Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A

 

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN  (M.R.A.)
ESTATI
__________________________________________________

CHAPIT I: ENTWODIKSYON

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN adopte ideyal demokrasi popilè pou:

1- Tabli yon pouvwa politik ki oryante nan sans satisfaksyon revandikasyon mas popilè yo, pou asire ekilib sosyal, politik, ekonomik nan sosyete peyi dayiti.
2- Konstri yon leta nasyonalis ki chita sou prensip solidarite pou garanti lapè ak pwogrè nan diyite pou chak ayisyen.
3- Fòme yon konsyans nasyonal ki makònen ak enterè defans entegrite teritwa peyi dayiti ansanm ak prezèvasyon souverènte l.
4- Defini ak mennen yon politik ki chita tout bon sou pwodiksyon nasyonal.
5- Bati yon pwojè sosyete ki makònen ak enterè pwodiktè yo ki dwe jwi benefis travay yo.

CHAPIT II: DENOMINASYON, KARAKTERISTIK, DIRE, SYÈJ SOSYAL, ANBLÈM

Atik 1: Nan dat 22 dawou 2001, nou kreye yon espas politik ayisyen nou rele MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN  (M.R.A.)

Atik 2: M.R.A. louvri pou tout ayisyen nan peyi dayiti tankou pou tout ayisyen nan peyi letranje.

Atik 3: M.R.A.  se yon asosyasyon politik ki pa gen objektif likratif, men M.R.A.  kapab genyen byen, enpi li gen karaktè pèmanan.

Atik 4: Syèj sosyal M.R.A. tabli Pòtoprens. Reyon aksyon l etan n sou tout teritwa peyi dayiti, enpi biwo M.R.A. louvri ak pèsonèl li ak atribisyon yo selon desizyon òga n M.R.A.

Atik 5: Syèj sosyal M.R.A. kapab deplase selon kèk sikonstans, selon demand komite lokal yo ki reyini nan asanble jeneral.

Atik6: Anblèm M.R.A. se: 2 ponyèt ak pwen sere ki kase chen n. Eslogan M.R.A. se : AN N KONTE SOU FÒS NOU.  Koulè M.R.A. se vèt ak wouj.

CHAPIT III: OBJEKTIF

Atik 7: MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN  gen kòm prensipal objektif:

1- Defan n eritaj tè zansèt nou yo
2- Gen kontwòl pouvwa politik la nan peyi a
3- Travay pou fè respekte prensip inivèsèl dwa moun
4- Pwoteje, ak pwomouvwa  pwodiksyon byen ak sèvis atistik, kiltirèl, syantifik, entelektyèl, natirèl pèp ayisyen.

CHAPIT IV: MANB M.R.A.

SEKSYON  I: KATEGORI MANB

Atik 8: M.R.A. gen 2 kategori manb: manb fondatè, ak manb aderan. Senpatizan M.R.A. pa gen menm obligasyon (Dwa , Devwa) ak manb M.R.A.

Atik 9: Manb fondatè yo, se tout moun ki te patisipe nan rankont inisyativ yo nan kad elaborasyon gran liy ak estati M.R.A. Tout manb sa yo ki siyen akt konstititif M.R.A. responsab pou veye sou respè liy orijinèl M.R.A.

Atik 10: Manb aderan yo, se tout moun ki mande pou yo vin manb M.R.A., pandan yo aksepte suiv prensip estati ak regleman entèn M.R.A., enpi yo dakò patisipe nan aktivite lokal, nasyonal, entènasyonal nan non M.R.A.

Atik 11: Senpatizan M.R.A. se tout moun ki dakò ak lide ou byen aktivite M.R.A., enpi ki kontribiye dirèkteman, endirèkteman nan avansman M.R.A. san yo pa oblije respekte tout regleman entèn M.R.A. Senpatizan M.R.A. kapab patisipe kòm obsèvatè ou byen aktè nan divès aktivite lokal, nasyonal, entènasyonal M.R.A.

