Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A

 

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
______________________________________________________________
                                                                               Ayiti, premye Me 2005

POZISYON POLITIK  M.R.A.

 
Nan okazyon gran rasanbleman jodi a, militan M.R.A. p ap sispann klèwonnen nesesite pou revandikasyon nou, pou revandikasyon popilasyon an jwenn satisfaksyon. Dirijan ayisyen yo dwe sispann kite frè ak sè ayisyen nou yo ranmase imilyasyon nan batey dominiken, enpi komèsan ayisyen dwe jwenn bonjan pwoteksyon vizavi gwad dominiken k ap dechèpiye yo. Kòd lajistis dwe pase nan kou tout asasen kriminèl ki masakre peyizan, militan nan katye popilè; enpi tout lòt viktim ki mouri, pran prizon, ki sibi represyon nan silans dwe jwenn jistis.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., kontinye reklame pou leta ayisyen, sispann tout kontra zòn franch, kote tout bon tè fètil yo anba men peyi letranje, pandan anpil pitit pèp ayisyen an ap mouri ak grangou. Peyizan ayisyen, endistriyèl ayisyen kapab pwodi valè manje pou nou manje, san vant nou pa bezwen depann de peyi letranje. Nou gen tè, nou gen dlo, nou gen fòs kouray tout pèp ayisyen an ki vle travay, ki anvi travay, men ki pa jwenn travay. Leta ayisyen dwe mete kanpe yon bonjan refòm agrè entegre, pou pwodiksyon nasyonal la tounen reyalite.
Moun ki gen gwo lajan, dwe jwenn ankourajman pou yo envesti nan pwodiksyon nasyonal, nan pwodi manje lakay. Konsa, lavichè a ap bese. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., mande pou leta konstri lekòl piblik primè, segondè, andeyò tankou lavil, enpi pri lekòl sayo dwe kontwole.  Lekòl prive yo dwe suiv pwogram ki gen rapò ak reyalite sosyo kiltirèl peyi dayiti. Plis fòmasyon teknik dwe fèt nan peyi a. Inivèsite leta ayisyen  an merite total otonomi ak ankadreman, enpi, se yon nesesite pou gen plis ouvèti ak echanj ant inivèsite ayisyen yo ak inivèsite peyi letranje yo. Se pa nan ti pwogram alfabetizasyon politik, elektoralis, nou kapab rezoud pwoblèm fè nwè ki blayi nan lespri pifò moun nan popilasyon an. Men, yon bonjan kanpay alfabetizasyon kote tout sektè nan popilasyon an ap patisipe selon devwa yo genyen, ak objektif pou ogmante nivo edikasyon jeneral popilasyon an, kapab reyisi si gen volonte politik pou sa.

Fòme plis travayè sante ki gen konsyans pwofesyonèl, se yon devwa pou tout leta ki gen sousi rezoud pwoblèm sante popilasyon peyi dayiti. Leta dwe konstri lòt dispansè, reyamenaje dispansè ki mal okipe, mete bonjan materyèl ak renmèd bon mache nan lopital ak dispansè leta yo.

Enpi, fòk gen bonjan sipèvizyon, pou evite sikilasyon renmèd pwazon, dat pase, ki soti nan peyi letranje. Leta ayisyen dwe fè tout sa l kapab pou l bay renmèd fèy jarèt nan lekòl famasi nan inivèsite, pou pèmèt renmèd vin pi bon mache nan peyi a, enpi pou n pa depann de renmèd ki soti nan peyi letranje. Fòmasyon popilasyon an nan domèn lasante, ak konesans sou maladi, dwe fèt ak detèminasyon.

