MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
___________________________________________________________________
Site lesko, Okap 15 desanm 2002
POZISYON POLITIK M.R.A.
Se lojik dominasyon ak kontwòl enperyalis meriken an ki te favorize ren y 29 lane diktati aryere divalye yo nan peyi dayiti. Mantalite sanginè, metòd sovaj ki te karakterize pouvwa tonton makout la, louvri brèch pou gwo soulèvman popilè ki kapote rejim divalyeris la.
Fondman mouvman anti divalyeris la, se te fini pou toutan ak diktati san manman, ansanm ak tout pouvwa ki mare kòd lonbrit yo ak gouvènman sousèt peyi letranje yo. Men, batay la te gen anpil feblès, kote legliz ki te prensipal motè ajitasyon popilè a, pa t pare pou depase limit li. Yon bò, mas yo te deside ale byen lwen nan mete kanpe yon pouvwa popilè; yon lòt bò, dirijan legliz yo t ap manniganse alyansay ak klas politik tradisyonèl raketè a, pou kontinye mare peyi a nan pye tab peyi reken yo. Kolizyon ant 2 rèv sa yo mennen koupe fache ant 2 prensipal fòs yo. Pèp la ap fè wout li, san direksyon yon pati osnon yon mouvman popilè djanm. Pandanstan, reyaksyonè yo kite sèvi ak mas popilè yo pou tabli jwisans pouvwa a, ap taye banda.
Malgre Divalye dechouke, nou vin jwen n plizyè gouvènman divalyeris san Divalye, ki pa janm sispan n rapousib represyon politik kont mas yo, enpi ki kontinye mare sosis ak enstitisyon finansye entènasyonal yo tankou BID, FMI, BANK MONDYAL. Savledi, revandikasyon fondalnatal pèp ayisyen an bandonnen, akòz absans bonjan avangad popilè konsekan.
Nan tatonnen sou wout liberasyon an, mas la kwoke nan pwòp gagan n li, yon nèg ki gen sèlman bèl pwomès kòm pwojè politik. Apre Aristid fin chouke sou pouvwa, klas dominant la panike akòz prezans mas yo ki pwofite reklame plis nan revandikasyon yo. Sa pa t pran tan pou menm klas dominant la itilize lame tonton makout la pou fè pèp la benyen nan pwòp san l. Koudeta sektanm 1991 lan pa t vize Aristid ni lòt dirijan konze lavalas yo, pou prèv yo tout te epanye. Misyon kou a, se te fan n fwa pèp la pou voye l reflechi yon mannyè pou l sispan n patisipe aktivman nan lavi politik peyi a, epi kase rèl do flengen mouvman popilè a. Sa pèmèt peyi sousèt yo aplike san kè sote plan yo genyen pou Ayiti. Lè kadejakè nasyonal ak entènasyonal yo remake chalè pèp la bese, òganizasyon popilè yo pèdi fòs, yo deside retounen ak Aristid zonbi mazora, pou vin bay batay pèp la dènye kou a.
15 oktòb 1994, dat Aristid konze retounen apre 3 lane nan frechè nan peyi Etazini. Aristid pase anba pye, 3 lane sakrifis ak rezistans mas pèp ayisyen an kont koudeta militè sanginè yo. Yon lòt fwa ankò, tankou nan lane 1915, Aristid retounen monte drapo lawont lan. Ayiti okipe. Oken n patriyòt, oken n Chalmay Peralt, oken n Desalin, Kristòf, ni Benwa Batravil pa gen kapasite rekonstitiye lit la. Konze yo van n peyi a. Pou pèmèt mas pòv yo aksepte sitiyasyon imilyasyon sa, Aristid konze lavalas badijonnen figi moun ak bèl pwomès sou pwojè rekonstriksyon peyi a. Nad marinad, pawòl blofè k ap panpannen, lavichè vin pi chè, malere nan mizè pi rèd.
