MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
Okap - Ayisyen, 22 dawou 2003
POZISYON POLITIK M.R.A.
Denpi plis pase 511 lane, òganizasyon politik, militan konsekan, ap batay kont dominasyon pisans kolonyalis yo. Zansèt nou yo te fè anpil sakrifis pou yo te rive derasinen fòs reyaksyonè ki anpeche moun viv selon prensip respè ak dwa yo genyen. Jounen jodi a, nan lane 2003, nan ki kalfou nou trouve n?.
Peyi dayiti tounen poubèl pou sitire fatra gwo peyi sousèt letranje yo; lanmizè pa sispann pete fyèl malere, malerèz; abi, enjistis ap fè chimen l, pandan gwo zouzoun kriminèl ap taye banda; plan neyoliberal, plan lanmò a, ap aplike gras menm trèt yo ki te konn kritike plan blan yo; toujou genyen kolon andedan peyi a, kit se blan je vèt, kit se ayisyen tchoul blan; yo fabrike yon chapo swadizan demokrasi mete nan tèt nou, pou fè n kwè nou se yon pèp endepandan, pandanstan nou pa kapab fè reyinyon san kè sote; vant nou nan men peyi letranje; move souvni lokipasyon alevini kontinye ap toumante nou; dirijan malpouwont ayisyen toujou genyen yon kwiy lacharit y ap lonje bay enstitisyon finansye entènasyonal pou fè pèp ayisyen peye dèt gwo lajan li pa janm jwi; anpil pitit malere disparèt pou opinyon politik yo, gen lòt ki mouri nan batey dominiken ak konplisite dirijan ayisyen.
Nan okazyon gran rasanbleman MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), jodi 22 dawou 2003 a, nou pran popilasyon an kòm temwen sou demisyon pouvwa konze lavalas la.
Nan dat 15 desanm 2002, militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN te òganize yon rasanbleman pou pote kaye revandikasyon popilasyon an. Nou te mande pou kòd lajistis pase nan kou tout asasen lavalas ki komèt krim sosyal, krim politik. Nou te reklame pou viktim yo jwenn jistis vizavi asasen Jan Rabèl, riyèl vayan, legliz sen jan bosko, pyat, koudeta 29-30 sektanm 1991, Antwa n Izmeri, Gi Malari, Jan Mari Vensan, Pè ti Jan, Jan Dominik ak Janklod Lwisen, masak kafou fèy, Brinyòl Lendò, ti Kenòl nan Mapou, Fransilyen Egzilyen ak Ifarès Gerye nan gwasimal senrafayèl, ak tout lòt viktim teroris leta lavalas la. Men, nou konstate, olye nou jwenn jistis, se plis enjistis ak abi pouvwa lavalas la senbolize, kote Jan Bètran Aristid ap tete lang ak asasen, enpi anpil lòd pou komèt zak sasinay, soti nan palè nasyonal. Nou konstate, pouvwa konze lavalas la masakre malere malerèz nan chada, yo touye Evens Lisyen nan karenaj, enpi lapèrèz simen nan tout katye popilè, kote disparisyon, egzekisyon san jijman ap fèt nan enpinite.
Militan M.R.A. te pwopoze pou leta ayisyen reprann kontwòl antrepriz piblik, tankou siman dayiti, minotri, Aristid -Preval ansanm ak dirijan O.P.L yo te likide bay blan ak gwo zouzoun. Si peyi a reprann kontwòl antrepriz sa yo ak bonjan jesyon san koripsyon, pri siman, sik, farin ak tout lòt pwodi premyè nesesite te kapab bese.
Nou pwopoze aplikasyon yon veritab pwogram REFÒM AGRÈ ENTEGRE, enpi pou pouvwa konze lavalas la anile kontra lawont sou zòn franch Jan Bètran Aristid siyen an kachèt ak peyi letranje. Nou konstate, olye yo fè bak, gwo potanta lavalas yo ap fonse tèt bese nan monte pri gaz, monte pri tout machandiz nan konplisite ak boujwazi revandè a; sa lakòz, lavichè vin pi chè, enpi yo kontinye ap renmèt bay peyi letranje ak grandon tout tè peyi dayiti. Plis peyizan tonbe nan grangou ak lanmizè.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), te mande pou leta konstri enpi kontwole pri lekòl prive tankou piblik. Nou konstate dirijan lavalas ap fè kòken nan rezilta egzamen ofisyèl yo, enpi malere malerèz pa kapab peye lekòl; leta lavalas pa gen sousi fòmasyon teknik ni fòmasyon inivèsitè etidyan ayisyen. Sa pral lakòz vin gen plis analfabèt nan peyi nou.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN pa janm sispann reklame pou leta konstri dispansè byen ekipe ak materyèl, renmèd, travayè sante ki gen konsyans pwofesyonèl. Nou konstate, maladi atrapan ap fè plis ravaj nan mitan popilasyon an, enpi pri swen ak sèvis sante monte lajan malere p ap janm ka jwenn. Sa lakòz chalatan blan tankou chalatan nèg ap panpannen nan peyi a, enpi ti moun tankou gran moun ap mouri san sekou.
