Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A

 

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
_______________________________________________________

DEKLARASYON    30 JANVYE 2004x

Nan chak kalfou mobilizasyon pou derasinen rejim konze lavalas la, Jan Bètran Aristid toujou parèt ak pwopozisyon dilatwa, nan konplisite ak kominote entènasyonal la. Tanto se gwo potanta gouvènman kèk peyi letranje, tanto se enstitisyon entènasyonal, tankou O.E.A., ki sèvi ponpye pou eseye tenyen flanm mobilizasyon an.

Nan mwa janvye 2004, KARIKÒM, nan konplo ak pouvwa konze lavalas la, ak kèk sektè nan lopozisyon tradisyonèl la, deside souflete pèp ayisyen an, kote yo ofri yon entèvansyon militè kòm kado bisantnè lendepandans peyi dayiti.
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. eksprime endiyasyon yo kont yon pwojè zangi antinasyonal konsa. Nou panse, yonn nan etap pou rezoud divès kriz k ap travèse zantray peyi a, se pou Jan Bètran Aristid kite pouvwa a. Pou sa rive fèt, fòk mobilizasyon an kontinye pi rèd ak plis detèminasyon, pandan n ap mande pati nan lapolis la ki konnen wòl li, pou l pa ekzekite lòd antipopilè kont popilasyon an ki gen dwa manifèste. Enpi, nou kondane ak tout fòs nou, zak brital ak vyolasyon dwa moun lapolis ap komèt kont sektè òganize nan sosyete a, kont sitwayen ki rive mouri ak bal, ak gaz pwazonnen lapolis la itilize.

Wèpawè, fòk Aristid ansanm ak rejim lavalas la derasinen. Men, gen lòt etap nan batay la, ki dwe pèmèt nou konstri yon peyi osèvis pitit li. Nan sans sa, militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. panse, inisyativ pou mete kanpe yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN, ki reyini òganizasyon ak militan pwogresis atravè tout teritwa peyi dayiti, ak ayisyen nan peyi letranje, se yon inisyativ kòrèk, ki jwenn patisipasyon M.R.A. Yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN, ta dwe yon zouti nan men tout popilasyon an, pou pèmèt revandikasyon popilè yo jwenn satisfaksyon.
Batay la ap kontinye...
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize ki pa janm sispann batay...

Pou sekretarya pèmanan MOUMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A.

 

                                                                                                             

 

 

 

Moso listwa Dayiti