Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A

 

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.

PIBLIKASYON POU LAPRÈS  22 DAWOU 2002

Nan okazyon gran rasanbleman militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN nan dat 22 dawou 2002 nan depatman NÒ peyi dayiti, nou pwofite denonse pwojè lawont lavalas genyen pou inivèsite a. Inivèsite, se laboratwa lide pou yon pèp. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN panse, otonomi inivèsite leta ayisyen parapò tout pouvwa politik, se yon nesesite pou anpeche fè nwa blayi nan lespri.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN  M.R.A., kondane atitid pouvwa lavalas la ki deside pase anba pye, dwa grandèt inivèsite a ki reklame plis mwayen pou l fonksyone lib e libè.
Nou menm militan M.R.A., nou pran angajman apiye enpi patisipe nan tout aktivite ki kapab fè pouvwa lavalas la fè bak douvan pwojè l genyen pou chouke reprezantan l nan tèt inivèsite a.

Diktati sanginè Divalye nan lane 1961, diktati kriminèl Sedras-Bisent nan lane 1992, pa p tounen nan inivèsite a ak Aristid konze lavalas.

Viktwa final, se pou pèp ki pa janm sispan n batay....

 

 

 

Moso listwa Dayiti