MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
ESTRATEJI GLOBAL AK LIY JENERAL
_____________________________________________________________
Òganizasyon popilè, selon definisyon yo, se espas kote moun tout tandans gen dwa defan n revandikasyon ak enterè yo. Savledi, ideyoloji k ap travèse prèske tout militan òganizasyon popilè, se ideyoloji flotan ki pa nesesèman chita sou konviksyon. Sa pral lakòz nenpòt pati politik kapab itilize kèk òganizasyon popilè kòm baz rekritman yo. Lojik batay òganizasyon popilè yo kreye sitiyasyon kote denpi kèk militan jwen n satisfaksyon enterè pèsonèl yo, satisfaksyon kominotè a vin manke enterè pou yo.
Prensipal erè kèk dirijan òganizasyon popilè, se lè yo kwè travay ideyoloji politik kont pou fè yon militan vin gen konviksyon. Fason panse sa dwe chanje. Fòmasyon militan yo dwe baze sitou sou aspè sosyal yo kote militan an ranmase konesans ki kapab pèmèt li vin itil sosyete a, pandan travay ideyolojik la ap marye ak aktivite, ak reyalite sosyal yo. Sa pèmèt tou, militan an ki sibi fòmasyon ap vin mwen depandan parapò dirijan ki te bay li fòmasyon an.
Nosyon òganizasyon popilè a vin fè anpil moun pè. Lapèrèz enfiltrasyon lenmi, lapèrèz opòtinis... Gen anpil moun ki ta renmen reflechi ou byen aji nan sans enterè mas popilè yo, men espas òganizasyon popilè yo fè yo pè, akòz imaj aktyèl pifò òganizasyon sayo ofri. Menm moun sa yo pè patisipe nan estrikti revolisyonè klandesten, paske swa yo pa gen matirite politik pou sa, swa paske yo pa gen posiblite rive osi lwen batay la mande sa. Se pou sa, nou menm militan ki gen pretansyon revolisyonè, nou dwe pran devan. Olye n kontinye kreye òganizasyon popilè ki ka tounen baz enfòmèl pati politik tradisyonèl, olye n wè sèlman nesesite destriksyon òganizasyon popilè raketè yo san n pa pwopoze lòt fòmil ranplasman, lòt modèl estrikti, nou pwopoze ankadreman estriki popilè yo sou lobedyans yon gran mouvman politik espesyal.
Nou pa kapab fòme nouvèl òganizasyon popilè apati ansyen estrikti, ansyen metòd yo, ni apati ansyen aktè yo ki fin van n. Tout nouvèl òganizasyon politik ki gen karaktè popilè dwe kreye nan kad yon mouvman politik espesyal ki pral pèmèt plizyè avantaj estratejik tankou:
1- Konsèvasyon kapasite mobilizasyon mas popilè yo
2- Itilize tout espas legal batay politik la, dekwa pou lenmi mas popilè yo pa izole nou, ni majinalize nou, ni fè nou pase pou teroris, ekstremis ou byen anachis.
3- Preparasyon kad, ak egzèsis dirèk pouvwa a ak aprantisaj jesyon tach sou teren.
4- Pèmèt patisipasyon ekonomik manb ak senpatizan yo, sa ki pral fè yo santi yo plis enplike nan mouvman an.
5- Pèmèt nou rezoud pasyèlman flòtman ideyolojik militan yo.
6- Kouvèti legal pou dirijan tankou pou tout lòt militan yo ki fè pati mouvman an.
Puiske lenmi yo tankou mas popilè yo deja idantifye tout militan ki rete konsekan, puiske lenmi yo tankou popilasyon an deja konnen lide tout militan konsekan yo, enben li vin difisil, menm enposib pou nou mennen yon batay totalman klandesten. Estrateji global la oblije nou mennen batay politik la sou tout fwon, sou tout fòm ! Se pou sa nou pwopoze kreyasyon yon mouvman politik espesyal sou direksyon eleman konsekan mas popilè yo. Nou tout dwe patisipe. Bèl kritik, bèl pawòl, bèl entansyon pa ase pou liberasyon pèp ayisyen. Aksyon endispansab.
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) gen volonte reyini tout militan ki prèt pou mennen batay anti enperyalis la jouk nan bout li. Nan sans sa, militan konsyan yo dwe fè fòmasyon san pran souf, enpi yo dwe trennen mas yo ak militan ki ponkò konsyan yo nan batay kont enperyalis la, kont senbòl li, ak tout sa ki sèvi enstriman pou enperyalis la. MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN se pa yon òganizasyon popilè, ni yon pati politik tradisyonèl. MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN se yon mouvman politik espesyal ki adopte ideyal demokrasi popilè pou:
1- Tabli, enpi gen kontwòl pouvwa politik la ki dwe oryante nan sans satisfaksyon revandikasyon mas popilè yo. Sa pral pèmèt asirans ekilib sosyal, politik, ekonomik nan peyi dayiti.
2- Konstri, nan respè prensip inivèsèl dwa moun, yon leta nasyonalis ki makònen ak defans entegrite teritwa peyi dayiti ansanm ak prezèvasyon souverènte l.
3- Mennen yon politik jeneral ki chita sou pwodiksyon nasyonal nan enterè pwodiktè ak konsomatè ayisyen.
Viktwa final, se pou pèp ki pa janm sispan n batay ....
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|