anti reyaksyonè ak tout estrateji ki adapte ak reyalite sosyo ekonomik nasyonal moman an?
Malgre divèjans k ap travèse divès kouran lide pwogresis ayisyen yo nan peyi dayiti ak nan kominote ayisyen ki chouke nan peyi letranje, nou panse gen mwayen pou eleman konsekan mas yo, ki regwoupe nan mouvman sosyo politik pwogresis diferan, jwen n yon antant
politik pou n bare wout lenmi mas yo ki pa sispan n envante resèt pou kontinye mare sosis ak peyi letranje, ak klas dominant yo sou do mas pèp ayisyen an.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., dispoze pote patisipasyon yo nan konstri yon veritab FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN (F.P.N.A.), ki se inyon tout reyèl fòs pwogresis ayisyen yo. Paske:...
Viktwa final, se pou pèp òganize ki pa jan m sispan n batay...
REFÒM MOUVMAN
AGRÈ REVOLISYONÈ
ENTEGRE AYISYEN
RAEMRA
Premye parisyon: Novanm 2002
Dezyèm parisyon korije: Jen 2003
|