SEKSYON II: KONDISYON POU YON MOUN VIN MANB M.R.A.

Atik 12: M.R.A. se reprezantan lejitim manb li yo. Tout moun ki vle vin manb M.R.A. dwe adrese yon demand nan komite lokal zòn li rete a. Komite lokal la ap analize demand sa anvan l voye l ak tout enfòmasyon nesesè yo bay direksyon nasyonal la pou apwobasyon.

Atik 13: Pou yon moun vin manb M.R.A. fòk li:
a- Ranpli yon fich enskripsyon direksyon nasyonal la prepare ou byen l adrese yon demand espesyal nan komite lokal zòn li rete a.
b- Se ayisyen natif natal, ou byen l gen san ayisyen nan ven n li
c- Pat jan m sibi oken n kondanasyon pou krim kont dwa moun.
d- Pa t komèt zak imoral sosyete a kondane.
e- Aksepte suiv prensip estati, regleman entèn ak konsiy M.R.A.
f- Bay 2 foto idantite ak frè enskripsyon
g- Jwen n konsantman direksyon nasyonal la

 SEKSYON III: DWA AK DEVWA MANB M.R.A.

Atik 14: Manb M.R.A. gen:
a- Dwa ak devwa patisipe nan preparasyon ak egzekisyon kalandriye aktivite M.R.A.
b- Dwa ak devwa kontribiye selon mwayen yo nan reyalizasyon objektif M.R.A.
c- Dwa patisipe aktivman nan asanble jeneral M.R.A. yo.
d- Dwa chwazi responsab nan divès enstans M.R.A.
e- Dwa vin dirijan nan divès enstans M.R.A.
f- Dwa resevwa yon kat manb M.R.A. ki gen siyati manb la, siyati responsab komite lokal ak direksyon nasyonal M.R.A.
g- Dwa jwen n enfòmasyon ak defan n tout aksyon M.R.A.
h- Dwa benefisiye sèvis ak itilize enstalasyon M.R.A. nan respè prensip ak regleman direksyon nasyonal la tabli.
i- Dwa itilize kat manb M.R.A. nan limit respè estati ak regleman entèn M.R.A.
j- Devwa peye kotizasyon regilye yo selon prensip ak modalite ki tabli nan komite lokal yo.
k- Devwa pou konbat tout atitid ki ka mennen koripsyon ak malvèsasyon nan M.R.A.
l-  Devwa patisipe nan tout reyinyon asanble lokal ak asanble jeneral M.RA. yo
m- Devwa pou pa pibliye deliberasyon divès rankont M.R.A. san otorizasyon.
 
SEKSYON IV: SANKSYON

Atik 15: Tout konpòtman yon manb M.R.A.  ki pa danse kole ak devwa l ou byen obligasyon l, ap merite youn nan sanksyon sa yo: blam, amand, sispansyon aktivite, eksklizyon.
Atik 16: Sanksyon ki pi grav nan M.R.A. se mete yon manb deyò. Se sèl direksyon nasyonal M.R.A. ki ka pran desizyon mete yon manb M.R.A. deyò.
Atik 17: Yon manb ka deyò nan M.R.A. nan ka sa yo:
             - Si manb lan fè eksprè li pa patisipe nan oken n aktivite M.R.A.
             - Si manb lan antrepran n ou byen si l konplis moun ki antrepran n zak sabotaj kont  M.R.A.          
             - Si manb lan pa jan m peye kotizasyon l
Atik 18: Nan ka direksyon nasyonal M.R.A. okouran ou byen dekouvri yon manb gen atitid ou byen konpòtman ki fè l merite youn nan sanksyon estati a prevwa, direksyon nasyonal la ap konvoke l pou l vin bay eksplikasyon. Manb lan ap deyò si l pa repon n konvokasyon an nan delè ki fikse a.
Atik 19: Suivan sikonstans yo, direksyon nasyonal M.R.A. kapab deside chanje yon sanksyon, fè l vin plis ou byen mwen sevè.
Atik 20: Sispansyon aktivite fè yon manb pèdi dwa ak privilèj li kòm manb pandan dire sispansyon an. Men pandan dire sispansyon an manb lan dwe ranpli obligasyon l anvè M.R.A.
Atik 21: Yon manb kapab pèdi kalite l kòm manb M.R.A:
             - Si l ekri  enpi transmèt lèt demisyon l bay direksyon nasyonal M.R.A.
             - Si l renmèt kat manb li nan nenpòt komite lokal ou byen nan direksyon nasyonal M.R.A.
             - Si direksyon nasyonal M.R.A. pran desizyon mete manb lan deyò.

