NÒT POU LAPRÈS! MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
LA SANTE SE LAVI
Direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) sezi konstate kòman renmèd dat pase, renmèd pwazon ak fo etikèt ap sikile lib e libè sou tout teritwa peyi dayiti, espesyalman nan depatman nò a, alòske yo di genyen ministè sante piblik ki ta sanse la pou veye sou eta sante popilasyon an.
Direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. denonse pratik « kimele m » responsab sante piblik nan peyi a, ansanm ak konplis raketè nan plizyè famasi ki dakò patisipe nan konplo pou fè malere, malerèz , ak paran moun malad abi. Dapre ankèt sektè sante anndan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, nou resanse plizyè fo renmèd sou fòm grenn, fo grenn anpisilin, amòksisilin, fo grenn ibipwofèn, ak lòt.
Nou gen enfòmasyon ki fè konnen plizyè gwo zotobre ayisyen ak etranje mete kanpe fabrik anbachal pou fè fo etikèt, fo piki pwazon. Nou genyen nan achiv MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, plizyè modèl fo piki, tankou fo piki pentazosin, fo dyazepam, diklofenak, dipiwòn, dekstametazòn, pwometazin, oksitosen ak plizyè lòt ankò.
Nou mande popilasyon an, pou l veyatif sou tout piki ki prezante ak etikèt papye ki ekri nan lang panyòl. Sitwayen yo dwe denonse tout raketè ak tout famasi k ap patisipe nan zak malonèt sa. La sante se lavi! nou panse l nesesè pou plis edikasyon, plis fòmasyon popilasyon an fèt, pou mèt kò veye kò…
Nou pwopoze pou responsab nan depatman sanitè yo nan peyi dayiti, pou yo fè jan yo konnen pou yo frennen prese prese, zak ensekirite nan domèn sante piblik la, ki mete lavi nenpòt sitwayen an danje. Depatman sante piblik yo dwe mete nan lari, plizyè ajan byen fòme, pou al mennen ankèt, fouye nan famasi yo ak tout kote reketè kapab kamoufle pou yo planifye konplo kont lavi sitwayen.
Se pa apre plizyè moun fin mouri anpwazonnen, ou byen se pa lè moun pa bann ak pa pakèt fin trape maladi lakòz vye pwodi pwazonnen, pou responsab yo ta vin plenyen, alòske rimè fè konnen gen responsab sante piblik ki konplis…
Popilasyon an dwe veye, denonse, pou nou ranpòte laviktwa sou maladi.
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè, kip a janm sispann batay…
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A.
|