Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A

 

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
_____________________________________________________________

                                                                    Katyemoren, premye Me 2004

POZISYON POLITIK  M.R.A.

Nan okazyon 200 lane lendepandans peyi dayiti, pèp ayisyen an resevwa yon kado anpwazonnen, yon souflèt ki rele: okipasyon. Èske se pou kado sa a kèk sektè nan peyi a te fè tout mobilizasyon yo?.

Se vre, se pa jodi a, peyi a twouve l sou dominasyon ekonomik, sou dominasyon militè peyi letranje. Se vre, se pa jodi a, politisyen ayisyen ap marinen konplo ak peyi letranje pou yo vann diyite nou. Men, sa pa vle di nou pa dwe denonse. Fòk yon jou, patriyòt ayisyen pran angajman pou denonse, eksplike, pou jenerasyon yo k ap vini. Nou pa dwe rete bèbè, ni kite lapèrèz anvayi nou.

Yo di se pa okipasyon, se fòs militè mentyen lapè. Men, se ki lwa ki bay jandam etranje dwa rantre nan peyi a, san okenn akò ni ak leta peyi a, ni ak popilasyon an? Dwa entènasyonal pa bay okenn peyi sou latè otorizasyon pou l debake nan yon lòt peyi pou arete, enpi depòte prezidan, nonmen prezidan, minis ak gran fonksyonè leta. Dwa entènasyonal pa pèmèt okenn peyi sou latè kèlkeswa kantite pisans dife li gen pou  touye moun, pou l rantre enstale li kote l vle, pou kantite tan l vle nan lòt peyi . Okenn akò entènasyonal ant peyi endepandan pa kapab otorize gouvènman peyi etranje òganize estrikti sosyal yon lòt peyi ki gen dirijan patriyòt onèt.

Dat 29 fevriye 2004, se yon siyal pou tout peyi ekonomikman depandan yo. Pandan militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. pa dakò ak okenn pouvwa diktatoryal, reyaksyonè, antipopilè, ni dirijan popilis, nou panse l enpòtan tou, pou n denonse zak banditism entènasyonal, kote dirijan lòt peyi bay tèt yo dwa wete mete dirijan nan peyi dayiti, selon volonte yo, selon pwogram peyi letranje.

Si se vre, gen fòs mentyen swadizan lapè nan peyi dayiti, poukisa plis krim òganize kontinye ap komèt? Poukisa ti komèsan ak peyizan ayisyen ap plenyen paske militè fòs okipasyon an ap fè yo abi nan sezi machandiz yo pou ti kraze monnen, pi ba pri pase valè machandiz yo?.

Prezans fòs okipasyon an, èske se pou garanti sekirite gran komèsan, gran negosyan yo k ap patisipe nan fè lavichè vin pi chè?.

Nou deja konnen, wòl gouvènman restavèk peyi letranje, se ekzekite lòd peyi letranje. Alòs, nou kapab konprann, amelyorasyon kondisyon lavi pèp ayisyen an, se pa pou jodi. Nou kapab konprann, zak represyon lapolis, zak abitrè jandam lame dayiti yo komèt, p ap jwenn pinisyon jodya.

Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., respekte prensip koperasyon entènasyonal; men, nou pa kwè nan mondyalizayson lanmizè ak depandans ekonomik, depandans kiltirèl peyi dayiti parapò peyi letranje.
Nan okasyon gran rasanbleman MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN M.R.A., jodi a, militan M.R.A. p ap sispann klèwonnen nesesite pou revandikasyon nou jwenn satisfaksyon. Dirijan ayisyen dwe sispann kite frè ak sè ayisyen nou yo ranmase imilyasyon nan batey dominiken, enpi komèsan ayisyen dwe jwenn bonjan pwoteksyon vizavi gwad dominiken k ap dechèpiye yo. Kòd lajistis dwe pase nan kou tout asasen kriminèl Jan Rabèl, riyèl vayan, legliz Senjan Bòsko, Pyat, koudeta 29-30 sektanm 1991, masak raboto, Antwa n Izmeri, Gi Malari, Jan Mari Vensan, Pè ti Jan, Jan Dominik, Janklod Lwisen, masak kafou fèy, Brinyòl Lendò, ti Kenòl nan mapou, Fransilyen Egzilyen ak Ifarès Gerye nan gwasimal senrafayèl, Evens Lisyen nan karenaj okap, masak malere malerèz nan chada, Maki Ejèn nan otwou, ak tout lòt viktim ki mouri, pran prizon, sibi represyon nan silans.

Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., kontinye reklame pou leta ayisyen, yon leta granmoun, reprann kontwòl antrepriz piblik yo, tankou siman dayiti, minotri, pou pèmèt sak siman vann bon mache, pou nou sispann achte farin byen chè nan men peyi letranje. Leta ayisyen dwe rekonstri izin pou fè sik nan depatman nò, enpi pèmèt pwodiksyon sik nan depatman nò, nan lòt depatman yo, pou n sispann manje sik pèpè byen chè. Leta ayisyen, dwe sispann tout kontra zòn franch, kote tout bon tè fètil yo anba men peyi letranje, pandan anpil pitit pèp ayisyen an ap mouri ak grangou. Peyizan ayisyen, endistriyèl ayisyen kapab pwodi valè manje pou nou manje, san vant nou pa bezwen depann de peyi letranje. Nou gen tè, nou gen dlo, nou gen fòs kouray tout pèp ayisyen an ki vle travay, ki anvi travay, men ki pa jwenn travay. Leta ayisyen dwe mete kanpe yon bonjan refòm agrè entegre, pou pwodiksyon nasyonal la tounen reyalite.

Olye boujwazi revandèz la envesti kòb li nan achte enpi revann pwodi pwazonnen peyi letranje, li t ap pi bon pou kòb yo envesti nan pwodiksyon nasyonal, nan pwodi manje lakay. Konsa, lavichè a ap bese. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., mande pou leta konstri lekòl primè, segondè, andeyò tankou lavil, enpi pri lekòl sayo dwe kontwole, tankou lekòl prive yo dwe suiv pwogram ki gen rapò ak reyalite sosyo kiltirèl peyi dayiti. Plis fòmasyon teknik dwe fèt nan peyi a. Inivèsite leta ayisyen  merite total otonomi ak ankadreman, enpi, se yon nesesite pou gen plis ouvèti ak echanj ant inivèsite ayisyen yo ak inivèsite peyi letranje yo. Se pa nan ti pwogram alfabetizasyon politik, elektoralis, nou kapab rezoud pwoblèm fè nwè ki blayi nan lespri pifò moun nan popilasyon an. Men, yon bonjan kanpay alfabetizasyon kote tout sektè nan popilasyon an ap patisipe selon devwa yo genyen, ak objektif pou ogmante nivo edikasyon jeneral popilasyon an, kapab reyisi si gen volonte politik pou sa. Fòme plis travayè sante ki gen konsyans pwofesyonèl, se yon devwa pou tout leta ki gen sousi rezoud pwoblèm sante popilasyon peyi dayiti. Leta dwe konstri lòt dispansè, reyamenaje dispansè ki mal okipe, enpi mete bonjan materyèl ak renmèd bon mache nan lopital ak dispansè leta yo. Enpi, fòk gen bonjan sipèvizyon

pou evite sikilasyon renmèd pwazon, dat pase, ki soti nan peyi letranje. Leta ayisyen dwe fè tout sa l kapab pou l bay renmèd fèy jarèt nan lekòl famasi nan inivèsite, pou pèmèt renmèd vin pi bon mache nan peyi a, enpi pou n pa depann de renmèd ki soti nan peyi letranje. Fòmasyon popilasyon an nan domèn lasante ak konesans sou maladi dwe fèt ak detèminasyon.