Militan M.R.A. pa janm sispann reklame pou atizan, kòdonye, tayè, fèblantye, ti komèsan jwenn ankadreman nan men leta. Olye yo jwenn ankadreman, nou tande konplo fèt pou mache boule, nou remake pwodi etranje kontinye ap anvayi mache lokal la san kontwòl.
Leta lavalas la mare sosis ak konpayi raketè pou fè moun kwè y ap pase 5 lane pou yo reyalize yon kilomèt wout ki fèt ak lapousyè. Popilasyon an, sitou nan katye popilè yo ak andeyò gran vil yo kontinye pa jwenn dlo potab, ni kouran.
Refijye ayisyen tankou tout lòt ayisyen ki deside travèse nan peyi letranje kontinye ap sibi move trètman ak imilyasyon. Pa gen leta responsab, ni dirijan ayisyen ki respekte dwa moun, ni ki dispoze restore fyète pèp ayisyen an.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., kontinye reklame pou leta legalize tout tè ki deja nan men mas pèp la, enpi tout sitwayen ki deja bati kay yo sou tè leta, ak tout peyizan k ap travay tè yo rekipere, dwe jwenn papye tè yo nan men leta a.
Malerèzman, pouvwa konze lavalas la, monte konplo ak grandon ayisyen ak grandon etranje, pou tòde ponyèt ti peyizan, kraze rekòt malere peyizan.
Enpi, ki sektè nan popilasyon an ki prèt pou kontre kòn yo tout bon vre ak pouvwa reyaksyonè lavalas la, pou revandikasyon mas yo jwenn satisfaksyon?.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. mande tout popilasyon an pou l veyatif. Anganman, woulibè, tout move bèt volay ki pa vle wè pèp ap
2
pentire zèl yo an pèp. Malveyan sa yo bay tèt yo tout kalite non.
Tanto w tande se konvèjans demagojik sè marasa lavalas; tanto w tande 184 karava n dezespwa, sosyete sèvil, ou byen tout lòt kalite non opozisyon reyaksyonè a, k ap boujonnen nan chak depatman peyi a, ki yo tout sou zòd peyi letranje, yo tout ap resevwa gwo lajan swa nan men Aristid, swa nan men konplotè ayisyen ak etranje ki gen gwo lajan.
Anfas konplo nasyonal ak entènasyonal sa a, militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. mande popilasyon an pou l pa dekouraje. Nou pwopoze pou tout moun ki sanble, rasanble. Si lenmi mas yo rive rasanble ak anpil brui malgre yo pa anpil, nou menm tou, ann rasanble: òganizasyon popilè, òganizasyon katye, asosyasyon peyizan, mouvman ak pati politik pwogresis, ann rasanble; asosyasyon sosyo-pwofesyonèl, òganizasyon dwa moun, sendika ouvriye, anplwaye, gwoup kiltirèl, etidyan, elèv lekòl, ann rasanble; patriyòt tout relijyon, jèn tankou gran moun, ann rasanble nan yon gran mouvman pwotestasyon, yon gran mouvman lespwa pou n sove peyi dayiti.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN M.R.A. panse, si nou rive rasanble nan kan pwogresis, nan kan popilè a, nan yon gran FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN, nou kapab rive kapote pouvwa konze lavalas la, pandan n ap anpeche yon lòt pouvwa reyaksyonè vin chouke pou aplike plan peyi letranje.
Militan M.RA. p ap janm sispann kritike, enpi kontinye gonfle fòs yo anfas lavalas ak tout lòt sektè reyaksyonè woulibè, bèt plizyè tèt. Fòk pwojè mas popilè yo rive aplike.
Pèp ayisyen, pouvwa konze lavalas la pa gen ni kapasite, ni volonte pou satisfè revandikasyon nou. Pouvwa lavalas la plonje peyi a nan plis mizè, ensekirite, kòripsyon, analfabetism ak dezespwa. Moman an rive pou n reklame dechoukay Aristid ak tout pouvwa lavalas la, pandan n ap kontinye konstri yon altènativ politik popilè ki se FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN an, ki reyini tout òganizasyon pwogresis ayisyen andedan peyi dayiti tankou nan peyi letranje.
Kan pwogresis, kan popilè a kapab ranpòte laviktwa, paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize ki pa janm sispann batay..
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|