CHAPIT V: ENSTANS M.R.A.

Atik 22: Enstans M.R.A.:
            - Asanble jeneral
            - Direksyon nasyonal
           - Konsèy delege (Seksyon kominal, kominal, depatmantal, nasyonal)
          - Baz
          - Komite egzekitif
          - Komisyon
       
ASANBLE JENERAL

Atik 23: Asanble jeneral la reyini manb  ak senpatizan M.R.A. Se sèlman manb aderan ak manb fondatè yo ki gen dwa vote. Pou yon desizyon adòpte nan asanble jeneral, li dwe rekeyi yon majorite absoli votan prezan, kivledi 50 pousan + 1
Atik 24: Asanble jeneral la kapab òdinè ou byen ekstraòdinè. Asanble jeneral òdinè yo reyini nan kongrè M.R.A. yon fwa chak lane nan mwa dawou selon kote direksyon nasyonal la dezinye.
Atik 25: Se komite egzekitif la ki fè konvokasyon pou asanble jeneral ak mwayen anons piblik nan radyo, nan jounal, pa lentèmedyè lèt bay manb yo nan yon delè omwen 30 jou anvan sesyon an, ou byen nenpòt lòt mwayen efikas.
Si nan jou ki fikse a, pa gen kont manb prezan, sesyon an ap repòte pou yon delè ki pa depase yon mwa. Nan ka dat la te repòte, asanble a ap aji enpi deside kèlkeswa kantite manb ki prezan.
Atik 26: Asanble jeneral ekstraòdinè kapab reyini nan kad konvokasyon direksyon nasyonal M.R.A. Nan ka kote yon komite kominal ou byen 2/3 manb fondatè yo mande asanble jeneral ekstraòdinè, li dwe fèt selon pwosedi sila:
a- Motif konvokasyon an ekspedye bay komite egzekitif la. Nan ka akseptasyon, direksyon nasyonal la konvoke asanble jeneral ekstraòdinè a nan yon delè ki pa depase 15 jou.
b- Si komite egzekitif la pa dakò, l ap ekri yon lèt ak rezon dezakò yo bay kominal la ou byen bay manb fondatè yo.
c- Si malgre rezon komite egzekitif la evoke, komite kominal la ou byen 2/3 manb fondatè yo mentni pozisyon yo, komite egzekitif la dwe kominike desizyon an ak tout kòmantè yo bay tout lòt komite kominal yo. Lè sa, direksyon nasyonal la ap reyini pou l pwononse l sou opòtinite asanble jeneral ekstraòdinè a. Si gen akò pou sa, asanble a ap reyini pou pita nan yon delè 15 jou.
Atik 27: Asanble jeneral la gen fonksyon sila yo:
            - Defini politik jeneral M.R.A.
            - Fè eleksyon komite egzekitif M.R.A.
            - Vote plan aksyon ak bidjè M.R.A.
            - Vote regleman entèn M.R.A.
            - Deside sou eksklizyon ak reyentegrasyon manb M.R.A.
            - Deside sou amandman estati M.R.A.
Atik 28: Se komite egzekitif M.R.A. ki prezide asanble jeneral yo.
Atik 29: Nan yon delè yon mwa anvan asanble jeneral òdinè, tout komite kominal M.R.A. dwe transmèt lis konplè manb ak senpatizan yo bay sekretarya komite egzekitif M.R.A.