Akòz pèpè ki anvayi mache lokal la, anpil metye ap disparèt, tankou kòdonye, tayè, koutiryè, fèblantye. Tout atizan sayo merite ankadreman nan men leta. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., reklame pou leta diminye taks sou ti komèsan, ti machann. Si gran komèsan ayisyen ak etranje peye taks sou machandiz yo, enpi, si fonksyonè nan administrasyon piblik yo pa gen dwèt long siperyè, enben leta ap jwenn mwayen pou l fè depans pou fè bonjan wout, pou bay kouran, bon dlo potab, lavil tankou andeyò. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. p ap janm sispann reklame pou leta legalize tout tè ki deja nan men mas pèp la. Peyizan ki deja travay tè yo, ki deja bati kay sou tè yo, dwe jwenn papye tè yo nan men leta prese prese. Malere, malerèz ki deja bati kay yo sou tè leta dwe jwenn papye tè yo nan men leta. Lajistis dwe pase kòd nan kou tout grandon ki kraze rekòt peyizan, lajistis dwe fouke tout grandon k ap fè fo papye pou eseye jistifye tè leta se pou yo.

Anfas tout konplo nasyonal ak entènasyonal sayo, militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. mande popilasyon an pou l pa dekouraje. Nou tout ki sanble, ann rasanble. Si w te fè erè politik, si w rekonèt ou te fè erè, enpi  si w dakò pote kole ak senserite nan batay pou defann kòz mas yo, ann rasanble; mouvman ak pati politik pwogresis, asosyasyon peyizan ak ouvriye, ann rasanble; gwoup kiltirèl, asosyasyon atis, etidyan, elèv lekòl, ann rasanble; asosyasyon sosyo-pwofesyonèl, òganizasyon katye ki soude ak popilasyon an, patriyòt tout relijyon, ann rasanble; ann rasanble nan yon gran mouvman lespwa pou n sove peyi dayiti.

Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., panse, si nou rive rasanble nan kan pwogresis, nan kan  popilè a, nan yon gran FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, nou kapab anpeche pouvwa reyaksyonè chouke pou vin aplike plan peyi letranje. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., mande tout mas la, tout popilasyon an pou l konstitiye yon veritab fòs ini otou pwòp revandikasyon l, atravè yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN. Si nou rive mete tèt nou ansanm nan kan popilè a, nan chak depatman peyi a, nou kapab rive konstri ansanm FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN an.

Se yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN ki kapab pèmèt nou reklame pou blan yo kite peyi, enpi pou ayisyen regle zafè yo ant yo menm, pandan nou pa rejte koperasyon sosyo-ekonomik, kiltirèl ak peyi letranje. Se yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab pèmèt nou batay pou fè pri gaz bese, pou lavichè bese. Yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, se espas politik tèt ansanm ant tout militan pwogresis. Se yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab pote boure pou fè wout yo konstri, pou mache yo konstri ak sekirite, byen pwòp ak twalèt, dlo pou ti komèsan sèvi, enpi pou taks sou machandiz ti komèsan bese, pou sosyetè koperativ yo jwenn lajan yo te
envesti, pou anplwaye leta touche salè yo nan lè, san aryere. Se sèl yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab denonse gran negosyan ipokrit ki monte pri machandiz,  pri pwodi premyè nesesite, pou fè lavichè vin pi chè. Se sèl yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab mete kanpe yon veritab refòm agrè entegre, yon refòm agrè ki byen ankadre peyizan ak endistriyèl ayisyen, pou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt, nan kad aplikasyon yon pwojè sosyete anti-neyoliberal, savledi pwojè lavi anfas plan lanmò. Se sèl yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab enskri devlòpman peyi dayiti nan kad yon pwojè altèmondyalizasyon anfas plan neyoliberal pwazon ak mondyalizasyon lanmizè nan peyi depandan yo.

Kanmarad atravè tout teritwa peyi dayiti, kanmarad patriyòt pwogresis ayisyen nan peyi letranje, ann ini fòs nou, nan konstri yon zouti batay pou n kwape pwojè lenmi pèp ayisyen an, lenmi lespwa, lenmi libète.
Batay pou n jwenn amelyorasyon kondisyon lavi tout popilasyon an, p ap sispann, paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize ki pa janm sispann batay.


MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN,  M.R.A.     MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN  M.R.A.

Telefòn: 559-5635

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti