Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A

 

PWOJÈ SANTE MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
(PS-MRA)
________________________________________________________

    I- Pou n kòmanse
   II- Atikilasyon sektè òganizasyon swen, sèvis ak inite swen sante
  III- Resous (imèn, materyèl)
 IV- Prevansyon kont katastwòf natirèl
  V- Objektif PS-MRA
 VI- Mwayen aplikasyon PS-MRA)
VII- Pou n fini

 

PWOJÈ REFÒM SISTÈM SWEN AK SÈVIS SANTE

I- Pou n kòmanse
Sistèm swen ak sèvis sante pa sispann degrade nan peyi dayiti, enpi, moun ki pa gen mwayen peye swen ak sèvis sante ap viktim chak jou pi plis, konmsi se sèlman moun ak paran moun ki gen lajan ki gen dwa jwenn bonjan swen.
Prensipal rezon degradasyon ou byen mal fonksyònman sistèm swen ak sèvis sante nan peyi dayiti, se paske nan peyi nou, dirijan yo pa suiv okenn pwogram sante piblik, ou byen dirijan yo bay volè swen kiratif plis enpòtans pase prevansyon medikal. Dayè, pifò nan bidjè ki rezève pou depans nan zafè sante, oryante nan swen kiratif, atravè tout peyi a. Atitid sa yo trennen anpil konsekans, tankou:

- Chalatan blan ak chalatan nèg pouse tankou djondjon
- Travayè sante meprize malad ak paran malad malere
- Etranje itilize pèp ayisyen tankou kobay pou yo eseye pwodi yo di se medikaman ou byen vaksen
- Disparisyon pwogresiv ti sant sante nan benefis gwo sant swen nan gran vil
- Malad malere vin pèdi konfyans nan travayè sante
- Epidemi eklate pi souvan nan peyi a
- Rajenisman egzajere popilasyon an
- Pousantaj endikatè sante yo, tankou: to mòbidite, to mòtalite, to fekondite, to natalite..., ogmante nan pwopòsyon enkyetan.
- Swen ak sèvis sante vin pi chè atravè tout peyi a
- Kalite swen ak sèvis sante vin pi mal

II- Atikilasyon sektè òganizasyon swen, sèvis ak inite swen sante
Nou pa kapab rete konstate ni sibi konsekans demisyon dirijan yo, ki renmèt desizyon sante piblik peyi dayiti nan men peyi letranje dirèkteman ou byen endirèkteman.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), pwopoze pou nan leta nouvo nou vle konstri a, zafè rezoud pwoblèm sante popilasyon an jwe wòl enpòtan.
Sektè òganizasyon swen ak sèvis sante andedan peyi a,  ta dwe gen 3 volè: 
1- Epidemyoloji
2- Swen sante, kivledi: prevansyon medikal ak swen kiratif
3- Evalyasyon

Pati ki konsènen prevansyon medikal la, dwe predominan.
3 sektè sayo kapab entegre nan yon estrikti fonksyonèl ki genyen 3 kalite Inite Swen:

1- TI INITE SWEN (TIS);
2- MWAYÈN INITE SWEN (MIS);
3- GRAN INITE SWEN (GIS).
Wòl chak inite swen sayo (TIS, MIS, GIS), se pèmèt meyè atikilasyon ant:

a- Prevansyon medikal
b- Swen ijans
c- Swen kontini

a- Prevansyon medikal:
nan sans prevansyon primè ak prevansyon segondè vledi:

- Edikasyon sanitè popilasyon an (Modèl SEFÒM-DDWP: SEKSYON FÒMASYON NAN DISPANSÈ DOKTÈ W. POLIKAP, ki nan faz pilòt nan depatman Nò ak Nòdès peyi a.
- Fòmasyon kontini fòmatè
- Inite kontwòl fason manje ak medikaman ap pwodi pou moun konsome
- Amonize pratik medikal prive ak pratik medikal piblik
- Inite kontwòl manje ak pwodi medisinal, famasetik enpòte
- Kondisyònman anviwònman sanitè yo
- Estokaj medikaman ki pa perisab
- Amenaje espas pou pwodiksyon plant medisinal
- Reoryante sant chalatan yo
- Restriktire sant ansyen sistèm yo
- Epidemyoloji ak depistaj
- Mete kanpe plizyè sant rechèch, lekòl medsin modèn, medsin tradisyonèl pou fòme tradipratisyen

b- Swen ijans: vledi:
- Swen rapid pou tout malad nan inite swen yo
- Sistèm evakyasyon rapid pou malad grav nan inite swen ki pi adapte
- Swen entansif  ak travayè sante ki gen konsyans pwofesyonèl

c- Swen kontini: vledi:
- Sistèm suivi medikal, lakay malad yo ak nan lopital
- Òspitalizasyon