DIREKSYON NASYONAL M.R.A.

Atik 30: Òga n ki konstitiye direksyon nasyonal M.R.A. se: Konsèy nasyonal delege yo ak Komite egzekitif la
Atik 31: Direksyon nasyonal M.R.A. reyini nan sesyon òdinè omwen 2 fwa chak lane, selon kote komite egzekitif la chwazi.
Atik 32: Fonksyon direksyon nasyonal M.R.A. se:
            - Prepare enpi prezante bay asanble jeneral la yon pwogram anyèl aktivite ak bidjè M.R.A.
            - Pran pozisyon apwopo sijè aktyalite ki gen enterè nasyonal selon objektif M.R.A.
            - Etabli yon plan aksyon nan kad aplikasyon liy jeneral M.R.A. ki defini nan asanble jeneral
            - Otorize livrezon kat manb M.R.A.
            - Nome responsab divès komisyon M.R.A.

KONSÈY NASYONAL DELEGE

Atik 33: Konsèy nasyonal delege M.R.A. konstitiye ak ansanm delege ki fòme konsèy depatmantal delege yo.
Atik 34: Chak konsèy depatmantal delege reyini omwen 2 delege pou chak komin nan menm depatman an. Chak depatman peyi dayiti dwe gen yon konsèy depatmantal delege.
Atik 35: Konsèy nasyonal delege yo, ki se reyinyon tout konsèy depatmantal delege yo, gen fonksyon sila yo:       - Patisipe nan direksyon nasyonal M.R.A.
            - Kontwole travay komite egzekitif M.R.A.
            - Enfòme baz kominal M.R.A. sou oryantasyon ak aktivite direksyon nasyonal M.R.A.
            - Transmèt enpi asire suivi pwopozisyon baz kominal yo.
            - Konvoke komite egzekitif la si l nesesè.
Atik 36: Manb konsèy depatmantal ak konsèy nasyonal delege yo gen  manda yon lane, enpi delege yo reyelijib. Se baz kominal M.R.A. ki chwazi delege kominal, delege depatmantal selon regleman entèn baz kominal yo.
Atik 37: Konsèy depatmantal yo, konsèy nasyonal delege yo reyini nan sesyon òdinè omwen yon fwa chak trimès, selon dat, lè ak kote yo chwazi. Yo kapab chwazi syèj M.R.A. Apre chak reyinyon, konsèy depatmantal yo ak konsèy nasyonal delege yo dwe renmèt yon kopi pwosevèbal rankont la bay komite egzekitif M.R.A.
Atik 38: Si yon delege pa aktif pandan yon peryòd 3 mwa, li pèdi wòl manb direksyon nasyonal ou byen depatmantal, enpi komite kominal la ap ranplase l ak yon lòt manb.

KONSÈY DELEGE SEKSYON KOMINAL, KOMINAL

Atik 39: Konsèy delege seksyon kominal ak kominal, se gwoupman militan M.R.A. nan chak seksyon kominal ak nan chak komin peyi dayiti. Kantite militan pou chak baz kominal pa gen limit.
Atik 40: Wòl konsèy delege seksyon kominal, kominal  se:
            - Chwazi yon komite kominal ki gen estrikti sila: yon seksyon sekretarya, yon seksyon administrasyon, yon seksyon òganizasyon ak fòmasyon. Chak seksyon sila yo gen 2 reprezantan chak seksyon kominal.
            - Chwazi delege pou reprezante nan konsèy depatmantal, ak nan konsèy nasyonal delege. Men delege sa yo dwe gen kalite dinamism, angajman ak patisipasyon.
            - Patisipe pa lentèmedyè delege yo nan elaborasyon politik global M.R.A.
            - Egzekite politik M.R.A.
            - Etan n enfliyans M.R.A. nan tout seksyon kominal peyi dayiti.
            - Planifye ak direksyon nasyonal M.R.A. tout pwojè aktivite baz kominal la, seksyon kominal ak komin lan.
            - Òganize aktivite ak piblikasyon kominal, depatmantal
            - Jere enterè ak byen M.R.A. nan lokalite a ou byen nan rejyon an.
            -Vote bidjè anyèl seksyon kominal, komin lan
            - Kreye ou byen apiye tout aktivite ki ka kontribiye nan avansman reyalizasyon objektif M.R.A.
            - Pwopoze kandida pou pòs nan komite egzekitif M.R.A. Kandida ki pwopoze yo pa nesesèman manb baz kominal ki fè pwopozisyon an.
            - Ankadre enpi kontribiye nan kreyasyon lòt baz M.R.A.