Pouvwa lavalas la, patizan lavalas yo dwe jennen lè y ap pale de ideyal 16 desanm, ou byen de lejitimite popilè. Se pa yon bilten vòt, ni kantite moun yo di ki vote ki bay yon dirijan lejitimite. Se respè angajman pou satisfè revandikasyon popilasyon an ki bay dirijan politik lejitimite. Ni konze trèt, ni demagòg raketè pa gen oken n lejitimite popilè. Dayè, se dekonpozisyon ak echèk lavalas la menm ki akouche yon lopozisyon reyaksyonè ki rele konvèjans demagojik ak tout lòt yo ki soti anndan vant li.
Lavalas montre li se reyaksyonè tankou tout lòt yo. Olye l pèmèt pèp la jwen n jistis, se rekonsilyasyon ak bouwo ki te fan n fwa mas pèp la ki nan kalandriye l. Pasaj lavalasyen yo sou pouvwa, se plis grangou, mizè, maladi, ensekirite, lavichè, dezespwa, dechèpiyay kès leta, kòripsyon, kontreban n, krim, vòl òganize; pa gen moral nan sosyete a, pa gen sèvis piblik tankou: dlo, kouran, lekòl, wout ki fin kraze, tout antrepriz leta fèmen ou byen yo van n pou dirijan lavalas yo plen pòch yo. Lavalasyen yo trayi ideyal 16 desanm 1990 la. Yo bay mas la kout ponya nan tèt ak nan vant. Lè lavalas ap pale de pèp, se sèlman de chimè l yo l ap pale. Menm jan Divalye te gen milisyen tonton makout V.S.N. kivledi volontè sekirite nasyonal, lavalas la tou gen milisyen chimè pèp lavalas ki se V.S.L. volontè sekirite lavalas, yon veritab eskadwon lanmò k ap simen dèy, imilyasyon ak ensekirite nan mitan popilasyon an. Sou gouvènman lavalas, plis moun pa jwen n travay; jen n fanm tankou jen n gason gen kè sote pou lavni yo. Kòm anyen pa regle, Aristid parèt ak pwojè alfabetizasyon - ekonomi pou lòlò mas pèp la. Nan yon peyi kote sou chak 100 ti moun, plis pase 40 nan yo ki gen laj pou ale lekòl primè, pa gen posiblite benefisye dwa sa; eske Aristid lavalas ap tann ti moun sayo vin granmoun pou yo rantre nan pwojè alfabetizasyon-ekonomi an?.
Zanmi kanmarad, patriyòt tout sektè, batay fyète, diyite ak lonè zansèt nou yo te mennen an pa kapab ni pa dwe kaba. MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN gen pou misyon akonpanye mas defavorize yo nan batay y ap mennen kont tout pouvwa reyaksyonè, kont tout politisyen koutye patwon entènasyonal yo.
2001-2002, yon lane kriz lavalas ak konvèjans antretni pou sabote tout estrikti sosyal, politik, ekonomik peyi a, yon mannyè pou yo jistifye entèvansyon gwo peyi sousèt yo nan zafè entèn peyi a yon lòt fwa ankò. Tout demach Aristid lavalas, se mare peyi a pi plis nan pye tab boujwazi nasyonal ak entènasyonal la. Aristid lavalas siyen kontra pou van n yon pati nan teritwa peyi dayiti. Li klè, Aristid ap senyen ven n peyi a pou tabli kondisyon ki pi solid pou boujwa andedan tankou deyò eksplwate pèp ayisyen an, ouvriye, peyizan yo an patikilye atravè zòn franch ki se yon pwazon neyoliberal pou peyi apovri yo.
