Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A
Nòt enfòmasyon pou popilasyon an ki soti nan direksyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.)

Direksyon  nasyonal MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) ap enfòme popilasyon an, ak tout moun sa konsènen, jou mèkredi 16 me 2007 la, dirijan M.R.A akeyi nan ayewopò okap ayisyen an, yon delegasyon 14 sitwayen franse fanm ak gason ak 2 akonpanyatè ayisyen, nan kad yon vizit prive k ap dire 6 jou.

Nan okazyon vwayaj solidarite sitwayen franse yo antreprann sou envitasyon dirijan M.R.A. nan peyi dayiti ak nan depatman nò an patikilye, direksyon M.R.A. konte vizite ansanm ak zanmi franse yo, plizyè sit istorik. Nan dat samdi 19 me 2007, yon gran sware kiltirèl ap òganize nan oditoryòm Radyo Atlantik, ak yon konkou dans, konkou poezi. Pwotokòl sware kiltirèl la prezante konsa:
 
  1- Mo byenvini ak animatè sware a, k ap kòmanse a 6 zè nan aswè
  2- Prezantasyon yon manb dirijan boulanjri M.R.A.
  3-  Prezantasyon yon manb dirijan kès popilè M.R.A
  4- Prezantasyon kowòdonatè SEKSYON FÒMASYON (SEFÒM), ki se branch prevantiv nan dispansè doktè W. Polikap
  5- Prezantasyon yon manb dirijan Radyo Atlantik, ki se prensipal mwayen M.R.A. itilize pou l fòme ak enfòme popilasyon an
  6- Prezantasyon yon manb dirijan dispansè doktè Polikap, nan Katyemoren, Galman Dipla
  7- Prezantasyon yon manb dirijan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
  8- Prezantasyon vizitè franse yo, enpi yon manb ap pran lapawòl nan non delegasyon fransez la.
  9- Eksplikasyon konkou dans ak poezi kreyòl la
10- Prezantasyon twoup dans yo, ak poèt yo
11- Deklamasyon yon poezi apre chak prestasyon dans
12- Yon jiri ap delibere pou jwenn 3 premye klase nan dans ak nan poezi
13- Renmèt prim bay 3 premye klase nan dans ak nan poezi
14- Renmèt sètifika patisipasyon bay tout patisipan nan konkou a
16- Demonstrasyon diplis pou chak chanpyon yo
17- Mizik ak dans lib ki rele « Siye-Pye »
 
 Dirijan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.RA.) pran angajman devlope relasyon nasyonal, entènasyonal ak divès asosyasyon, gwoupman, òganizasyon sosyal ak politik nan objektif batay pou chanjman ak devlòpman peyi dayiti.

Nou panse, chita pale kapab antrene meyè konprann ak pi bon koperasyon ant tout pèp sou latè.
 Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay…
 MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.).

 

 

 

Moso listwa Dayiti