BAZ M.R.A

Atik 41: Yon baz M.R.A., se yon inite ki reyini omwen 11 militan M.R.A. ki gen rapò, pa lentèmedyè yon n ou byen plizyè delege, ak konsèy delege seksyon kominal, kominal, depatmantal M.R.A.

KOMITE EGZEKITIF M.R.A.

Atik 42: Komite egzekitif M.R.A. konstitiye ak:

           - Yon seksyon sekretarya nasyonal
           - Yon seksyon administrasyon
           - Yon seksyon relasyon nasyonal ak entènasyonal
           - Yon seksyon  òganizasyon ak fòmasyon
 Chak seksyon gen yon responsab ak 2 asistan ki resevwa manda nan asanble jeneral pou yon peryòd 2 lane. Yo reyelijib 2 fwa konsekitif.
Atik 43: Si gen vakans pòs nan komite egzekitif la pandan plis pase 3 mwa, direksyon nasyonal M.R.A. ap chwazi yon n ou byen plizyè manb konsèy nasyonal delege yo pou kenbe rive jis nan pwochèn asanble jeneral la. Men, si gen  plis pase 5 pòs vakan yon sèl kou, komite egzekitif la kadik, enpi asanble jeneral ekstraòdinè ap konvoke pou eleksyon yon lòt komite egzekitif.
Atik 44: Pou yon manb M.R.A. gen dwa rantre nan komite egzekitif M.R.A. fòk li:          
           - Ranpli kondisyon pou l manb aderan ou byen manb fondatè
           - Aktif, enpi li t ap milite pandan omwen yon lane nan yon baz M.R.A.
           - Pa t janm chanje nasyonalite l ni pa gen lòt nasyonalite etranje
           - Gen yon pwofesyon
           -Pa dwe manb oken n lòt pati politik
           - Gen matirite politik ki prouve nan priz pozisyon l ak aksyon l anfavè mas popilè yo.
Atik 45: Kandida pou pòs nan komite egzekitif M.R.A. kapab deklare tèt yo lib e libè, ou byen yon baz M.R.A. kapab dezinye l devan asanble jeneral la.
Atik 46: Wòl komite egzekitif la se:
            - Egzekite desizyon asanble jeneral ak desizyon direksyon nasyonal M.R.A.
            - Fè deklarasyon piblik nan non ak liy M.R.A.
            - Reprezante M.R.A. devan tout enstitisyon ak patikilye nan tout domèn
            - Kreye pòs endispansab pou pèmèt pwojè M.R.A. reyalize
            - Tabli kontra selon enterè M.R.A. ak lòt enstitisyon, enpi soumèt kontra sa yo devan konsèy nasyonal delege yo.
            - Ranpli lòt fonksyon asanble jeneral ak direksyon nasyonal la prevwa.
            - Sipèvize tout aktivite M.R.A.
            - Nome responsab komisyon M.R.A.
Atik 47: Wòl seksyon sekretarya a, se:
            - Redije pwosevèbal rankont komite egzekitif, direksyon nasyonal ak asanble jeneral
