|
ENVÈSTITI KATÈL KASÈK MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
Mèkredi 4 avril 2007, bò 11 zè nan maten, otorite konsèy elektoral yo te deside envèsti nan fonksyon yo, katèl kasèk premye ak dezyèm seksyon komin katyemoren. Otorite aparèy lajistis nan komin katyemoren ki te prezan pou akonpanye prestasyon sèman yo, se jij Maglwa Moyiz.
Repòtè Radyo Atlantik te konstate prezans plizyè lòt fonksyonè leta, pami yo, majistra prensipal katyemoren an, Renal Mondezi, ak vis-delege a ki te pran lapawòl. Nan repòtaj Radyo Atlantik, n ap prezante tèks entèvansyon kowòdonatè katèl kasèk premye seksyon bas-plèn katyemoren an, mèt Janbatis Mewona.
Diskou sikonstans Kowòdonatè Katèl Kasèk M.RA.
Mesye manb katèl meri katyemoren, mesye jij de pè tribinal sivil katyemoren, notab, otorite lapolis, vis delege, otorite sivil ak reiijye, reprezantan minista, chè konsitwayen, li vrèman difisil pou m ta rive transmèt nou kontantman ak fyète m, pou gran opòtinite sa nou bay MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), lè nou rive chwazi yon reprezantan l, Janbatis Mewona, nan elèksyon 3 desanm 2006 yo, kòm kasèk premye seksyon katyemoren.
Anfas yon gwo angajman konsa, m panse l nesesè pou m ta di ayibobo pou moun galman dipla, kafèv, lam veritab, nan jezi, chastenwa, detrèy, ti charit, nan bouno, bwado, madlin, site gatap, makimara, lari, echenn traktè, boden, ti lari, bonedigal, bone kreyon, kafou lanmò,, deglewo,, anfen pou tout moun ki prezan nan seremoni envèstiti m jodi a. Mèsi anpil pou gwo sakrifis nou te fè pou nou te rive banm manda sa a, ki pral sèvi pou defann enterè nou tout nan kominote a.
Nan sans sa a, nan non tout katèl la, m remèsye tout baz M.R.A. ki te rantre nan batay elektoral la ak tout detèminasyon, pou pèmèt nou rive la jodia. Nou remèsye espesyalman baz M.R.A. galman, baz M.R.A. chastenwa, baz M.R.A. baryèdjoum, baz M.R.A. ti charit, baz M.R.A. nan bouno, baz M.R.A. bwado, baz M.R.A. nan fèv, baz M.R.A. nan ferè, baz M.R.A. lam veritab, baz M.R.A. site desalin, baz A.F.G., Asosyasyon Fanm Galman, baz LEKOMÈK, baz lapè nan bouk katyemoren, baz kare, baz similòv, santral M.R.A. nan galman, baz M.R.A. nan pòtoprens, baz M.R.A. leyoga n, baz M.R.A. boudèt nan latibonit, baz M.R.A. nan boston, peyi etazini, baz AMHITI, ki se Asosyasyon Militan Ayisyen nan peyi lafrans, anfen tout senpatizan ki te batay pou sa.
M panse l enpòtan pou m fè tout moun k ap vin nan komin katyemoren, sitou nan premye seksyon, konnen, prezans mwen kòm kasèk pa la pou panike pèsonn, okontrè, se pou lonje lamen, kole zepòl ak tout moun onèt, kèlkilanswa tandans li, denpi li kwè nan chanjman ak devlòpman katyemoren.
Nan kad menm vizyon sa a, m ap pwofite lanse yon apèl bay tout moun k ap mennen aktivite onèt pou yo mare makòn yo ak katèl kasèk M.R.A. a, ki se yonn nan mwayen ki kapab pèmèt nou rive reyalize gran rèv chanjman ak devlòpman MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), pa janm bouke klèwonnen nan enterè popilasyon an, menm jan ak anpil lòt moun ki kwè nan byennèt kominote a.
Nou rekonèt, premye seksyon an ap fè fas ak divès kalte pwoblèm jounen jodi a; se rezon sa ki fè nou chwazi m kòm miitan M.R.A. puiske anpil nan nou deja konnen dispozisyon dirijan M.R.A. pran pou l kontinye chèche mwayen ak solisyon fas ak difikilte seksyon bas-plèn lan. Mwen bay nou garanti, m ap fè jefò pou m toujou merite konfyans nou plase nan mwen, enpi, nan non M.R.A. ak sipò nou tout ansanm, nou p ap regret. Nou pran angajman respèkte prèskri konstitisyon an ak divès atribisyon nou genyen nan kad fonksyon nou, pou n defann enterè tout moun nan kominote a.
Pwovèb kreyòl la di:”men anpil, chay pa lou”. Nou kwè nan reyalite sa a. Enpi, nou swete ak tout kè nou, pou van chanjman soufle tout bon nan komin katyemoren, gras ak manda sa nou bay M.R.A. Men, nou konnen tou, se pa katèl M.R.A. sèlman ki pral dirije. Se nou tout,ansanm, nan galman dipla ak katyemoren, peyizan, ti komèsan, pwofesyonèl, etidyan, fanm ak gason ki òganize, tankou silayo ki pa òganize, endistriyèl, ti antreprenè, tankou gran antreprenè, otorite sivil ak relijye, lapolis, jij, notab, se nou ki dwe makònen fòs nou ansanm ak katèl M.R.A. a pou n rive bay zòn lan yon lòt imaj, yon imaj ki kapab rann ou fyè, wou menm ki moun zòn lan, wou menm ki ayisyen natif natal. Konkou tout sektè, tout pwogresis, endispansab pou konvèti rèv chanjman ak devlòpman ki chè pou tout militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A.
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay.
NÒT DIREKSYON M.R.A. POU APIYE ENVÈSTITI KATÈL M.R.A.
Direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. te pran desizyon patisipe nan elèksyon 3 desanm 2006 yo pou angaje batay chanjman ak devlòpman nan kolèktivite teritoryal komin katyemoren an. Popilasyon zòn lan te fè chwa yon katèl asèk M.R.A. ak yon katèl kasèk M.R.A. pami plizyè lòt ki te patisipe nan konkou a.
Militan M.R.A. yo di ayibobo pou diskou kowòdonatè katèl kasèk M.R.A. a, ki fè yon veritab ranmase sou sa tout militan M.R.A. santi nan okazyon envèstiti yon militan M.R.A.
Batay pou chanjman ak devlòpman yon peyi, kapab kòmanse nan yon seksyon kominal.
Yon lòt fwa ankò, direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. mande tout popilasyon an konkou ak franch kolaborasyon pou plizyè rèv seksyon galman dipla, tounen reyalite. Nou mande konkou tout otorite konstitiye, lejitim, tout sitwayen ki kwè nan pwogrè, pou yo mete men, bay konsèy, pote sijesyon ak kritik.
Nou kapab, ansanm , genyen batay devlòpman premye seksyon komin katyemoren an, paske nou tout militant M.R.A., nou konnen, viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay…
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A.
|