MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
________________________________________________________
DEKLARASYON
Ayiti, 3 dawou 2003
Militan Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) aprann ak anpil endiyasyon kouman lapolis nan depatman nò a, angaje l nan yon pratik egzekisyon somè sitwayen sou pretèks se vòlè.
Yonn nan baz lapolis la itilize pou mete moun anvan yo touye yo, se sou-komisarya katyemoren an.
Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) panse, fòk vòlè ak zenglendo jwenn chatiman lajistis yo merite. Pinisyon lajistis pa dwe gen paspouki, kèlkeswa vòlè a, kit li ap sikile nan lari, kit li nan enstitisyon leta, kòd jistis la dwe pase nan kou l.
Nou kondane zak abitrè sa yo ak tout fòs nou. Enpi, nou mande lajistis pou l leve eskanp figi l. Aparèy jistis la dwe pran tout dispozisyon pou l frennen koulè zak babari sa yo prese prese nan depatman nò a, nan peyi a.
Sitwayen inosan deja viktim nan chada, ak lòt kote. Militan politik ak militan dwa moun kapab viktim, nenpòt sitwayen onèt kapab viktim demen.
Militan Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.), kondane kouvrefe lapolis dekrete okap nan katye popilè yo denpi 8 tè nan aswè sou baz yo ap chase vòlè. Tout moun konnen, lajounen tankou lannuit, vòlè ak zenglendo abitye opere san difikilte; kèk fwa, operasyon zenglendo yo rive fèt ak konplisite lapolis.
Militan M.R.A. pa dakò ak pratik sachè nwa nan tèt moun, lapolis kondane pou mouri.
Nou mande popilasyon nan tout katye yo pou yo mobilize, òganize yo pou yo kwape tout vòlè, kit yo an inifòm, kit yo pa an inifòm. Popilasyon an dwe pran tout dispozisyon, andedan tankou andeyò vil, pou bloke machin represyon zero tolerans lapolis la sou tout fòm li ta kapab parèt.
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize ki pa janm sispann batay.
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|