            - Òganize parisyon reglilye jounal M.R.A. ak lòt piblikasyon nesesè
            - Asire lyezon ant manb komite egzekitif la ak tout baz M.R.A.
            - Kenbe kòrèk achiv M.R.A. enpi okipe zafè korespondans yo
            - Siyen ansanm ak seksyon administrasyon an tout dokiman finansye, tout dokiman jesyon
Atik 48: Wòl seksyon administrasyon an se:
            - Administre fon ak byen M.R.A. selon plan asanble jeneral la
            - Prepare bidjè M.R.A.
            - Kenbe ajou kaye kontablite M.R.A.
            - Fè tout sa ki posib nan respè liy M.R.A. pou tout manb peye frè enskripsyon ak kotizasyon yo
            - Fè envantè dri sou byen M.R.A.
            - Kominike bay asanble jeneral ak direksyon nasyonal la eta finansye M.R.A.
            - Siyen ansanm ak seksyon sekretarya a tout dokiman finansye ak jesyon M.R.A.
Atik 49: Wòl seksyon relasyon nasyonal ak relasyon entènasyonal la, se:
            - Asire lyezon ant manb M.R.A. ak lòt enstitisyon nasyonal ak entènasyonal
            - Fè pwopozisyon echanj ant manb M.R.A. ak lòt enstitisyon
            - Antrepran n demach pou sere lyen M.R.A. ak lòt òganizasyon politik,  asosyasyon nasyonal ak entènasyonal ki gen menm vizyon sosyete ak M.R.A.
            - Pòtpawòl M.R.A. nan nivo nasyonal ak entènasyonal
Atik 50: Wòl seksyon òganizasyon ak fòmasyon M.R.A. se:
            - Veye sou bon fonksyònman tout komite ak baz M.R.A.
            - Prepare rankont asanble jeneral, direksyon nasyonal ak tout lòt rankont M.R.A. (seminè, konferans...)
            - Prepare kat manb M.R.A.
            - Òganize deplasman delegasyon M.R.A. enpi òganize resepsyon envite M.R.A.
            - Konstitiye yon fichye pou tout manb  ak senpatizan M.R.A.
            - Devlope echanj ant tout baz kominal ak tout komite kominal M.R.A.
            - Kontribiye nan fòmasyon komisyon espesyalize ki reyini pwofesyonèl menm disiplin, nan benefis M.R.A.
            - Tabli kontak ak enstitisyon nasyonal ak entènasyonal pou pèmèt manb M.R.A. pran fòmasyon
            - Konsevwa pwogram fòmasyon selon bezwen manb M.R.A. eksprime
            - Kreye gwoup jenès M.R.A. ki responsab ankadre jèn ak ti moun ki ponkò gen laj pou yo egzèse wòl ak kapasite yo kòm manb aderan
Atik 51: Komite egzekitif la dwe reyini nan sesyon òdinè nan syèj M.R.A. omwen 2 fwa chak mwa, selon jou ak lè l chwazi.
Atik 52: Eleksyon komite egzekitif la fèt nan asanble jeneral.

