|
Refleksyon sou transfòmasyon medya leta an medya sèvis piblik
Jan sa te prevwa, plizyè òganizasyon sosyal, politik ak pwofesyonèl te reponn prezan maten jedi 31 me 2007 la, nan kad konvokasyon biwo ministè lakilti ak kominikasyon ki chouke nan lakou ansyen gran prizon sivil, nan vil okap la te lanse, nan bi pou brase lide ak fè pwopozisyon nan demach ki deja antreprann pou transfòme sa responsab yo rele medya leta yo kidonk radyo nasyonal ak televizyon nasyonal peyi dayiti, pou fè yo tounen medya sèvis piblik. Rankont brase lide a, ki te dwe demare a 10 zè nan maten, te kòmanse vè 10 zè 45, kote arebò tab la te gen direktè biwo lakilti ak kominikasyon pou depatman nò a, msye Edi Liben, plizyè manb yon delegasyon ministè lakilti nan pòtoprens, ak yon reprezantan gouvènman kanadyen.
Yonn nan manb delegasyon an, ki te louvri rankont lan, te prezante yon rapò travay ministè lakilti ak A.C.D.I. (Ajans Kanadyèn pou Devlopman Entènasyonal). Apre entèvansyon Wouzvèl Pyè, reprezantan ministè lakilti a ki soti pòtoprens, direktè lakilti nan nò peyi a, Edi Liben te pran lapawòl pou l prezante tèt li, ak swete envite yo byenvini.
Nan rankont la, reprezantan ministè a te antann tabli sou 5 pwen ki te kapab pèmèt gwoup envite yo fè pwopozisyon, nan lentansyon pou rive transfòme medya leta yo an medya sèvis piblik. Men, se sèlman 3 nan 5 pwen yo ki te gentan fè objè deba. Pwen ki ta dwe debat yo, se :
1- Eleman ki dwe antre nan politik enfòmasyon, tankou : endepandans, pozisyon san paspouki, louvri pòt bay divès opinyon, nòm pwofesyonèl.
2- Eleman ki dwe gide politik pwogramasyon kiltirèl la
3- Kijan medya sèvis piblik yo kapab pote api yo nan devlòpman sèvis tankou edikasyon, sante an jeneral, edikasyon sivik
4- Kòman medya sèvis pibik yo kapab rive tann zèl yo sou tout teritwa peyi a
5- Kòman medya sèvis piblik yo kapab reponn ak bezwen mas peyizan yo.
Reprezantan divès gwoup prezan te fè pwopozisyon pou montre kijan yon demach konsa ta kapab ateri. Pami sektè ki te reponn prezan, sektè sante nan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) te fè plizyè pwopozisyon. Etan done, gen plizyè pwen ki pat gentan debat, sektè sante M.R.A. ap prezante pwopozisyon l te fè nan rankont la, ansanm ak lòt refleksyon ki pat gentan prezante.
Medya leta, ta vledi, medya osèvis dirijan ki sou pouvwa. Alòske medya sèvis piblik ta vledi, medya osèvis tout popilasyon an, osèvis tout enterè pèp ayisyen an, kèlkeswa mak fabrik gouvènman ki sou pouvwa. Nou menm, nan sektè sante M.R.A., nou panse brase lide pou mete kanpe medya sèvis piblik anfen anndan peyi a, se yon entansyon kòrèk. Men, deja genyen anpil difikilte tankou: enstabilite politik ak enstabilite ekonomik. Kivledi, gran desizyon politik ak ekonomik yo pa totalman depann de dirijan ki gen bon lentansyon transfòmasyon zouti kiltirèl yo nan peyi dayiti.
Nan kad gran rankont sa, kote sèvis piblik ki ta vledi sèvis endepandan pouvwa dirijan leta, kesyon preyalab ki ta dwe poze, se :
1- Ki mekanis dirab ki kapab pèmèt kreyasyon ak asire pèmanans yon konsèy administrasyon reprezantatif divès sektè vivan nan popilasyon an?.
2- Selon ki kritè, chwa sektè reprezantatif popilasyon an kapab fèt pou rive toujou gen kontwòl (nan enterè popilasyon an) sèvis piblik sansib sa ki rele radyo ak televizyon nasyonal, kidonk, medya sèvis piblik ayisyen an?.
Pwopozisyon Sektè Sante Mouvman Revolisyonè Ayisyen
I- POU SA KI KONSÈNEN POLITIK ENFÒMASYON SÈVIS PIBLIK LA :
Priyorite ta dwe akòde ak garanti ouvèti bay tout pwendvi ki gen rapò ak kesyon enterè piblik. Priyorite tou, pou deba kalite ak aktè sosyal ki maton nan domèn yo.
Kesyon endepandans ak enfòmasyon san paspouki nan medya sèvis piblik yo ta an reyalite yon blòf, puiske zouti sila ap toujou gen yon liy ki travèse l, enpi moun ki anndan medya sa yo ap toujou gen pozisyon pa yo.
II- POU POLITIK PWOGRAMASYON KILTIRÈL LA PRIYORITE YO, SE :
1- Enpoze lang kreyòl la kòm sèl mwayen echanj kiltirèl nan medya sèvis piblik la.
2- Ogmantasyon echanj kiltirèl ak peyi amerik latin lan sitou.
3- Fè fòmasyon atistik nan radyo, televizyon, nan kolaborasyon ak ENARTS (Lekòl Nasyonal pou Atis,).
4- Pwomosyon kilti nasyonal la obligatwa nan lekòl, nan lye lwazi, nan legliz, ak lòt lye gran rasanbleman.
5- Òganizasyon konkou nan domèn atistik pou ti moun ak jèn, ak posiblite bous etid nan peyi latino-meriken.
III- MEDYA SÈVIS PIBLIK KAPAB APIYE DEVLÒPMAN SÈVIS EDIKASYON JENERAL, SANTE PIBLIK AK EDIKASYON SIVIK
- Senp emisyon nan radyo ak televizyon pa sifizan.
- Dwe gen fòmasyon fòmatè resikle, kidonk yon seksyon fòmasyon (SEFÒM) nan domèn konsène yo. Wòl fòmatè sayo se tabli kontak dirèk nan mitan popilasyon, an pèmanans, pou sèvi relè, ak pou pèmèt evalyasyon parapòt ak envèstisman ki fèt, pou atenn objèktif yo ki te fikse.
Ansanm fòmatè SEFÒM sa yo ta dwe prensipal veyikil ou byen motè chanjman pou transfòme denpi nan baz, nan mitan popilasyon an, nosyon nesesite medya sèvis piblik.
IV- PREZANS MEDYA SÈVIS PIBLIK SOU TOUT TERITWA
NASYONAL LA
- Nou pwopoze yon lòt modèl prezans ki pa menm jan tankou modèl korespondan jounalis k ap chwazi enfòmasyon selon sektè pisan ki gen mwayen achte lwa bouch yo.
- Modèl fòmatè pèmanan ki toujou an kontak ak fraksyon nan popilasyon lokalite a, sou baz fòmasyon, ap pèmèt transmèt enpi rekeyi enfòmasyon ak fòmasyon san pran souf.
- Mwayen kominikasyon endispansab
V- REPONS MEDYA SÈVIS PIBLIK FAS AK BEZWEN MAS PEYIZAN:
- Idantifikasyon prensipal bezwen peyizan, selon zòn yo.
- Mete kanpe rezo enfòmasyon efikas pou pwoteje peyizan kont apeti lezòt k ap anvayi tè leta pou fè zòn franch, legliz, ak lòt fo konpayi-ekran.
- Ankouraje kreyasyon asosyasyon peyizan, enpi bay yo lapawòl san baboukèt selèktif. Enpi, sèvi relè aksyon peyizan ap mennen pou yo òganize yo vizavi vòlè k ap dechèpiye bèt ak rekòt yo.
- Medya sèvis piblik la pa ta dwe janm bliye, prensipal bezwen mas peyizan yo, se: tè pou yo fè jaden, pou yo fè kay pou yo rete ak pitit yo, se dlo pou yo sèvi, se dispansè nan zòn tou pre yo, se lekòl bon kalite, bon mache ak pwofesè kalifye, resikle, ki gen konsyans pwofesyonèl, se garanti wout pou yo transpòte machandiz yo nan bon pri, se sekirite bèt yo…
Medya sèvis piblik p ap gen mwayen reponn dirèkteman ak bezwen mas peyizan yo, men medya yo kapab sèvi bonjan koulwa pou fè pwomosyon pou revandikasyon mas peyizan yo.
POU N FINI
Antouka, nou di ayibobo pou inisyativ ministè lakilti ak kominikasyon an, ki montre l konprann, zafè kilti ak kominikasyon, se pa zafè èspesyalis, ak moun ki maton nan domèn lan sèlman. Demach konsiltasyon divès sektè nan sosyete a kòrèk. Nou swete refleksyon ki fèt yo, kabab pote modès kontribisyon yo, nan mete kanpe yon chenn medya piblik vrèman ayisyen, vrèman nasyonal, malgre difikilte nou tout konnen ki poze.
Si pat gen volonte politik, nou panse, inisyativ la pa t ap pran menm. Nou pwofite prezante senpati nou bay inisyatè yo sitou nan direksyon depatmantal nò a, ki pa janm menaje detèminasyon yo pou patrimwa n kiltirèl ak istorik peyi dayiti a rete vivan.
Bonjan sèvis piblik, se yon gran rèv, ki kapab tounen reyalite…….
|