MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
DEKLARASYON GALMAN DIPLA
Katyemoren, jedi 22 dawou 2002
Kanmarad, zanmi MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, chapo ba !
22 dawou 1791, nan respè angajman avangad lit anti esklavajis yo te pran nan seremoni Bwa Kayiman an, mas esklav yo nan divès plantasyon koloni sendomeng, te ranfòse gwo leve kanpe yo t ap rapousib pou chavire dominasyon kolon yo. Yon gran rèv te anime yo: bati yon sosyete, bati yon peyi lib, endepandan. San pran souf, zansèt esklav yo mennen gwo lagè kont estrikti kolonyal yo ak tout lame kolon yo te mete kanpe.
12 lane apre seremoni Bwa Kayiman an, esklav batayè yo rive toufe sistèm lan pou l pa janm reviv sou bout tè sendomeng lan ki pral rebatize AYITI. Kòken n chen n viktwa sa nan mwa novanm 1803, ki favorize pou premye fwa, reyalizasyon rèv libète, egalite, endepandans nan mitan pèp nwa kolon blan te fè tounen zonbi, chanje rapò dominasyon ak eksplwatasyon kolon yo nan lemondantye.
Zanmi kanmarad, patriyòt tout sektè, batay fyète, diyite ak lonè zansèt nou yo te mennen an pa kapab ni pa dwe kaba. Se nan sousi pou vanse sou chimen lide ak prensip revolisyonè Makandal, Boukman n, Desalin, Kristòf, Kapwa, mas esklav konbatif yo an jeneral t ap defan n lan, divès batayè popilè kreye nan dat 22 dawou 2001 espas politik “ MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A).” Menm jan tankou zansèt esklav yo te kase chen n lesklavaj kolon blan franse nan plantasyon sendomeng, MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. gen pou misyon depi nan fondasyon l kraze nouvo fòm eksplwatasyon kapitalis sou do mas pòv yo ki pran kouvèti neyoliberalis, globalizasyon.
Nan lemondantye, konplo pou depafini ak klas travayè, peyizan malere yo, mare mas popilè yo byen mare. Politisyen koutye ak boujwazi lokal yo ap jwe wòl yo pou sèvi kòz patwon entènasyonal yo. Nan peyi dayiti, jwèt reyaksyonè yo ap byen jwe, lòt modèl kolonizasyon ap aplike.
Gouvènman Aristid Lavalas yo ap mache anba dikta peyi sousèt ak enstitisyon finansye entènasyonal ponyadè yo. Se sa k fè klas dominant aloufa yo kwaze le uit sou lestomak chèch mas popilè yo.
2001-2002, yon lane kriz lavalas-konvèjans antretni pou sabote tout estrikti sosyal, politik, ekonomik peyi a, yon mannyè pou yo jistifye entèvansyon gwo peyi sousèt yo nan rekolonizasyon sosyete peyi dayiti. Tout demach Aristid Lavalas, se mare peyi a pi rèd nan pye tab boujwazi nasyonal ak entènasyonal la. Aristid Lavalas siyen kontra pou van n yon pati nan teritwa peyi dayiti. Li klè, Aristid Lavalas ap senyen ven n peyi a pou tabli kondisyon ki pi solid pou boujwa andedan kou deyò eksplwate mas pèp ayisyen an, ouvriye, peyizan yo an patikilye atravè zòn franch ki se yon pwazon neyoliberal pou peyi apovri.
Gwasimal ak Pitobè, se prèv klè gouvènman Aristid Lavalas la se gouvènman yon leta tchoul k ap aji anba yon rejim lokipasyon tankou lane 1915 ki pwoteje klas dominant yo pou souse dènye ti gout san mas pèp la. Pou fè patwon boujwa yo plezi, gouvènman lawont lavalas pije nan prizon plizyè ouvriye peyizan ki t ap reklame pi bon kondisyon travay ak ogmantasyon ti tchotcho y ap touche nan izin blan franse yo tabli Gwasimal nan senrafayèl sou plis pase 360 kawo tè leta ayisyen. Sou gouvènman lavalas, blan franse ap taye banda, yo gen plis dwa nan peyi dayiti pase ouvriye peyizan ki se eritye lejitim zansèt nou yo. Nan Gwasimal, pouvwa lavalas la kalifye teworis malere ouvriye peyizan. Sepandan, nan gonayiv kote chimè lavalas boule biwo ladwan n, biwo meri, tribinal, kraze prizon pou libere kriminèl, Aristid Lavalas pa rele chimè teworis, li pito vire lang li pou di se enfiltrasyon, li voye sak lajan pou negosyasyon.
Pouvwa lavalas la, konplis raketè finansye ki vòlè lajan sitwayen nan koperativ malonèt, kontinye ap vanse sou wout pou mete baboukèt sou dwa lapawòl ak menm nan lespri pèp ayisyen.
Nan okazyon gran rasanbleman militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN nan dat 22 dawou 2002 nan depatman NÒ peyi dayiti, nou pwofite denonse pwojè lawont lavalas genyen pou inivèsite a. Inivèsite, se laboratwa lide pou yon pèp. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN panse, otonomi inivèsite leta ayisyen parapò tout pouvwa politik, se yon nesesite pou anpeche fè nwa blayi nan lespri.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., kondane atitid pouvwa lavalas la ki deside pase anba pye, dwa grandèt inivèsite a ki reklame plis mwayen pou l fonksyone lib e libè.
Nou menm militan M.R.A., nou pran angajman apiye enpi patisipe nan tout aktivite ki kapab fè pouvwa anplas la fè bak douvan pwojè l genyen pou chouke reprezantan l nan tèt inivèsite a.
Diktati sanginè Divalye nan lane 1961, diktati kriminèl Sedras-Bisent nan lane 1992, pa p tounen nan inivèsite a ak Aristid konze lavalas.
Patriyòt, militan konsekan, kanmarad konbatif, se twòp atò. Lavalas sou wout pou van n menm lonè ak diyite nou, pandan rat do kale konvèjans ap prepare pou vin rapousib zak malonèt yo te kòmanse nan tetelang ak marasa yo Aristid. Eske se chimè lavalas ou byen lame kanibal lavalas, yon lòt vèsyon lame tonton makout la nou vle ki vin fin touye nou? Nou pa p mouri debwa kwaze. Nou dwe prepare gran leve kanpe a ansanm, tankou mas esklav yo te fè pou n rive dekolonize peyi a. Lavalas apranti makout ak tonton makout, se nouvo kolon anfas pèp ayisyen. Nou pa p bay lènmi pèp ayisyen an legen.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, detèmine pou akonpanye mas pèp ayisyen an. Se pou sa, nou raple prensipal objektif M.R.A. ki se:
1- Defan n eritaj tè zansèt nou yo
2- Gen kontwòl pouvwa politik la nan peyi a
3- Travay pou fè respekte prensip inivèsèl dwa moun
4- Pwoteje, ak pwomouvwa pwodiksyon byen ak sèvis nan tout domèn, nan benefis pèp ayisyen
Viktwa final, se pou pèp ki pa jan m sispan n batay......
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A.
|