KOMISYON

Atik 53: Komite egzekitif M.R.A. dwe nonmen plizyè responsab komisyon. Chak responsab komisyon sa yo gen wòl konstitiye ekip travay nan kad liy aktivite M.R.A. Se moun ki ranpli kondisyon pou yo manb fondatè ou byen manb aderan ki kapab fè pati komisyon yo. Chak responsab komisyon dwe renmèt bay direksyon nasyonal la yon kalandriye aktivite previzyonèl ak yon rapò aktivite chak 3  mwa apati dat li pran fonksyon. Komisyon sa yo, se:
- Komisyon dwa moun ak disiplin pou jere konfli ant manb M.R.A., pou asire defans manb M.R.A. ki gen difikilte, pou pwopoze sanksyon manb ki pa respekte estati, prensip ak regleman entèn M.R.A.
- Komisyon resous natirèl ki responsab rechèch enfòmasyon, ankadreman nan domèn agrikilti, elvaj, forè, sousòl, min, atizana, pèch.
- Komisyon sante ki responsab prevansyon, medsin tradisyonèl, pwogram swen kiratif, epidemyoloji ak planifikasyon familyal
- Komisyon edikasyon ak kilti ki responsab fè pwopozisyon ak ankadreman nan domèn alfabetizasyon, ansèyman an jeneral, lwazi, enfòmasyon ak espò
- Komisyon planifikasyon nasyonal pou pwopozisyon ak ankadreman nan amenajman teritwa peyi dayiti
- Komisyon zafè sosyal pou fè pwopozisyon ak tantativ rezoud konfli ant travayè M.R.A. ak anplwayè yo, fè pwopozisyon asistans sosyal pou defavorize tankou vyeya gran moun, andikape ak lòt ankò
- Komisyon kominikasyon k ap fè rechèch ak pwopozisyon sou tout fòm kominikasyon nasyonal
- Komisyon ekonomik ak finans  ki gen 2 branch: branch ekonomik lan ap fè rechèch enpi ap pwodui refleksyon sou liy ak oryantasyon ekonomik, sosyal M.R.A. ki ale nan sans enterè peyi dayiti; branch finans lan ap idantifye sektè aktivite ekonomik ki pi rantab pou envestisman M.R.A., fè pwopozisyon pou meyè jesyon resous finansye ak byen materyèl M.RA., fè rechèch pou jwen n sous finansman M.R.A.
- Komisyon fòmasyon nan domèn syans sosyal pou fè rechèch sou reyalite peyi dayiti, enpi bay manb M.R.A. yo zouti teyorik nesesè pou asire travay transfòmasyon sosyete a ak eleman pou travay mobilizasyon an
- Komisyon rechèch syantifik pou repètorye envansyon ayisyen, pou fè pwopozisyon sou posiblite rekonvèsyon pwodi nasyonal yo.
- Komisyon elektoral ki la pou defini, egzekite pwosesis elektoral tout enstans M.R.A.
- Komisyon politik ak pwopagan n ki gen fonksyon:
                                                                              =Pòtpawòl nan non M.R.A. pou fè konnen liy politik, liy ideyolojik M.R.A. nan peyi dayiti tankou nan peyi letranje
                                                                              =Patisipe ak lòt komisyon nan enplantasyon biwo ak baz M.R.A. nan peyi dayiti tankou nan peyi letranje
                                                                              = Patisipe ak lòt komisyon nan kanpay mobilizasyon M.R.A.
- Komisyon òganizasyon pou enplante biwo ak baz M.R.A. nan peyi dayiti tankou nan peyi letranje, pou fè rekritman endividi, òganizasyon, gwoup ki dakò ak liy politik, liy ideyolojik, objektif, aktivite M.R.A.

CHAPIT VI: BYEN M.R.A.

Atik 54: Byen M.R.A. se:
                                    - Frè enskripsyon manb yo
                                    - Byen mèb, imèb
                                    - Kotizasyon regilyè manb M.R.A.
                                    - Kontribisyon òdinè ak ekstraòdinè manb ak senpatizan M.R.A.
                                    - Revni apati divès aktivite direksyon nasyonal la apwouve
Atik 55: Valè ak modalite kotizasyon manb M.R.A. detèmine nan regleman entèn M.R.A.

CHAPIT VII: DISPOZISYON JENERAL

Atik 56: Nan ka disolisyon M.R.A., tout byen M.R.A. destine pou kòporasyon, asosyasyon ki pa gen objektif likratif, enpi ki te toujou mentni bon rapò ak M.R.A.

CHAPIT VIII: DISPOZISYON TRANZITWA

Atik 57: Nan premye kongrè nasyonal M.R.A., nan dat 22 dawou 2001, asanble jeneral M.R.A. dezinye yon direksyon nasyonal pwovizwa ki gen misyon kòmanse aplike dispozisyon estati a, enpi prepare eleksyon pou yon lòt direksyon nasyonal selon sa estati a prevwa.   

 

 

 

Moso listwa Dayiti