ESTRIKTI AK KALITE SWEN NAN INITE SWEN YO

1- ESTRIKTI TI INITE SWEN (TIS)
Ti inite swen, konstitiye ak:

- Yon twous medikaman regilyèman verifye
- Yon travayè sante kalifye, ki gen nivo oksilyè-enfimyè
- Mwayen transpò pou evakye malad ijan nan yon “MIS”  ou byen nan yon “GIS” ki pi pre
- Yon rejis ka medikal
- Yon seksyon fòmasyon ak enfòmasyon medikal (Referans kourikoulòm LEKÒL OKSILYÈ MEDIKAL NAN KATYEMOREN (LEKOMÈK nan SEFÒM-DDWP)
Atansyon: Se yon “TIS” ki ekipe tout lekòl popilè, lekòl prive, anbilans, fèm agrikòl (gade dokiman REFÒM AGRÈ ENTEGRE - M.R.A: RAEMRA)

Kalite swen nan “TIS”:
- Paramèt ak akt medikal leje, tankou: siy vito, pansman, ti chiriji, ankadreman preskripsyon medikal, posiblite reyidratasyon yon jounen
- Analiz laboratwa woutin (rechèch sik nan san, nan pipi, tès gwosès, rechèch pwoteyin nan pipi...)

2- ESTRIKTI MWAYÈN INITE SWEN (“MIS”)
Nan yon “MIS”, nou jwenn:

- Yon lokal (konstri ou byen reamenaje), ki gen ase espas pou:

   * Ospitalizasyon pwovizwa ak 21 kabann (7 pou medsin entèn, 7 pou obstetrik-jinekoloji, 7 pou pedyatri) plis lòt materyèl apwopriye
  * Yon ti sal operasyon pou obstetrik-jinekoloji ak ti chiriji
  * Yon sal konsiltasyon ak 6 konpatiman (2 pou medsin jeneral ak chiriji, 2 pou obstetrik-jinekoloji, 2 pou pedyatri)
  * Yon espas pou famasi ak pwodi medikal
  * Yon sal siy vito
  * Yon sal degad ak sal ijans
  * Yon sal akèy, atant
  * Yon sal achiv
  * Sistèm trètman dechè medikal ak fatra domestik
  * Yon sal egzamen konplemantè ak radyografi-ekografi
  * Yon sal konferans ki kapab sèvi pou fòmasyon medikal ki pi pouse pase nan “TIS” (kourikoulòm LEKÒL OKSILYÈ MEDIKAL NAN KATYEMOREN :ECAMEQ SEFÒM-DDWP)
  * Yon espas rezidans ak 5 chanb ki gen sal dlo, restoran pou travayè sante degad
- Mwayen transpò rapid pou evakye malad nan “GIS” ki pi pre
- Eleman otodefans “MIS”
- Travayè sante: 1 ou byen 2 doktè, 3 a 6 Oksilyè medikal (Enfimye ou byen Enfimyè), 3 oksilyè- enfimyè akouchè, 3 teknisyen laboratwa, 3 oksilyè-enfimyè, 2 teknisyen radyografi-ekografi

Nan vil yo, kèk lopital ki te deja egziste, ap konvèti pou tounen “MIS”, selon dansite popilasyon an, enpi lòt “MIS” dwe konstri nan lokalite ki pi dans.
Nan gran vil yo, ak nan zanviwon gran vil yo, dwe gen yon “MIS” nan chak katye popilè ou byen site. Yon katye popilè, se yon katye kote popilasyon an ap viv nan pwomiskuite, enpi kondisyon ijyèn kay yo, ak katye a pa kòrèk. Nan yon katye popilè, pa gen enfraestrikti yon vil ta dwe genyen.
Nan milye riral, yon “MIS” dwe konstri nan chak komin.

KALITE SWEN AK SÈVIS SANTE NAN YON “MIS”
- Tout kalite swen ak sèvis sante  bay nan yon lopital ki gen fonksyònman nòmal.
- Fòmasyon pratik estajyè medsen, ak elèv nan syans paramedikal
3- ESTRIKTI GRAN INITE SWEN “GIS”
Yon “GIS”, se yon lopital inivèsitè referans, ki ratache ak fakilte medsin ak famasi
rejyon an. Yon “GIS”, se yon konplèks konstri ou byen reamenaje ki gen:

- Yon inite swen entansif
- Depatman ospitalizasyon chak espesyalite mediko-chirijikal: medsin entèn (nemoloji, kadyoloji, gastwo-anteroloji...), obstetrik-jinekoloji, pedyatri, sikyatri, chiriji, dèmatoloji, òftalmoloji, otorinolarengoloji, onkoloji, rimatoloji, iroloji,  newoloji, anatomo-patoloji, dantistri...
- Sal operasyon byen ekipe pou chak espesyalite konsène
- Sal ijans degad ak espas pou ospitalizasyon pwovizwa 24 èdtan
- Sal konsiltasyon pou chak espesyalite mediko-chirijikal
- Yon sal akèy, sal atant
- Yon depatman achiv
- Yon depatman egzamen konplemantè (Laboratwa medikal)
- Yon depatman imajri medikal (ekografi, radyografi, sentigrafi, CT SCAN, radyoskopi, rezonans manyetik nikleyè..)
- 2 gran oditoryòm ak retropwojektè, enstalasyon pou dyapozitiv, pou seminè ak konferans
- Espas rezidans: chanb ak sal dlo enkòpore pou travayè sante degad
- Kafeterya santral
- Sant apwvizyònman medikaman, materyèl ak pwodi medikal
- Mwayen transpò rapid andedan “GIS” la, osèvis malad ki pa ka mache
- Yon mòg
- Sistèm trètman dechè medikal, ak fatra domestik
- Depatman rechèch sou plant medisinal
- Mwayen transpò (otobis, tramway, tren ak wout espesyal parapò sant vil
- Pis aterisaj elikoptè, ti avyon ak tou kontwòl apwopriye
- Travayè sante: doktè jeneralis, espesyalis, paramedikal selon volim sèvis yo
- Eleman otodefans “GIS”

“GIS” yo ta dwe konstri nan periferi pi gran vil yo, paske se nan gran vil yo nou jwenn plis moun k ap viv nan espas redui, enpi enfraestrikti yo pi apwopriye. Pou chak depatman jeyografik peyi a, ta dwe gen omwen 2 “GIS”, selon dansite popilasyon an nan chak gran vil depatman an. Chak “GIS” dwe gen yon kapasite ant 300 ak 700 kabann, repati ak pousantaj pi gran pou medsin entèn, chiriji, obstetrik-jinekoloji.

KALITE SWEN AK SÈVIS SANTE NAN “GIS”
- Tout kalite swen ak sèvis ki kapab bay nan yon lopital inivèsitè referans
- Fòmasyon pratik elèv medsen, elèv tradipratisyen, elèv paramedikal, ak espesyalis

III- RESOUS IMÈN - MATERYÈL AK MEDIKAMAN NESESÈ

RESOUS IMÈN “TIS”
Chak “TIS” dwe gen yon travayè sante ki gen fòmasyon oksilyè-enfimyè, yon travayè sante ki gen fòmasyon teknisyen laboratwa medikal. Selon kourikoulòm LEKÒL OKSILYÈ MEDIKAL NAN KATYEMOREN (LEKOMÈK), yon oksilyè-enfimyè fè konesans ak nosyon medikal nou pi souvan rankontre nan kominote a, tankou: malarya, tifoyid, gonore (blenoraji), sifilis, alètman matènèl, prekosyon pou fanm ansent, tansyon ateryèl, planifikasyon familyal, dyabèt, dyare, anemi, opresyon, epilepsi, eklanpsi, kwachyòkò, chabon (antraks), ijyèn dlo, asid ak ilsè gastro-diyodenal, anemi falsifòm, “pèdisyon“, sida, obezite, fibrom iteris, menopoz, enpisans seksyèl, nemopati atipik (sendrom respiratwa egi sevè), trikomonyaz irojenital, ansefalopati esponjifòm bovin, klamidyaz, kapòt, filaryoz, renmèd fèy kont anpil maladi, ak plizyè sijè refleksyon.
Ansuit, menm travayè sayo resevwa solid fòmasyon nan:

- Deyontoloji ak etik medikal
- Sosyoloji sante
- Ijyèn jeneral
- Anatomi ak fizyoloji kò moun
- Paramèt ak Akt medikal woutin
- Nosyon laboratwa woutin nan pratik medikal
- Estaj pratik nan paramèt ak akt medikal, ak nan laboratwa

MATERYÈL AK MEDIKAMAN NESESÈ POU CHAK “TIS”
- Reyaktif laboratwa pou analiz pipi, tès gwosès, aparèy ak tijèt glisemi (pou chèche sik nan san)
- Pens, plato pansman, tansyomèt, tèmomèt klinik, balans pou gran moun, balans pou ti moun, gaz, fil siti rezòbab, fil siti non rezòbab, bistouri,gan esteril, likid antiseptik, twous pèfizyon, adezif, gawo, sereng, katetè pou venn
- Anestezi lokal, analjezik (konprime ak enjektab), sachè pèfizyon (dekstwoze, dekstwoz-salin, rindjè laktat, nòmal salin..)

RESOUS IMÈN “MIS”
- Yon  doktè jeneralis, ak yon doktè espesyalis obstetrik-jinekoloji
- 3 oksilyè-enfimyè
- 2 teknisyen radyografi ak ekografi
- 3 oksilyè-enfimyè akouchè, ki gen anplis fòmasyon teyorik ak pratik nan obstetrik
- Ant 3 ak 6 oksilyè medikal. Nan kourikoulòm LEKÒL OKSILYÈ MEDIKAL NAN KATYEMOREN (LEKOMÈK),  yon oksilyè medikal (Enfimye, Enfimyè), resevwa anplis, solid fòmasyon nan:
    * Deyontoloji ak etik medikal
    * Nitrisyon ak dyetetik
    * Anatomi kò moun ak travay pratik
    * Fizyoloji kò moun
    * Sosyoloji sante
    * Sikoloji medikal
    * Paramèt ak akt medikal
    * Ijyèn
    * Mateyèl ak reyaktif laboratwa medikal woutin
    * Patoloji medikal ak terapetik maladi gran moun ak ti moun (premyè pati)
    * Mikwobyoloji klinik
    * Parazitoloji medikal
    * Famakoloji
    * Swen enfimye (premyè pati)
    * Dyèt adapte (premyè pati)
    * Nosyon teyorik ak pratik laboratwa medikal woutin
    * Estaj gide
    * Patoloji ak terapetik (dezyèm pati) ak espesyalite: nosyon sikyatri gran moun, sikyatri ti moun, pedyatri, obstetrik-jinekoloji, iroloji, chiriji jeneral, dèmatoloji, estomatoloji..
   * Medsin tradisyonèl
   * Medsin sosyal ak sante piblik
   * Medsin legal sivil
   * Medsin legal penal
   * Jenetik
   * Dyèt adapte (dezyèm pati)
  * Swen enfimye (dezyèm pati)
  * Estaj responsab

MATERYÈL AK MEDIKAMAN NESESÈ POU "MIS" (SELON CHAK ESPESYALITE)

3-RESOUS IMÈN - MATERYÈL AK MEDIKAMAN NESESÈ POU “GIS”
Depann de chak espesyalite, de aktivite chak depatman “GIS” la

IV- Prevansyon kont katastwòf natirèl
Lè yon dezas ou byen katastwòf natirèl pase nan yon peyi, li kite tras, li kite move souvni.

KISA KATASTWÒF NATIRÈL VLEDI
 Katastwòf natirèl vledi: tranbleman tè, tanpèt, siklòn, inondasyon ak gwo dlo ki charye plizyè kay, rekòt ak betay, gwo dife, gwo aksidan sikilasyon, manifestasyon ak lese frape plizyè kominote ant yo menm, epidemi...
Lè katastwòf sayo frape popilasyon an, se otorite sante piblik ki premye konsène. Si gen bonjan prevansyon kont katastwòf sayo, t ap gen mwens dega.

ESTRIKTI KOMITE PÈMANAN KONT KATASTWÒF NATIRÈL
 Pou gen prevansyon, fòk otorite yo mete kanpe yon komite pèmanan kont katastwòf ki gen ladan l:
- Travayè sante kalifye
- Lakwawouj
- Ponpye
- Lapolis
- Otorite konstitiye nan chak komin pou chak depatman

Komite pèmanan lokal yo dwe genyen yon kowòdinasyon santral

WÒL KOMITE PÈMANAN KONT KATASTWÒF NATIRÈL
Wòl yon komite kont katastwòf, se pa di yo pral fè, ni di yo pa gen mwayen pou yo fè, pandan y ap tann lè katastwòf deklare pou yo konte kadav. Wòl yon komite pèmanan kont katastwòf natirèl, se planifye, prevwa, fè travay edikasyon popilasyon an san pran souf, fè rezèv materyèl ak tout bagay komite a ka bezwen lè katastwòf la deklare, fè yon lis non moun ki deja okouran leta ap mobilize yo denpi gen bezwen, enpi bay moun sayo fòmasyon pou sa. Lòt wòl yon komite pèmanan kont katastwòf natirèl, se lè katastwòf la deklare, ankadre popilasyon an, bay li byen vit, nesesè tankou: lokal, kabann ak dra pwòp pou moun dòmi, lè yo fin asire transpò moun ki rete nan zòn danje, bay moun yo manje, rad, valè bon dlo pwòp, renmèd ijan ak tout bagay ki nesesè pou swayaj, mete pou viktim yo ak pou tout popilasyon an, mwayen transpò ak enfòmasyon.
Apre katastwòf la, komite pèmanan kont katastwòf la dwe pran tout mezi pou evite ravaj ak maladi atrapan ki sitou transmèt akòz mank dlo, ou byen dlo sal. Maladi yo ki pi souvan transmèt, se: anpwazòman, kolera, vè nan vant, gratèl, tifoyid, malarya, ak tout lòt maladi ki bay moun dyare.
Nou dwe konseye moun yo bwè dlo bouyi...
Nou gen lespwa responsab pou fè prevansyon kont katastwòf natirèl yo, ap itilize tout mwayen pou yo diminye soufrans viktim yo. Nou gen lespwa, responsab yo ap anfen konprann, se lontan anvan katastwòf la deklare, yo dwe fè preparasyon, si yo respekte popilasyon an.

V- Objektif Pwojè Refòm Sistèm Swen ak Sèvis Sante- M.R.A.
- Pèmèt popilasyon an patisipe nan bay tèt li swen ak sèvis sante nan chak zòn ak nan chak sektè
- Elimine rezo chalatan blan tankou chalatan nèg
- Pèmèt pèp ayisyen an genyen yon meyè kontwòl sistèm swen l ak patisipasyon l nan rezoud pi rapid pwoblèm sante
- Kontribiye nan fè pri swen ak sèvis sante vin pi bon mache, jiskaske leta pran sou do l tout chaj ak depans swen sante chak sitwayen ayisyen
- Pèmèt militan M.R.A. jwenn mwayen pou yo fè pratik ak sakrifis
- Kreye solidarite ant peyizan, malere nan katye popilè ak ti boujwazi a ki dwe pran kou kolabore ansanm nan benefis amelyorasyon kondisyon lavi tout popilasyon an, atravè yon bonjan sistèm swen ak sèvis sante ki oryante nan sans sante pou tout sitwayen san diskriminasyon
- Amelyorasyon tout to endikatè sante nan popilasyon an, jiskaske to mòtalite, to mòbidite, to natalite, to fekondite peyi a atenn to konparab ak peyi ki genyen meyè to endikatè sante nan rejyon an
- Pèmèt nou gen kapasite reponn kòrèkteman vizavi nenpòt katastwòf natirèl

