Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A

 

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN  (M.R.A.)
____________________________________________________________

                                                                                         Ayiti, premye me 2003

DEKLARASYON MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN:  OKAZYON PREMYE ME

Premye me, se pa sèlman jou sila ki ta dwe rezève pou ouvriye ak peyizan pale de travay ak agrikilti, nan yon peyi yo di se peyi agrikòl. Nan peyi dayiti, si pifò moun pa mouri ak grangou, se gras manje pèpè k ap simen maladi.
Se pa dirijan restavèk yo, tankou lavalas kòwonpi, konvèjans demagojik ak tout rès lopozisyon reyaksyonè a, ki pa janm sispan n repete pawòl tafya pwodiksyon nasyonal, ki pral pèmèt peyizan viv miyò gras pwodi latè.

Nan okazyon premye me 2003, militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), mande tout peyizan pou yo pa janm sispan n batay pou n tabli yon veritab REFÒM AGRÈ ENTEGRE. Enpi, ki sa REFÒM AGRÈ ENTEGRE vledi?
Plizyè moun kwè refòm agrè vledi tou senpman, distribiye ti moso tè bay peyizan. Gen lòt moun ki kwè, refòm agrè vledi, anplis ti moso tè yo separe bay peyizan, yo ta dwe van n peyizan yo angrè, semans, zouti agrikòl, ak dlo pou wouze tè yo...

Refòm agrè sila yo pa nan benefis peyizan ayisyen, yo pa nan benefis peyi dayiti. Se pou sa dayè, yo pa janm pèmèt peyi a chanje nan sans enterè mas la; se pou sa peyi a toujou konsidere tankou yon peyi pòv ki depan n de peyi letranje.

REFÒM AGRÈ ENTEGRE vledi: yon bò, otonomi gran estrikti agwo-endistri peyizan ou byen endistriyèl ayisyen sou pwòp tè yo; yon lòt bò, konstitiye gran fèm agrikòl ak tout enfraestrikti nesesè pou ogmante enpi asire distribisyon pwodiksyon agrikòl la, nan nivo nasyonal ak entènasyonal. Nan REFÒM AGRÈ ENTEGRE, chanjman, devlòpman kominote a jwen n sous prensipal li nan pwodi latè, nan pwodiksyon manje, nan pwodiksyon agwo-endistriyèl ak elvaj.

Enpi, poukisa nou dwe batay pou n reyalize yon veritab REFÒM AGRÈ ENTEGRE? Enben, se pou  peyi dayiti, peyi nou, chanje.

Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN M.R.A., tankou pifò moun nan mitan mas la ta swete peyi yo chanje, yo sitou swete jwi frui chanjman nan peyi yo. Men, ki sa peyi chanje vledi pou nou menm mas la?.

Peyi chanje pa vledi aktè politik yo sèlman chanje. Peyi chanje baze sou jistis sosyal pou tout sitwayen, distribisyon richès peyi a san paspouki, patisipasyon aktif tout pèp la nan jesyon peyi a, yon peyi gran moun ki devlope rapò ak tout lòt peyi sou latè, san l pa pran dikta nan men oken n peyi letranje. Se pa bèl diskou sou lit klas ki kapab fè peyi chanje, ni peyi chanje pa vledi bèl pwogram politik sou papye. Pou mas la, peyi chanje vledi, li kapab jwen n ak fasilite, bon dlo pou l bwè, bon dlo pou l sèvi; peyi chanje vledi,  tout gran wout yo dwe asfalte ou byen adokinen, enpi tout lòt wout yo ta dwe amenaje pou pèmèt peyizan ak komèsan transpòte machandiz yo san difikilte; peyi chanje vledi, mas la bezwen kote pou l jwen n swenyaj lajounen tankou lannuit, san l pa resevwa move akèy nan men travayè sante ki manke konsyans pwofesyonèl. Enpi, anpil jefò dwe fèt pou diminye kantite maladi atrapan ki anpeche fanmiy yo konstri pwojè lavni yo. Peyi chanje vledi, yon peyi kote lajistis pa p van n tankou lo patat nan mache, yon peyi ki pa chita sou enpinite, yon peyi kote kèlkeswa moun lan dwe peye pou move zak li komèt nan sosyete a. Peyi chanje, se peyi ki chita sou valè moral ak etik, savledi peyi kote dwa pou moun viv ak diyite vini anvan dwa pou moun fè lajan. Peyi chanje vledi fòk pitit peyizan, pitit malere malerèz jwen n lekòl bon kalite, bon mache, pandan ansèyman an ap adapte ak reyalite kiltirèl pèp ayisyen. Peyi chanje vledi, sekirite alimantè. Kijan n ap rezoud pwoblèm grangou mas la? Peyi chanje vledi, grangou pa dwe kontinye touye moun pa ban n ak pakèt. Peyi chanje vledi, sekirite kont krim òganize, kote mas la kapab patisipe nan bay tèt li pwotejman ak disiplin.