Gwasimal ak Pitobè, se prèv klè gouvènman Aristid Lavalas se yon gouvènman tchoul ki pwoteje klas dominant yo pou souse dènye ti gout san mas pèp la. Pou fè patwon boujwa yo plezi, gouvènman lawont lavalas pije nan prizon plizyè ouvriye peyizan ki t ap reklame pi bon kondisyon travay ak ogmantasyon ti tchotcho y ap touche nan izin blan franse ki tabli Gwasimal nan senrafayèl sou plis pase 360 kawo tè leta ayisyen. Sou gouvènman lavalas, blan franse ap taye banda, yo gen plis dwa nan peyi dayiti pase ouvriye peyizan ki se eritye lejitim zansèt nou yo. Lè lavalas fin bwè san malere peyizan, lè peyizan fin jemi nan prizon lavalas san lajistis pa repwoche yo anyen, viktim yo, paran viktim yo pa resevwa oken n dedomajman.
Pouvwa lavalas la, konplis raketè finansye ki vòlè lajan sitwayen nan koperativ malonèt, kontinye ap vanse sou wout pou mete baboukèt sou dwa lapawòl ak menm nan lespri pèp ayisyen. Nan okazyon gran rasanbleman popilè jodi 15 desanm 2002 sa, militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN pwofite denonse pwojè sendenden lavalas genyen pou inivèsite a. Inivèsite, se krèm lespri yon pèp. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN panse, otonomi inivèsite leta ayisyen parapò tout pouvwa politik, se yon nesesite pou anpeche fè nwa blayi nan lespri. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., kondane atitid pouvwa lavalas la ki deside pase anba pye, dwa grandèt inivèsite a ki reklame plis mwayen pou l fonksyone lib e libè. Nou menm militan M.R.A., nou pran angajman apiye enpi patisipe nan tout aktivite ki kapab fè pouvwa anplas la fè bak douvan pwojè l genyen, swa pou l chouke reprezantan l nan tèt inivèsite a, swa pou kontinye fè represyon sou milye etidyan an. Diktati sanginè Divalye nan lane 1961, diktati kriminèl Sedras-Bisent nan lane 1992, p ap tounen nan inivèsite a ak Aristid konze lavalas, ni ak lòt pouvwa reyaksyonè.
Patriyòt, militan konsekan, kanmarad konbatif, se twòp atò. Lavalas konze sou wout pou van n menm lonè ak diyite nou, pandan rat do kale konvèjans demagojik ap prepare pou vin rapousib zak malonèt yo te kòmanse nan tetelang ak marasa yo Aristid. Eske se chimè ou byen lame kanibal lavalas, yon lòt vèsyon lame tonton makout la nou vle ki vin fin touye nou? Nou p ap mouri debwa kwaze. Nou dwe prepare gran leve kanpe a ansanm. Nou p ap bay lenmi pèp ayisyen an legen.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., tankou pifò moun nan mas la ta swete peyi yo chanje, yo sitou swete jwi frui chanjman nan peyi yo. Men, ki sa peyi chanje vledi pou mas la?.
Peyi chanje pa vledi aktè politik yo sèlman chanje. Peyi chanje baze sou jistis sosyal pou tout sitwayen, distribisyon richès peyi a san paspouki, patisipasyon aktif tout pèp la nan jesyon peyi a, yon peyi gran moun ki devlope rapò ak tout lòt peyi sou latè, san l pa pran dikta nan men oken n peyi letranje. Se pa bèl diskou sou lit klas ki kapab fè peyi chanje, ni peyi chanje pa vledi bèl pwogram politik sou papye. Pou mas la, peyi chanje vledi, li kapab jwen n ak fasilite bon dlo pou l bwè, bon dlo pou l sèvi; peyi chanje vledi, menm si tout gran wout yo pa asfalte, adokinen, men pifò wout yo ta dwe toujou amenaje pou pèmèt peyizan ak komèsan transpòte machandiz yo san difikilte; peyi chanje vledi, mas la bezwen kote pou l jwen n swenyaj lajounen tankou lannuit san l pa resevwa move akèy nan men travayè sante ki manke konsyans pwofesyonèl. Enpi, anpil jefò dwe fèt pou diminye kantite maladi atrapan ki anpeche fanmiy yo konstri pwojè lavni yo. Peyi chanje vledi, yon peyi kote lajistis p ap van n tankou lo patat nan mache, yon peyi ki pa chita sou enpinite, yon peyi kote kèlkeswa moun lan dwe peye pou move zak li komèt nan sosyete a. Peyi chanje, se peyi ki chita sou valè moral ak etik, savledi peyi kote dwa pou moun viv ak diyite vini anvan dwa pou moun fè lajan. Peyi chanje vledi fòk mas pèp la jwen n lekòl bon kalite, bon mache pou ti moun yo, pandan ansèyman an ap adapte ak reyalite kiltirèl pèp ayisyen. Peyi chanje vledi, sekirite alimantè. Kijan n ap rezoud pwoblèm grangou mas la? Peyi chanje vledi grangou pa dwe kontinye touye moun pa ban n pa pakèt. Se pa plante zòn franch ki kapab rezoud ni pwoblèm grangou, ni pwoblèm pwodiksyon nasyonal la. Se bonjan refòm agrè entegre ki kapab pote solisyon an. Se pou sa militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN pa janm sispan n pwopoze: ZÒN FRANCH: NON ! REFÒM AGRÈ ENTEGRE: WI ! Peyi chanje vledi sekirite kont krim òganize, kote mas la kapab patisipe nan bay tèt li sekirite ak disiplin. Enpi, poukisa pa gen elèktrisite andedan tankou andeyò vil yo? Poukisa mwayen kominikasyon ant moun se yon privilèj pou sila yo ki toujou genyen plis? Peyi chanje vledi, moman an rive pou chak malere jwen n kay pou yo rete san kè sote. Moman an rive pou ti peyizan jwen n tè pou yo travay.
Zanmi kanmarad, batayè konsekan, objektif batay mas popilè yo dwe gen lòt oryantasyon parapò estrateji ki te egziste denpi anvan lane 1986 yo, kote fòs popilè yo te plis envesti kouraj yo pou kapote gouvènman ki pa satisfè revandikasyon yo. Nou dwe sispan n taktik batay sèlman pou n kapote gouvènman, pandan n ap favorize lòt gwoup raketè pran pouvwa pou aplike politik reyaksyonè.
Objektif fondalnatal mas popilè yo kounyè a, se batay pou pran pouvwa. Mas popilè yo toujou gen posiblite pran total kontwòl pouvwa politik la nan peyi dayiti, si n rive mete kanpe yon veritab inyon ou byen fwon tout fòs politik lagòch ayisyen yo ki sensèman anti reyaksyonè, enpi ki dakò konbat tout enstriman politik peyi sousèt yo itilize pou yo kontinye tabli dominasyon yo nan peyi apovri yo. Poukisa fòs antichanjman yo jwen n mwayen chita ansanm pou dekoupe kòpyèz gato ki rele peyi dayiti a, enpi nou menm militan politik, nou derefize konpran n nesesite pou n ini fòs nou otou yon pwojè politik anti reyaksyonè ak tout estrateji ki adapte ak reyalite sosyo ekonomik nasyonal moman an?
Malgre divèjans k ap travèse divès kouran lide pwogresis ayisyen yo nan peyi dayiti ak nan kominote ayisyen ki chouke nan peyi letranje, nou panse gen mwayen pou eleman konsekan mas yo, ki regwoupe nan mouvman sosyo politik pwogresis diferan, jwen n yon antant politik pou n bare wout lenmi mas yo ki pa sispan n envante resèt pou kontinye mare sosis ak peyi letranje, ak klas dominant yo sou do mas pèp ayisyen an.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., dispoze pote patisipasyon yo, pou pèmèt emèjans yon FWON NASYONAL AYISYEN (F.N.A.), ki se inyon tout reyèl fòs pwogresis ayisyen yo. Paske:...
VIKTWA FINAL, SE POU PÈP ÒGANIZE KI PA JANM SISPAN N BATAY...
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|