MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
_____________________________________________________________
KAYE REVANDIKASYON M.R.A.
1- Trennen lajistis tout asasen lavalas tankou konvèjans ak tout rès lopozisyon reyaksyonè a ki komèt krim sosyal, krim politik ak krim ekonomik
2- Respè dwa grandèt peyi a, paske nan batay pou pouvwa, lavalas, konvèjans ak rès lopozisyon reyaksyonè a ap trennen peyi a sou wout lokipasyon ak peyi letranje.
3- Lapwòptay dwe fèt anndan fòs polis la pou l vin osèvis mas pèp la tout bon vre
4- Netwayaj dwe fèt anndan aparèy jistis la, pou lajistis sispan n van n
5- Konbat koripsyon nan biwo leta yo. Enpi, prensipal kritè rekritman moun nan biwo leta, se onètete ak konpetans
6- Leta dwe bay popilasyon an sekirite kont zak zenglendo, vòlè, ak tout krim
òganize. Enpi pase kòd nan kou tout ansyen jandam ak polisye ki mele nan zak zenglendo
7- Nou mande kondanasyon asasen kriminèl Jan Rabèl, Riyèl Vayan, legliz senjan Bòsko, Pyat, Koudeta 29-30 sektanm 1991, Gi Malari, Jan Mari Vensan, Pè Ti Jan, Jan Dominik ak Janklod Lwisen, Kafou fèy, Brinyòl Lendò, ti Kenòl nan Mapou, Fransilyen Egzilyen ak Ifarès Gerye nan Gwasimal Senrafayèl, Erik Pyè ak tout lòt viktim teworis leta
8- Leta dwe repran n kontwòl tout antrepriz piblik gouvènman lavalas te likide ak blan, ak boujwa pou pèmèt pri siman, sik, farin ak tout lòt pwodi premyè nesesite bese
9- Elimine akò sou zòn franch ki kapab lage ti peyizan pòv nan plis grangou ak mizè
10- Leta dwe bese enpi kontwole pri pwodi premyè nesesite ak materyo konstriksyon tankou: siman, fè, materyèl pvc...
11- Retabli izin k ap pwodi sik nan peyi a, tankou: Wèch, Asko, Santral Desalin
12- Leta dwe ankadre peyizan atravè tout peyi a pou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt tout bon vre
13- Leta dwe konstri lekòl enpi bese ak kontwole pri lekòl piblik tankou prive. Lekòl teknik ak inivèsite otonòm dwe chouke nan tout peyi a
14- Leta dwe konstri kay kòrèk pou malere malerèz sispan n dòmi nan move kondisyon
15- Leta dwe konstri dispansè, sant sante, lopital nan katye popilè, ak andeyò vil yo. Pri renmèd, swen ak sèvis sante dwe bese, enpi travayè sante dwe respekte kantite tan ki fikse pou yo travay nan sant sante ak lopital
16- Nou reklame ogmantasyon ak ajisteman salè minimòm ouvriye yo
17- Atizan, kòdonye, tayè, fèblantye, tankou ti komèsan ak atis dwe jwen n ankadreman nan men leta
18- Leta dwe konstri gran wout pou veyikil sikile san pwoblèm, ak lòt wout pou peyizan ak komèsan transpòte machandiz yo
19- Popilasyon an dwe jwen n bon dlo tiyo lajounen tankou lannuit, andedan tankou andeyò vil
20- Kouran dwe blayi nan vil, nan tout katye popilè ak andeyò vil
21- Leta dwe garanti dwa pou moun eksprime opinyon yo nan reyinyon, rasanbleman, manifestasyon. Medya ak jounalis dwe kapab fonksyone lib e libè san
baboukèt
22- Refijye ayisyen, tankou tout lòt ayisyen ki deside travèse nan peyi letranje dwe sispan n resevwa imilyasyon ak move trèman
23- Peyizan nan latibonit ak nan tout peyi a dwe jwen n angrè gratis san demach ni kòripsyon, enpi ODVA(ÒGANIS DEVLÒPMAN VALE LATIBONIT) dwe pran tout dispozisyon pou kiraj kanal yo nan vale latibonit fèt regillyèman kòmsadwa
24- Leta dwe renmèt sosyetè koperativ viktim yo tout lajan yo, enpi kòd lajistis dwe pase nan kou tout responsab ak konplis responsab koperativ malonèt yo.
25- Leta dwe legalize tout tè ki deja nan men mas pèp la, enpi tout malere malerèz ki deja bati ti kay yo sou tè leta, ak ti peyizan k ap travay tè yo rekipere dwe resevwa papye tè yo nan men leta prese prese
VIKTWA FINAL, SE POU PÈP ÒGANIZE KI PA JANM SISPAN N BATAY...
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|