VI- Aplikasyon Pwojè Refòm Swen ak Sèvis Sante - M.R.A.
Pouvwa politik endispansab pou chanjman rive opere nan tout sistèm politik, sosyal ou byen ekonomik.
Men, pou rive fè kèk refòm nan sistèm swen ak sèvis sante nan peyi dayiti, yon pouvwa leta pa endispansab. Dayè, akonpayman popilasyon an, nan batay pou amelyore kondisyon swen ak sèvis sante l, kapab yon zouti pou fè lide politik chajman pase.
Puiske se travayè sante sèlman ki resevwa fòmasyon apwopriye, ki kapab bay moun swen sante, enben, pou pwojè refòm swen sante a aplike, fòmasyon travayè sante dwe fèt nan tout nivo. Nan sans sa a, militan M.R.A. pwopoze modèl fòmasyon paramedikal ki deja nan faz pilòt, nan faz eksperimantal denpi lane 1994 sou non SEFÒM-DDWP (SEKSYON FÒMASYON NAN DISPANSÈ DOKTÈ W. POLIKAP), ak LEKOMÈK (LEKÒL OKSILYÈ MEDIKAL NAN KATYEMOREN), nan depatman nò peyi dayiti.
Menm si pouvwa politik leta pa endispansab pou aplikasyon lokal, ou byen rejyonal pwojè sante a, men pouvwa leta nesesè pou aplikasyon nasyonal pwojè a, paske se resèt leta ki dwe kontribiye nan envestisman pou fòmasyon ak peyman travayè sante, pou achte materyèl mediko-chirijikal, pwodi famasi ak laboratwa.
Si RAEMRA (REFÒM AGRÈ ENTEGRE M.R.A.) deja nan faz aplikasyon, li kapab patisipe nan finansman pwojè refòm sante a.
Sepandan, jesyon “TIS”, “MIS”, “GIS” yo kapab pèmèt grès kochon an kuit kochon an, nan respè kapasite ekonomik malad ak paran malad. Ansuit, yon kotizasyon obligatwa dwe soti nan reminerasyon chak travayè agrikòl, chak anplwaye k ap touche swa nan fèm agrikòl, swa nan Inite swen yo, pou alimante yon kès sekirite sante pou tout moun.
Leta, ou byen estrikti jesyon Inite Swen yo dwe mete kanpe yo sistèm mityèl ki prevwa pou pran chaj apeprè 3 ou byen 4 senkyèm depans  pou swen sante tout moun ki kotize nan alimante kès sekirite sante a. Lòt sous finansman pwojè refòm sante a, se: don, kotizasyon manb, ak senpatizan M.R.A., enpo revolisyonè, ak lòt..

VII- Pou n fini
Anplis edikasyon, sekirite ak travay, bezwen vital chak moun se manje ak laswenyay. Nan pwojè RAEMRA (REFÒM AGRÈ ENTEGRE-M.RA.) a, militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN fè pwopozisyon byen klè pou rezoud pwoblèm grangou popilasyon an. Pwojè Refòm Sistèm Swen ak Sèvis Sante M.R.A. (PRESSSS-M.R.A.), se akonpayman popilasyon an pou pri swen bese, enpi pou pifò moun jwenn, san difikilte, aksè swen ak sèvis sante, pandan y ap pote patisipasyon yo nan pataj konesans medikal yo genyen ak lòt ki ponkò enfòme pou ogmante nivo jeneral edikasyon popilasyon an.
Si n kontinye konte sou pwòp fòs nou, n ap kapab rezoud pi fasil, pwoblèm swen ak sèvis sante popilasyon an.

 

Pwojè                                                               Mouvman
Refòm                                                               Revolisyonè
Sistèm                                                              Ayisyen
Swen ak
Sèvis                                                                (M.R.A.)
Sante

(PRESSSS)

(PRESSSS-M.R.A.)

Jen 2004 

Tel: 559-5635 / 553-4431 / 553-4838

8

PRESSSS-M.R.A.

PWOJÈ REFÒM SISTÈM SWEN AK SÈVIS
SANTE
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN

Jen 2004

 

 

 

Moso listwa Dayiti