Enpi, poukisa pa gen elèktrisite andedan tankou andeyò vil yo? Poukisa mwayen kominikasyon ant moun se yon privilèj pou sila yo ki toujou genyen plis? Peyi chanje vledi, moman an rive pou peyizan jwen n tè pou yo travay ak bonjan ankadreman, pou pwodiksyon nasyonal tounen reyalite. Se pou sa, nou menm militan M.R.A., nou di REFÒM AGRÈ ENTEGRE, se chwal batay MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN.

Si REFÒM AGRÈ ENTEGRE kapab pèmèt peyi nou chanje nan benefis chak gren n ayisyen, enben nou pa p janm aksepte pou oken n pouvwa reyaksyonè van n tè peyi dayiti bay etranje. Se pou sa militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), pa p janm sispan n lanse modòd sila:

Aristid lavalas mete anba gòjèt ti peyizan nan nòdès yon kouto file 2 bò yo rele zòn franch. Nòdès, se menm peyi dayiti a, pou tout ayisyen. Eske yon sitwayen, menm si yo ta rele l Aristid, gen dwa van n peyi a bay dominiken ou byen bay blan meriken? Ki sa zòn franch vledi? Zòn franch, se yon pati nan teritwa peyi a, gouvènman restavèk deside renmèt bay etranje pou yo fè sa yo vle. Nan zòn franch, lwa peyi dayiti pa ka aplike. Se nan zòn franch gen plis ensekirite, abi ak enjistis sosyal pou ouvriye ak peyizan ayisyen. Se nan zòn franch tout kalite move machandiz, tankou dwòg, rantre nan peyi a. Se nan zòn franch pifò richès peyi a pase pou ale nan peyi letranje. Se apati zòn franch, tout move mès, move konpòtman ak konplo soti nan peyi letranje pou yo rantre nan peyi dayiti. Zòn franch, se kontra pou transfere chomè etranje sou teritwa peyi a. Zòn franch nan tè ki ka pwodi manje, se konplo kont pwodiksyon nasyonal, pou fòse pèp ayisyen mouri ak grangou, ak pwazon, paske vant nou nan men blan. Zòn franch, se pa devlòpman, se chen n leksplwatasyon nan peyi pòv. Ki pousantaj Aristid resevwa nan men blan yo, ki fè l dakò siyen kontra lawont sa, san l pa mande popilasyon an si li menm li dakò? Aristid, madanm li ak pitit li gen viza ak paspò meriken. Yo pa bezwen peyi dayiti. Pwojè politik fanmi konze lavalas ak konvèjans demagojik, se likide antrepriz leta ak peyi a, nan aplikasyon plan neyoliberal.

Peyizan nan nòdès, peyizan nan bwadlans limonad, peyizan nan 4 kwen peyi dayiti, ouvriye, chomè ayisyen, patriyòt, militan konsekan, eske n ap kite konplo lavalas-konvèjans ak enperyalis yo pase?

MODÒD MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) SE:

ZÒN FRANCH: NON   !          REFÒM AGRÈ ENTEGRE :   WI

ZÒN FRANCH: NON   !          REFÒM AGRÈ ENTEGRE :   WI

 

ZÒN FRANCH: NON   !          REFÒM AGRÈ ENTEGRE :    WI
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN  (M.R.A.)

 

 

 

Moso listwa Dayiti