Anpil metye ap disparèt, tankou kòdonye, tayè, koutiryè, fèblantye. Tout atizan sayo merite ankadreman nan men leta. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., reklame pou leta diminye taks sou ti komèsan, sou ti machann. Si gran komèsan ayisyen ak etranje peye taks sou machandiz yo, enpi, si fonksyonè nan administrasyon piblik yo pa tranpe dwèt yo nan lank kòripsyon, enben leta ap jwenn mwayen pou l fè  bonjan wout, pou l bay kouran, bon dlo potab, lavil tankou andeyò. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. p ap janm sispann reklame pou leta legalize tout tè ki deja nan men mas pèp la. Peyizan ki deja travay tè yo, ki deja bati kay sou tè yo, dwe jwenn papye tè yo nan men leta prese prese. Malere, malerèz ki deja bati kay yo sou tè leta dwe jwenn papye tè yo nan men leta. Lajistis dwe pase kòd nan kou tout sitwayen ki kraze rekòt ak byen peyizan, enpi k ap fè fo papye pou eseye jistifye tè leta se pou yo.

Nou konnen,  yon leta restavèk pa gen ni volonte, ni posiblite pou l kapab satisfè lis revandikasyon popilasyon an.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. mande popilasyon an pou l pa dekouraje. Nou tout ki sanble, ann rasanble. Si w dakò pote kole ak senserite nan batay pou defann kòz mas yo, ann rasanble; mouvman ak pati politik mas popilè yo, asosyasyon peyizan ak ouvriye, ann rasanble; gwoup kiltirèl, asosyasyon atis, etidyan, elèv lekòl, ann rasanble; asosyasyon sosyo-pwofesyonèl, òganizasyon katye ki soude ak popilasyon an, patriyòt tout relijyon, ann rasanble; ann rasanble nan yon gran mouvman lespwa pou n sove peyi dayiti.

Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., panse, si nou rive rasanble nan kan pwogresis, nan kan  popilè a, nan yon gran FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, nou kapab anpeche pouvwa reyaksyonè chouke pou vin aplike plan peyi letranje. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., mande tout mas la, tout popilasyon an pou l konstitiye yon veritab fòs ini otou pwòp revandikasyon l, atravè yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN. Si nou rive mete tèt nou ansanm nan kan popilè a, nan chak depatman peyi a, nou kapab rive konstri ansanm FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN an.

Se yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN ki kapab pèmèt nou reklame pou lokipasyon teritwa peyi dayiti a sispann, enpi pou ayisyen regle zafè yo ant yo menm, pandan nou pa rejte koperasyon sosyo-ekonomik, kiltirèl ak peyi letranje. Se yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab pèmèt nou batay pou fè pri gaz bese, pou lavichè bese. Yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, se espas politik tèt ansanm ant tout militan pwogresis ak tout popilasyon an.

Se yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab pote boure pou fè wout yo konstri, pou mache yo konstri ak sekirite, byen pwòp ak twalèt, dlo pou ti komèsan sèvi, enpi pou taks sou machandiz ti komèsan bese, pou sosyetè koperativ yo jwenn lajan yo te envesti, pou anplwaye leta touche salè yo nan lè, san aryere. Se sèl yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab mete kanpe yon veritab refòm agrè entegre, yon refòm agrè ki byen ankadre peyizan ak endistriyèl ayisyen, pou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt, nan kad aplikasyon yon pwojè sosyete anti-neyoliberal, savledi yon pwojè lavi. Se sèl yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab enskri devlòpman peyi dayiti nan kad yon pwojè altèmondyalizasyon anfas plan neyoliberal pwazon ak mondyalizasyon lanmizè nan peyi depandan yo.

Kanmarad atravè tout teritwa peyi dayiti, kanmarad patriyòt pwogresis ayisyen nan peyi letranje, ann ini fòs nou, nan konstri yon zouti batay pou n kwape pwojè lenmi pèp ayisyen an, lenmi lespwa, lenmi libète.
Batay pou n jwenn amelyorasyon kondisyon lavi tout popilasyon an, p ap sispann, paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize ki pa janm sispann batay.


MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN,  M.R.A.     MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN  M.R.A.

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti