EDITORYAL
Nan zafè diri k ap pale a, kòman sa ye?
Enben, gouvènman Aristid-Cherestal-Neptin lan ki te pwomèt jarèt pou pwodiksyon nasyonal la, se menm konze sa yo ankò ki retire nan kès leta plizyè milya goud pou fè depo diri etranje. Lajan sa ki te kapab envesti nan latibonit ou byen lòt kote nan peyi a pou pwodi diri nasyonal, enben lajan sa rantre nan pat kasav blan peyi letranje ki voye diri pèpè nan peyi Desalin, nan peyi Chalmay Peralt la. Dapre enfòmasyon k ap sikile, plizyè kagezon diri pèpè leta ayisyen achte pou ti kras monnen chak sak ta estoke nan depo lavalas, enpi se gwo chèf lavalas ki gen dwa fè komès la. Denpi moun lan dakò se lavalas li ye, yo van n li bon mache yon n ou byen plizyè sak diri pèpè, enpi l tounen ti machan n lavalas. Pou depite senatè lavalas menm, se gwo machan n diri pèpè k ap revan n sou non “diri bon papa“, paske yo chak gen dwa plizyè pil 400
sak diri pou bon sèvis yo bay leta lavalas la. Menm ajan Simo, Swatim, ak chèf lapolis se gwo machan n diri ak kout koko makak.
Mezanmi, kote nou ye? Lavalas fini ak peyi a tout bon vre. Pa gen diyite ankò, se naje pou soti, kivledi vòl, kòripsyon nèt al kole. Pandanstan, chèf lavalas la Jan Bètran Aristid chita anlè, l ap separe sak diri pèpè bay patizan ki pi zele, ki bay li plis garanti fidelite.
Diri lapè, diri pèpè, diri lawont, se yon kout pwanya nan do tout peyizan ayisyen. Men, pèp ayisyen p ap bay ni panzouyis, ni enperyalis, ni konze lavalas, ni palmantè granmanjè machan n diri chango, ni konvèjans demagojik legen.
Magerit Abèl
Lè m nan Grandans, se Radyo PIPIRIT mwen koute.
Lè m nan Nò ak Nòdès, se Radyo ATLANTIK sèlman m koute...
E wou menm ?
POLITIK
ÒGANIZASYON PO PISTACH
Ki sa n ka konsidere kòm òganizasyon popilè?
Asosyasyon chimè yo rele JPP, Jan l Pase l Pase nan pòtoprens ki gen alatèt li Rene Sivil, yon atoufè san manman, yon V.S.L. Volontè Sekirite Lavalas, se pa òganizasyon popilè. JPP, se yon asosyasyon malfektè, yon òganizasyon atoufè. Menm jan tou, lòt òganizasyon ki rele dòmi nan bwa nan ti gwav, bale wouze nan senmak, tout òganizasyon sa yo, lè yo di O.P., sa pa vledi òganizasyon popilè, sa vledi òganizasyon chimè pwo lavalas, sa vledi òganizasyon po pistach ki vid.
Yon òganizasyon popilè, se gwoupman moun ki kapab genyen tandans politik diferan, enpi yo mete tèt ansanm pou yo defan n revandikasyon ak enterè yo. Revandikasyon sayo kapab pou fòse otorite etabli yo bay bon wout, bay limyè, dlo, bon lekòl, dispansè ak lopital. Revandikasyon sayo kapab pou fòse otorite yo bay popilasyon an travay, tè pou l fè kay pou l rete, tè pou l fè jaden. Òganizasyon popilè kapab reklame pou l jwen n bonjan sistèm transpò pou popilasyon an sikile, li ka reklame telefòn ak nenpòt lòt mwayen ki pèmèt moun kominike ak lòt moun.
evandikasyon òganizasyon popilè konsekan kapab pote sou nesesite popilasyon an genyen pou l jwen n sekirite anfas zenglendo nasyonal ak entènasyonal; popilasyon an gen dwa reklame pou etranje pa vin vòlè richès peyi l. Revandikasyon mas popilè yo, revandikasyon òganizasyon popilè se fòse otorite yo mete bonjan lekòl leta gratis pou malere pandan y ap fòse lekòl prive bese pri kantite lajan y ap mande malere.
Ansanm revandikasyon sayo pèmèt nou konpran n, kèlkeswa sektè politik yon moun ap defan n, li kapab fè pati òganizasyon popilè ki pa ta dwe tounen òganizasyon raketè, ni òganizasyon atoufè osèvis yon klan, yon pati politik ki li menm deja fin van n enpi souke panyen. Nou kapab konpran n lojik batay popilè a jodya, kreye sitiyasyon kote denpi kèk militan jwen n satisfaksyon enterè pèsonèl yo, satisfaksyon kominotè a vin manke enterè pou yo.
Se pou sa, nou menm nan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN M.R.A. nou panse fòk fonksyònman veritab òganizasyon popilè yo gen lòt oryantasyon, lòt disiplin sou direksyon eleman konsekan mas popilè yo, pou evite òganizasyon popilè vin tounen òganizasyon raketè, òganizasyon atoufè tankou sila yo ki osèvis rejim lavalas la ak konvèjans demagojik tonton makout yo.
Tout lòt òganizasyon popilè k ap pran nesans, tankou lòt òganizasyon popilè ki rete konsekan, yo dwe gen lòt modèl estrikti, lòt ankadreman pou pèmèt revandikasyon popilasyon an rive jwen n satisfaksyon.
Batay la fenk kòmanse.....
Jinèt Batis
CHERESTAL: NAN PRIZON !
Katchouboumbe nan mitan fanmi konze gran manjè lavalas la kote depite lavalas ap touye majistra lavalas, kote akizasyon sanble tonbe sou senatè lavalas kòmkwa lanmò yon gwo potanta lavalas, patriyòt Jan Leyopòl Dominik ansanm ak kolaboratè l Janklod Lwisen ta sòti anba kout bal yon gwo asasen senatè konteste lavalas yo akize tou kòm gwo trafikan dwòg. Rimè piblik fè konnen senatè toupisan sa se li menm ki responsab trafik dwòg pou rejim lavalas la, enpi tou, tout zak sazinay anfavè rejim lan pase pa jennonm sila, yon ansyen jandam tonton makout yo rele Dani Tousen.
Nan tout rankwen peyi a, se wounouwounou nan tout katèl meri ak nan mitan kazèk azèk kote yon n ap akize lòt vòlò gran manjè. Nan biwo premye minis lan, Jan Mari Cherestal blije bay demisyon l paske ti gwoup chimè k ap sèvi l yo pa gen ase fòs douvan chimè Anriklod Mena ki pa janm monte bourik a 2 ak mouche Cherestal.
Tout moun ka konpran n, rejim lavalas la pèdi souf. Jwè sovaj konvèjans demagojik tonton makout yo ki chita sou ban rezèvis enperyalis la deja kòmanse ap chofe sou liy touch, yo kòmanse ap file koulin yo, yo deja bay fè pi gran pòch pantalon gwo ble nan fòm makouti pou yo vin charye lajan pèp ayisyen.
Jan Mari Cherestal, ansyen premye minis popetwèl lavalas renmèt lèt demisyon l bay Jan Bètran Aristid ki se papa enstitisyon kòripsyon ki rele fanmi konze gran manjè lavalas dechèpiyè kès leta a. Kesyon k ta dwe poze, se:
1- Ki moun Jan Mari Cherestal ye?
2- Ki sa ki blije Jan Mari Cherestal bay demisyon l?
3- Ki bilan travay Cherestal nan tèt gouvènman granmanjè a?
4- Ki atitid popilasyon an vizavi demisyon Cherestal la?
5- Ki sa lajistis ta dwe fè nan ka sa?
6- Ki pozisyon militan ayisyen konsekan anfas demisyon pwograme sa?
Ki moun Jan Mari Cherestal ye?
Jan Mari Cherestal, se yon bonjan elèv ki t ap fè klas li nan lekòl lavalas la, kote l t ap antrene pou l vin vòlò tankou plizyè lòt ki pase anvan l sou chèz boure premye minis la.
Mouche Cherestal, se yon ansyen gwo anplwaye nan ministè koperasyon. Nan ministè sila, gran fonksyonè yo sibi antrenman pou yo detounen lajan kominote entènasyonal la voye nan benefis yo menm ak ti klik pa yo. Se djòb sa menm Aristid te bay Jan Mari Cherestal fè kote pifò nan swadizan èd malatchon n kominote entènasyonal la fè chimen kwochi pou l al ateri nan bank peyi letranje sou non bawon lavalas. Mouche Cherestal te tèlman bay bon randman, li te jwen n rekonpans djòb premye minis, chèf gouvènman konze lavalas. Pou nou konpran n pi klè wòl ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn lan, n ap sèlman site non moun ki t ap dirije ministè sila sou gouvènman Cherestal la. Se panzouyis tonton makout Mak Lwi Bazen, yo te abitye bay ti non jwèt Mistè Klin lè l te minis finans sou Bebidòk Janklod Divalye. Nou raple enfòmasyon sa sitou pou tout pòt pawòl lavalas yo sonje si gen sektè politik nan peyi a ki fè alyans ak bouwo pèp ayisyen, ak tonton makout zèl di, se konvèjans demagojik la ansanm ak fanmi lavalas. Kidonk, Jan Mari Cherestal, se yon jennonm ki pa t vin okipe djòb premye minis ak vizyon pou l regle zafè pèp, ni pou fè respekte diyite n kòm nanchon. Jan Mari Cherestal se yon veritab ouvriye politik k ap resevwa lòd nan men patwon lokal li, Aristid, ak nan men patwon entènasyonal nan depatman deta, nan mezon blanch peyi Etazini; Jan Mari Cherestal resevwa lòd nan palè Elize, nan Matinyon peyi lafrans. Jan Mari Cherestal se yon apatrid, yon konze ki trayi pèp ayisyen.
Nou pa ta dwe di Jan Mari Cherestal se yon trèt paske pèson n pa t konnen moun yo rele Cherestal la jis pou l ta pwomèt li te pra l fè kichòy pou peyi a. Nou ta dwe di pito Jan Mari Cherestal se yon etranje rapas ki vin vòlò pou l al jwi nan peyi l, nan peyi letranje.
Enpi, ki bilan pasaj Cherestal alatèt gouvènman konze granmanjè lavalas la?
Nou kapab mezire bilan yon gouvènman apati pwomès li te fè ak sa l rive reyalize. Ki pwomès ki te fèt, lè Jan Bètran Aristid te mete kouwòn prezidan sou tèt li nan dat 7 fevriye 2001? Aristid te di li pra l mete kanpe yon gouvènman ki gen pou misyon reyalize plizyè milye kilomèt wout nasyonal ak wout segondè.
Nou menm jounalis Kaskèt, nou pa gen pretansyon di nou vwayaje atravè tout peyi a. Men nou konnen plizyè moun, plizyè patriyòt k ap li jounal kaskèt, yo kapab konstate ak pwòp zye yo si wout yo fèt vre. Madan Sara ki abitye bat kò yo atravè tout peyi a nan vye machin bwat, vye rache pwèl, eske se vre Jan Mari Cherestal ak Aristid fè wout yo? Dayè, wout yo vin pi mal. Nan kèk zòn andeyò vil yo, plizyè majistra granmanjè lavalas, pou yo jistifye kòb yo vòlè nan kès leta, yo fouye kèk kannal san prensip ak pant ni kanivo, sa ki lakòz wout yo gate pi mal, kote pye pitit pèp la ap kase nan twou, moun pa fouti mache aswè lè gen dekou. Menm lè la lin klè, se kalamite pou moun andeyò. Andedan vil yo, menm majistra konze granmanjè lavalas, ansanm ak kazèk, azèk san konsyans, yo pran labitid bouche kèk twou nan wout yo ak tè. Sa leve lapousyè, sal rad malere malerèz, sa lakòz moun pa sispan n touse, moun pa sispan n trape maladi. Olye Aristid ak Cherestal ranje wout, se plis mizè yo kreye pou malere malerèz. Nan sans sa, Jan Mari Cherestal, se asasen.
Nan menm diskou envestiti Aristid la, li te pwomèt pral gen anpil lekòl. Eske se lè manda l bout tout lekòl sa yo pral konstri? Pitit Jan Mari Cherestal, pitit Aristid jwen n lekòl pou yo apran n pale franse zuzu, yo jwen n lekòl pou yo apran n kòman pou yo twonpe pèp la, men eske gen lekòl vre pou mas pèp la? Eske pri lekòl yo bese?.
Eske kèk gren n lekòl leta, swadizan leta yo ki la gen ban, materyèl ak konfò pou ti moun yo apran n? Eske mèt yo anseyan yo jwen n ankadreman pou yo fè travay edikasyon an kòmsadwa? Lè rejim lavalas la di l ap envesti nan moun ki sa sa vledi? Eske sa vledi achte anpil zam fan n fwa pou distribiye bay chimè ak gwo tonton makout lavalas pou yo gen plis mwayen represyon sou pèp la?.
Aristid te chita ak Cherestal pou yo vin pwomèt pèp la yo pral bay anpil djòb. Ki sa n konstate? Vin gen plis chomè nan peyi a. Nan peyi dayiti, se biwo leta ki konsidere kòm faktori, kòm izin pou anplwaye patizan lavalas. Apre sa tout antrepriz leta yo: minotri, siman dayiti, teleko, tout fin van n bay blan je vèt, bay gwo kapitalis ki revoke ouvriye ayisyen, anplwaye ayisyen pou mete machin, anplwaye etranje ak konplis yo travay nan plas yo.
Aristid ak Cherestal te pwomèt pwodiksyon nasyonal pral pran jarèt kòmkwadire peyizan latibonit t ap jwen n plis
mwayen pou yo pwodi diri pou konsomasyon lokal la. Enben ki sa k pase? Se eskandal diri lawont yo rele diri lapèrèz ki kontinye ap kraze pwodiksyon nasyonal la. Move payas Cherestal-Aristid te di sekirite pral blayi agogo, enpi lajistis te pral feraye andedan peyi dayiti Toma. Blòf pi rèd. Doktè Jan Ivon Tousen mouri malgre se senatè l te ye, jis kounyè a koupab yo ponkò anba kòd. Kòm doktè Tousen pa t gen gwo bwa ki kore bannan n li, tout moun, menm lajistis gentan bliye l. Asasen touye patriyòt Jan Leyopòl Dominik ansanm ak kolaboratè l Janklod Lwisen. Gen anpil prèv ki deja akimile sou prezime koupab zak teworis sa; men, ni Aristid, ni Cherestal pa ka oze mete men nan kòlèt koupab yo, paske yo menm tou yo konplis. Non Dani Tousen site nan zak sazinay la, men l derefize vin di sa l konnen pou fè limyè. Gen chèf pase chèf. Pandan Aristid-Cherestal ap klèwonnen zewo tolerans, atoufè gran fonksyonè ap piye kès leta. Gran fonksyonè lavalas, se yo menm ki ekri nan pwòp chèk yo kantite lajan yo dwe touche. Anplis, fòk se leta ki achte kay gwo lajan pou yo, fòk se leta ki peye tikè avyon pou yo menm, fanmi ak zanmi yo al flannen nan peyi letranje, fòk se lajan leta ki grese kont yo genyen nan bank peyi letranje.
Ensekirite blayi andedan tankou andeyò vil yo. Andeyò, peyizan pa sispan n pèdi bèt li, bèf, chwal, bourik, kabrit, kochon. Andedan vil, depite lavalas ap fè zak kanbriyolaj sou malere kanbis k ap chanje lajan, polisye lavalas ap kidnape moun pou mande lajan.
Gouvènman konze granmanjè lavalas la, se zewo bare. Bilan pouvwa lavalas la negatif. Se yon gouvènman anti pèp, anti popilè. Se sèl kèk chimè ak gran fonksyonè lavalas ki benefisye sou Cherestal-Aristid. Pèp la, li menm, li pa jwen n.
Ki sa ki blije Cherestal renmèt demisyon l, enpi ki atitid popilasyon an vizavi demisyon sa?
Avan demisyon sa te anonse, moun abitye asiste nan radyo dyèl ant 2 gwoup chimè lavalas.
Yon gwoup k ap reklame pou dechoukay Cherestal fèt prese prese, yon lòt gwoup ki byen touche nan men Cherestal mande pou l rete kontinye vòlò nan kès peyi a.
Jwèt woulemdebò sa a, se nan peyi Taba ak nan palè nasyonal menm li jwe. Se tankou yon pyès teyat mesye dam lavalas yo fin fè repetisyon Taba, enpi yo vin resite leson an nan radyo pou montre gen demokrasi lavalas. Pèp la wè aklè se pa demokrasi, se demagoji lavalas. Se Aristid menm ki te deja antan n ak Cherestal pou l fè tokay li, move payas li pase yon ti bout tan premye minis pou fè dilatwa jis pou blan ta lage kèk degouden nan bòl ble yo. Men blan an, se separasyon gato a li mande ant 2 sè marasa fanmi konze lavalas ak konvèjans demagojik. Demisyon Cherestal la fèt pou atire konvèjans demagojik la nan pyèj pataj djòb leta, yon fason pou Aristid kwochi jenou l, bese tèt li douvan blan pou di rekonsilyasyon an fèt, enben simen dola vèt sou nou pou n panpannen.
Alòs, nou ponkò konnen si konvèjans demagojik la, tankou li abitye fè l sou lòt etikèt, pral pote boure. Men nan ka kontrè, Aristid blije jwen n lòt popetwèl pou kontinye dilatwa a ki pèmèt li asire djòb prezidan an pou yon ti bout tan ankò. Men atansyon, jwèt la bosal, paske kòd la kòmanse sere nan kou granmanjè yo.
Cherestal di l demisyone. Oken n moun nan popilasyon an pa di ni yo kontan ni yo fache, paske voryen yo rele Cherestal la pa t la pou regle zafè pèp. Moun pa kontan, paske yo konnen apre Cherestal, se yon lòt move payas Aristid ki pral gen mayèt la nan men l. Pandanstan, pèp la ap òganize l. Moun pa fache nonplis, pou tèt Cherestal di l rale kò l paske moun yo pa t patizan Cherestal ni patizan Aristid. Moun yo pa fache pou tèt Cherestal bay demisyon l, yo fache paske yo ponkò reyini kont mwayen pou yo bay rejim konze granmanjè lavalas la kanè.
Ki sa lajistis ta dwe fè anfas demisyon konze Cherestal?
Cherestal fin vòlò, li fin lakòz anpil pitit pèp la mouri grangou, enpi yon senkèdmanten l leve li bay demisyon l. Pèson n pa mande l ran n kont. Tout moun dakò. Eske yon sitwayen konsa pa ta merite jije pou manti li menm ak Aristid bay popilasyon an? Eske kòd lajistis pa ta dwe pase nan kou Cherestal pou l vin di dekiprevyen anpil kòb leta fè fon nan pòch li, nan pòch minis ak direktè jeneral li t ap dirije?.
Nou deja konnen, anrichisman ilisit sitou apati kès leta, se yon krim ki merite jijman ak prizon. Si jodya gouvènman konplis, jij konplis paske lajistis lavalas se lajistis kase fèy kouvri sa, kou siperyè kont konplis, palmantè koupyon japwouv konplis, yo pa vle trennen Jan Mari Cherestal douvan tribinal, enben pèp ayisyen gen memwa, l ap tan n lè jou pa l rive pou l mande vòlò regleman.
Ki pozisyon militan revolisyonè konsekan vizavi demisyon kriminèl Cherestal?
Militan revolisyonè dwe twoke lide pou batay popilè a pran plis jèvrin anfas dekonfiti nou twouve n jodya. Fòk nou kritike, denonse, enpi fè pwopozisyon. Tout moun nan kan popilè a ki bèbè jodya, nou ka di ou byen yo pè pale pou van represyon pa pote yo ale, ou byen yo pè pale pou si paka lòt sektè yo ta va kritike vin pran pouvwa. Nou panse, si w pa pale, pou n gonfle vwa revandikatif nou, pou n gonfle van revòlt la, enben se yon fòm konplisite ak reyaksyonè machan n ak vandè peyi yo. Paske konze lavalas yo ansanm ak konvèjans tonton makout yo souvan panse, si n pa di anyen, sa ta vle di nou dakò ak politik y ap mennen pou dekoupe kòpyèz richès peyi a ant yo menm ak patwon etranje yo.
Demisyon Jan Mari Cherestal rantre nan kad estrateji pou fè dilatwa. Kounyè a, deja gen yon lis kandida lavalas pou djòb prezidan nan lane 2005. Nan sans sa, pouvwa anplas la pa sispan n fè demagoji sou dat 2004 ki ta make bisantnè
lendepandans peyi dayiti. Konze lavalas pa byen plase pou pale de lendepandans peyi dayiti, paske yo poteke peyi a, yo lakòz etranje fè sa yo vle anndan peyi a, enpi yo lakòz ayisyen nan peyi letranje ap sibi imilyasyon. Bisantnè, 200 lane lendepandans peyi a nan lane 2004 pa kapab prepare ni selebre ak konze trèt lavalas, ni ak konvèjans demagojik.
Demisyon Cherestal la, se yon pèt louvri pou kolaborasyon dirèk ant fanmi lavalas ak konvèjans demagojik yon fason pou yo ini fòs yo dekwa pou yo pote mouvman kontestasyon popilè a dènye kou a. Pèp ayisyen an dwe kontinye òganize rezistans lan. Monte baz òganizasyon konsekan pou n jwen n mwayen diskite enpi pataje lide mouvman popilè djan m, yon mannyè pou n pote yon repons an blòk bay marasa move payas yo.
Viktwa final, se pou pèp ki pa janm sispan n batay...
Meransin Jozye
ENSEKIRITE: ARISTID PRIZONYE
Pèp ayisyen resevwa enfòmasyon kòmkwa gouvènman lavalas peye blan meriken plis pase 9 milyon edmi dola vèt pou asire ensekirite Jan Bètran Aristid. 9 milyon edmi dola vèt, kivledi apeprè 250 milyon goud. Nou kapab konpran n kòman Aristid itilize lajan leta pou l mete tèt li pi plis toujou nan prizon blan meriken ak 60 bouwo meriken pou siveye prizonye a. Sa, se yon veritab souflèt pou polis nasyonal la, ki enkapab dapre Aristid.
60 jandam meriken yo k ap siveye Aristid, se nan men blan meriken yo resevwa lòd. Bouwo meriken yo gen aparèy kominikasyon pou anrejistre enpi transmèt tout koze, tout konplo kont patwon enperyalis.
Se jandam meriken yo ki bay Aristid otorizasyon fè nenpòt deplasman, pran nenpòt desizyon. Savledi, Aristid nan plis ensekirite pase anvan, paske se pwòp lenmi pèp ayisyen k ap touche kòm bouwo.
9 milyon edmi dola vèt pou mendèv sèlman. Zam pou fè djòb la se nan peyi meriken yo achte pou lòt gwo lajan. Petèt menm se fo zam jwèt, paske ki moun Aristid pè pou pa vin fè lagè ak li? Se menm meriken yo ki kapab bay konplis li otorizasyon fè sa. Lè yo ta deside atake Aristid tout bon vre, w ap tande swa bouwo meriken retounen lakay yo nan lame meriken, swa yo anonse Aristid fè aksidan avyon, aksidan elikoptè... Pèp la, zye nou la, n ap gade yo.
Matye Vòb
IVON NEPTIN: PREMYE MINIS MERIKEN
Sitwayen Ivon Neptin chouke premye minis Jan Bètran Aristid anba gwo bravo palmantè japwouv nan palè lejislatif la nan mwa mas 2002. Nan epòk Ivon Neptin te pòt pawòl pati Fanmi lavalas, pòt pawòl gouvènman lavalas, chèf palman koupyon an, koripsyon te blayi nan tout administrasyon leta atravè 9 depatman peyi dayiti.
Jodya, eske koripsyon nan bwat leta yo pral sispan n? Nimewo paspò meriken premye minis nome a deja pibliye nan divès jounal. Atik 96 ak atik 97 konstitisyon mwa mas 1987 peyi dayiti deklare: Pou yon sitwayen gen dwa vin senatè ou byen premye minis , fòk moun sa fèt ayisyen, enpi li pa dwe janm pase drapo peyi dayiti anba pye l. Nou deja konnen, lè yon ayisyen mande nasyonalite meriken, leta meriken fòse ayisyen sa mache sou drapo ayisyen an, yon fason pou ayisyen sa bay garanti li meprize peyi dorijin li.
Ivon Neptin imilye peyi dayiti, li pile drapo a, enpi Jan Bètran Aristid enpoze pèp ayisyen an yon apatrid, yon etranje kòm premye minis. Savledi, Aristid pran tout pèp ayisyen pou enbesil. Ivon Neptin ta dwe repon n pou di si se vre nimewo 03534918 se nimewo paspò meriken ki anba malèt li. Si se vre, Aristid ta dwe ran n kont devan konstitisyon peyi dayiti, paske sa se yon krim ot trayizon. Gen moun ki di Aristid fè yon tès ak Ivon Neptin pou wè si pèp ayisyen ap vale koulèv Neptin, apre sa, se lòt sitwayen meriken, lòt sitwayen etranje Aristid ak lavalas pral vle chouke nan tout gwo pòs leta. Peyi a van n vre bay nèg je vèt. Mèsi fanmi konze lavalas !
Maryon Lemèsye
LAVALAS NAN OKABINÈ
Kilès ki pa sonje 27 novanm 1990 kote popilasyon nan Nò ak Nòdès te leve kanpe pou akeyi Aristid nan tounen elektoral li. Bouke flè, rido, kouwòn sou tout longè kòtèj la, netwayaj katye, dekorasyon... Bèl fèt sa te posib gras devouman ak mobilizasyon mas pèp la ki te idantifye tèt li atravè kèk pawòl ki te kon n soti nan bouch Aristid, tankou: wòch nan dlo pa kon n doulè wòch nan solèy, yon sèl dwèt pa manje kalalou, fòk kat la rebat...
7 fevriye 1991 Aristid monte sou pouvwa kòm prezidan. Lespwa nan chanjman, lespwa nan lavi miyò bò kote mas popilè yo, menm lè se rèv je klè yo t ap fè.
30 sektanm 1991, koudeta voye plis pase 6 mil moun nan peyi san chapo. 7 mwa pouvwa lavalas pa t ase pou pèmèt popilasyon an dekouvri Aristid kòm papa blofè. Koudeta a vin ranfòse rèv lakay mas la kòmkwa Aristid te pral fè chanjman, se koudeta a ki lakòz anyen serye pa regle pou mas yo ki t ap sipòte pouvwa a.
Oktòb 1994, Aristid retounen sou pouvwa anba pwoteksyon blan meriken, retou sa ankò te pral ogmante rèv je klè lakay mas yo yon bò, yon lòt bò retou a lakòz yon bon valè militan politik baskile nan kouran opòtinis granmanjè, raketè politik ak trafikan lanmizè.
Soti lane 1987 pou rive 1995, Aristid te rete yon nèg ki benefisye yon gran senpati nan mitan mas popilè yo. Se senpati sa menm ki te pouse blan meriken retounen ak mouche sou fòtèy la ak garanti pou andyoze lespri mas yo, kalbende yo ak fo pwomès, likide antrepriz leta yo, jwe wòl sapè ponpye nan moman boulvèsman sosyal ak politik yo.
Pwovèb la di: vini nou bèl, ale nou lèd ! Ki moun ki te ka prevwa Aristid jodya ta rive ap pratike politik mawonaj anndan depatman Nò ak Nòdès peyi a? Se anbachal Aristid ap deplase atravè peyi a. Ki moun ki te ka prevwa se akèy desepsyon ki ta rezève pou swadizan lidè istorik la?.
1990, pat gen Simo ni Swatim, men te gen taktik tonton makout. E poutan, se popilasyon an ak militan baz yo ki te mobilize pou resevwa.
Aristid nan kad tounen elektoral li t ap fè.
Jounen jodya, pa gen sa pyès ! Okontrè se rimè adwat, rimè agòch Aristid ap vini. 2 ou byen 3 jou avan ou tande vizit sa bwè luil. Popilasyon nan 4 kwen peyi a resi ran n yo kont pa gen oken n espwa chanjman ak lavalas, lavi chak jou vin pi difisil pou malere ak malerèz. Lanmizè kwaze pye sou kòtòf lestomak mas pèp la, pandanstan dirijan lavalas ap akimile richès. Se chak jou yon eskandal kòripsyon ak vòl eklate nan leta; Lè se pa dwòg, se lajan nan D.G.I. Lè se pa diri, se eskandal tòl, planch, ti bonbon rika ki eklate nan lachan m. Chimè, milis V.S.L. Volontè Sekirite Lavalas gaye nan tout rankwen peyi a pou teworize opozan politik, jounalis ak popilasyon pòv la. Evènman raboto, site solèy, fò mèkredi, lasalin se 4 gran egzanp vivan pami anpil lòt. Nan yon kontèks politik sosyal malouk konsa, kòman w ta vle pou popilasyon an akeyi yon chèf leta ki pran diplòm nan sitirè?.
Nan depatman Nò ak Nòdès, elektrisite se nan ti gòdèt sa bay pafwa anndan vil okap. Dlo gen plizyè lane sa pa koule nan wobinè moun okap. Soti kafou avyasyon nan okap pou rive wanament, se pousyè moun ap vale. Tèt moun an boulatcha pou nenpòt ti lapli ki antere kay malere ak fatra, labou, dlo sal. Chomaj, pwostitisyon, mandisite gaye nan kanton an. Otorite san konsyans yo pa fè anyen pou redrese sitiyasyon an. Yon sèl bagay ki enterese yo, se foure men pran.
Militan konsekan dispoze sipòte tout sitwayen, tout gwoup òganize nan divès depatman peyi a, ki pare akèy desepsyon pou reprezantan pouvwa granmanjè a nan kad tounen demagojik y ap antrepran n.
Nan dat 18 mas 2002, Jan Bètran Aristid te al ran n moun Nòdès vizit, ansanm ak sekirite blan ki touche gwo milyon dola vèt. Popilasyon an pa mete bouke flè, men l mete pil fatra
ak okabinè. Gen zòn nan depatman Nòdès la kote plizyè machin ofisyèl te kole, te patinen nan okabinè. Lameri nan otwou te badijonnen ak okabinè. Kanta pou kay prezidan lachanm lan, depite japwouv Woudi Erivo, okabinè te fè kòlta nan tout pòt kay li. Eslogan ki pa mache nan san rejim lavalas la fè kenken nan grafiti atravè tout gran vil nòdès
yo. Lodè okabinè yo te tèlman move, Aristid ak kòtèj li pa t ka desann vit machin ofisyèl pou voye men bay popilasyon an ki pa sispan n sibi imilyasyon ak zak trayizon anba men potanta rejim lavalas la.
Anpil trak te distribiye atravè depatman nò ak nòdès peyi a. Gwoup militan ki revandike operasyon an se Konbit Rezistans Kont Lavalas. Trak la te prezante konsa:
Se menm trak sa ki te simen pa pakèt nan vil okap ak zanviwon nan okazyon vizit Jan Bètran Aristid nan depatman nò nan dat 7 avril 2002.
Malgre otorite granmanjè lavalas te fè jefò nan ranmase fatra nan kèk ri nan vil okap, sa pa t anpeche popilasyon an krache kòlè l, voye boutèy ak wòch nan plizyè katye sou kòtèj prezidansyèl la, sa ki te fè jandam blan tankou nwa tire valè kout zam pou pèmèt kòtèj la rapousuiv wout li.
Kèk jounalis mal enfòme ta vle fè kwè se konvèjans demagojik ki reyaji nan okazyon vizit lawont sa. Men, lè nou li trak la, lè n konnen konvèjans demagojik se yon kantite neglijab nan depatman nò ak nòdès peyi a, nou kapab konpran n nan 2 depatman sa yo gen yon fòs solid, byen estriktire nan mitan mas popilè yo. Nou di ayibobo pou militan Konbit Rezistans Kont Lavalas.
Nan plizyè estasyon radyo depatman nò ak nòdès popilasyon an ak militan politik te denonse vizit Aristid la. Popilasyon okap te rete chita lakay li. Sa pa t anpeche majistra andeyò vil yo ki te resevwa kòb nan plizyè milyon goud Aristid te dispoze pou deplasman sa, pou peye peyizan pou yo al bat bravo pou Aristid, menm jan Divalye yo kon n fè. Otorite nan depatman nò te blije mete machin ak pòtvwa nan lari pou envite moun al nan maskarad Aristid ki te deplase ak plizyè santèn moun ak fanfa soti pòtoprens. Anpil dispozisyon te pran pou moun sa yo pa t mache sou okabinè, paske reprezantan rejim lavalas la te peye chak bayakou, moun ki deboure latrin, yon valè 200 goud pou yo pa aksepte travay pandan vizit Aristid la. Kèk gren n peyizan yo te rive jwen n pou monte machin leta yo te resevwa yo chak ant 35 goud ak 50 goud ak yon mayo pou yo al bat bravo pou fo pwomès Aristid.
Vizit Aristid, se yon vizit lawont, yon vizit desepsyon pou moun okap. Lari nan vil okap te frèt. Kè moun yo pa t kontan, paske yo resi ran n yo kont pandan Aristid ap kritike tonton makout, Mak Bazen nan gouvènman l ak lòt ankò, li mete nan lapolis la, menm jandam lame dayiti yo, enpi li vin pote meday ak konpliman pou polisye asasen ki touye nan dat premye avril 2002 a, Kenòl Jan, yon jen n ti malere ki te chita ap pale ak zanmi l nan Mapou zòn Vodrèy, li dekrete kouvrefe chak aswè nan okasyon vizit li a pou l jwen n mwayen pou lapolis asasen fè arestasyon gwo ponyèt ak entimidasyon. Fanmi lavalas, Aristid ak Konvèjans demagojik, se pwazon pou pèp ayisyen.
Dirasine Monbren
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
NÒT POU LAPRÈS
Vandredi 5 Avril 2002
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) koube la reverans douvan memwa tout vanyan zansèt yo, kit sila yo listwa sonje non yo, kit lòt yo listwa bliye. Zansèt sa yo fè n fyè dèske n se ayisyen.
Malerezman, gen plizyè dat nan listwa peyi dayiti ki senbolize lawont ak imilyasyon jounen jodya, paske peyi n okipe. Premye janvye, dat pwoklamasyon lendepandans peyi dayiti. Eske se vre nou endepandan? 18 me, fèt drapo peyi dayiti. Eske dirijan lavalas kapab monte drapo ble ak wouj la san kè sote? 18 novanm, batay ewoyik nan vètyè pou dechouke blan. Eske blan yo la toujou? 7 avril, anivèsè lanmò Tousen Louvèti. Tousen Louvèti, yon nèg vanyan ki fè fyète pèp ayisyen malgre l te komèt grav erè. Se dat sa Jan Bètran Aristid chwazi pou l vin kontinye fè fo pwomès nan depatman nò kote popilasyon an, menm jan ak nan lòt depatman yo, ap viv nan blakawout, manman ak papa pitit pa ka voye ti moun yo lekòl san kè sote, malere pa ka jwen n swen sante, moun ap mouri grangou. Responsab politik yo pa kreye travay ni kondisyon pou moun jwen n travay, enpi lapolis ap simen ensekirite lakay malere. Dirijan lavalas chanpyon nan kòripsyon, nan gaspiyaj lajan leta.
Direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) mande popilasyon an ak tout militan ki rete soude ak revandikasyon mas yo pou yo pa patisipe an oken n aktivite ni chita tande rejim konze lavalas la ap òganize nan depatman nò a, nan okazyon pwomnad Jan Bètran Aristid nan dat 7 avril la. Dirijan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN ( M.R.A.) apiye tout mouvman revandikasyon ak pwotestasyon popilasyon an nan okazyon an. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) pwofite raple, nou pa dwe kite Konvèjans demagojik tonton makout vin pran woulib sou do yo, paske konvèjans demagojik tankou fanmi konze lavalas se marasa tchoul enperyalis.
Pou n rive kase chen n leksplwatasyon, lanmizè, lenjistis, ensekirite, dezespwa ak imilyasyon, se sèl mouvman mas popilè yo ki kapab pote solisyon liberasyon total la.
Direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
MERIKEN PÈDI LAGÈ A NAN AFGANISTAN
Anvan meriken te rantre nan lagè a, li deja pèdi, paske nan lagè gen objektif swa konkèt teritoryal, swa konkèt richès ou byen sibl klè pou detri. Nan ka lagè kont arab yo, meriken malgre pisans dife yo genyen, yo enpisan menm jan yo te enpisan devan atak sipriz, atak geriya suisid yo sibi nan dat 11 septanm 2001. Atak meriken sou afganistan gen anpil limit pou plizyè rezon, tankou:
1- Paske yo pa konnen ki kote egzakteman yo pral jwen n koupab yo dezinye san prèv: Ousaman Ben n Laden n. Enpi, ki moun ki ka di nan ki peyi Ben n Laden n twouve l kounyè a?
2-Meriken konnen tout pèp arab la pa p janm dakò lagè san pran souf kont peyi afganistan.
3-Atak peyi arab kapab okazyone grav kriz ekonomik nan peyi rich yo ki depan n de petwòl, prensipal sous enèjetik yo. Pi gwo jizman petwòl twouve yo nan peyi arab yo.
4- Kapasite meriken te genyen pou fè lagè enpi pou kenbe lagè pandan lontan diminye akòz anpil pèt materyèl, pèt sèvo imen ki fèt nan atak 11 septanm 2001 an.
5-Tout atak meriken nan peyi arab pral gen nesesèman reprezay swa anndan peyi meriken, swa nan lòt peyi ki soutni aksyon meriken yo.
6-Meriken konnen geriyewo arab gen posiblite itilize zam nikleyè, zam biyolojik ki kapab fè anpil dega, dega pèson n pa ka prevwa. Yo kapab menm itilize pwazon pou anpwazonnen chèn alimantasyon popilasyon oksidantal yo.
7-Atak peyi arab yo pa p kapab derasinen fòs geriya modèn meriken yo rele teworis la, enpi nou kapab poze kesyon sa: ki gan y meriken espere nan atak peyi arab yo? Ki gan y? Eske sèlman lanmò Ousama Ben n Laden n se yon gan y? Si yo rive touye Ben n Laden n, eske yo gen dwa kriye viktwa? Paske, pou valè meriken ki mouri nan atak 11 septanm lan, lanmò yon sèl arab pa vle di viktwa. Se pou sa nou panse, meriken deja pèdi lagè a byen anvan li te kòmanse tire kout zam sou lenmi li pa menm ka idantifye.
Atak sou peyi meriken nan dat 11 septanm lan pral gen plizyè konsekans, prensipalman ekonomik kote anpil lajan ak byen pèdi. Anpil mwayen pral nesesè pou rekonstriksyon.
Plizyè envestisè gwo kapitalis pral gen kè sote avan yo envesti akòz ensekirite ki vin pi gran sitou nan endistri fabrikasyon avyon ak tout bagay ki gen rapò ak vwayaj anlè nan espas. Kantite chomè pral ogmante swa paske anpil moun pèdi travay yo akòz destriksyon konpayi ou byen antrepriz yo ki disparèt nan atak la, swa paske envestisè yo pral pran anpil tan, mande anpil garanti anvan yo kreye lòt anplwa.
Nan mwa ka p vini yo, enflasyon kivledi lavichè ak enstabilite monetè nan peyi meriken pral transfere nan plizyè peyi ki depan n de peyi meriken. Gwo enstitisyon finansye entènasyonal yo pral bay pi gwo kout pwanya nan ven n ti peyi.
Anpil konpayi pral fè fayit, tankou konpayi avyon pral fèmen pòt akòz moun pè monte avyon pou tèt ensekirite. Konpayi asirans pa p ka kouvri risk gwo dega tankou zak geriya 11 septanm lan.
Akote kriz ekonomik nan peyi eksplwatè yo, atak geriya 11 septan m lan pral anjandre plizyè lòt konsekans: politik, sosyal, sikolojik, diplomatik.
Konsekans politik
Meriken pèdi respè total li te genyen kòmkwa yo politikman oswa militèman envilnerab. Anpil gwoup konbatan pral gen plis odas pou yo atake meriken, ki pa ka bay leson demokrasi elektoral, men l ka bay leson demokrasi ak mwayen fòs zam, ak mwayen magouy. Yon koudeta nan peyi Etazini pa enposib akòz plizyè gwoup enfliyan nan peyi meriken vin gen pretansyon se yo chak ki gen dwa pran dènye desizyon politik yo. Yon koudeta kapab pran plizyè fòm: swa lanmò aksidantèl yon prezidan, swa demisyon fòse akòz nenpòt pretèks. Anpil sèvo ki te gen wòl kòdone sant pouvwa yo nan peyi meriken mouri nan atak 11 septanm lan. Savledi, gen pwoblèm kòdinasyon desizyon politik yo. Nou ka pran egzanp desizyon Jòj Bouch, prezidan peyi Etazini, pran pou l mete kanpe, san lachan m depite ak senatè pa okouran,yon gouvènman souteren pwovizwa, sizoka militan islamik ou byen lòt ta deside deklanche atak ak zam nikleyè sou peyi Etazini.
Gouvènman meriken voye gwo pòtavyon ak anpil jandam pou atake peyi Afganistan, pou kalme kòlè bizisman n ak pèp meriken ki remake feblès dirijan meriken yo. Dan pouri, se sou bannan n mi yo gen fòs. Meriken pa gen ase mwayen pou yo soutni yon lagè san pran souf ak arab yo, paske manke alye. Enpi, militè meriken ki nan operasyon an pa bliye yo sot pran kou sou pwòp teritwa lakay yo. Savledi, lakay lenmi yo akize, nenpòt malè ka rive. Lame meriken pèdi lagè a anvan l te menm kòmanse tire premye kout fizi sou pèp inosan nan peyi afganistan...
Konsekans sosyal
Anpil zak rasism pral opoze meriken ak kominote mizilman arab yo nan peyi Etazini tankou nan lòt peyi rich yo. Menm jan tou, tout peyi arab ki gen meriken, pral gen malèz kote yon n pral veye jès lòt yo.
Ensekirite pral grandi nan peyi meriken, swa akòz chomaj ki ogmante, swa paske lapèrèz atanta pral oblije chak meriken ou byen etranje nan peyi meriken chèche zam pou yo bay tèt yo sekirite.
Enpi, konbyen tan peyi Etazini pral pran pou l ranplase tout gwo kad ekonomik, tout gwo kad militè ki peri nan atak la?
Menm si gouvènman meriken ta rive kaptire ou byen touye Ousama Ben n Laden n, peyi arab yo, peyi pòv deja adòpte yon ewo entènasyonal ki rive defye pi gran pisans sou latè. Anpil ri, anpil rejyon, anpil ti moun pral pote non Ousama Ben n Laden n atravè lemondantye. Pral gen anpil ka vyolasyon dwa moun kote peyi rich yo pral mete kanpe sistèm pou koute tout kominikasyon nan telefòn prive tankou piblik, yo pral vyole rezo tout enfòmasyon sou entènèt nan òdinatè. Nan swadizan pi gran demokrasi mondyal la, peyi Etazini, libète endividyèl pral menase. Enpi menm menas sa pral tan n zèl li sou tout ti peyi apovri yo.
Konsekans sikolojik
Paran viktim yo ki pa t prepare pou santi doulè lanmò pa pakèt konsa, kapab vin soufri maladi mantal, maladi nan lespri, yo ka vin fou paske yo sitou abitye wè doulè lòt pèp nan televizyon, nan liv. Gen paran, zanmi defen meriken ki pral pase plizyè mwa yo pa p ka dòmi; sa pral lakòz yon ogmantasyon konsomasyon medikaman somnifè pou moun dòmi. Plis moun pral konsome dwòg di tankou kokayin, ewoyin. Sa, se lòt faktè ki pral diminye nan randman sosyal pèp meriken an kote moun ki jwen n travay, etidyan, elèv lekòl pral chome travay, chome lekòl.
Lapèrèz lòt atak geriya konsa pral devlope lakay pèp meriken
an, sansasyon pou yo twò pwoteje tèt yo, fanmiy yo, sa pral ranfòse santiman rayisman etranje, rayisman pwòp frè ak sè yo.
Lè yon pèp enpisan konsa, se lè sa enstitisyon tankou legliz, relijyon, kwè yo kapab pote repons espirityèl pou tout pwoblèm ki poze. Legliz pral pouse tankou djondjon nan peyi meriken, enpi legliz sayo pral boure ak fidèl ki vin chèche rekonfò ak renmèd espirityèl pou pwoblèm yo pa ka rezoud. Lapèrèz kolektiv pral fè chimen l nan peyi rich yo kote nenpòt peta ki pete, nenpòt kawotchou veyikil ki eklate kapab fè moun panse se swadizan teworis ki atake.
Konsekans diplomatik
Peyi rich yo, sitou peyi Etazini pral blije adòpte yon pwofil ba vizavi peyi arab ak tout peyi kote yo ka jwen n anpil richès.
Atitid soutyen enkondisyonèl peyi Izrayèl pral chanje, paske si meriken touche, Izrayèl li men m tou kapab sibi pi gwo pèt jiska disparèt. Meriken pral blije rekonèt nesesite egzistans yon leta palestinyen endepandan pou evite yon twazyèm lagè mondyal ki kapab kòmanse apati peyi arab yo.
Lòt peyi rich yo pral pwofite make pwen sou feblès diplomatik meriken pou yo ranfòse relasyon koperasyon sekrè ak peyi ki sou lis sanksyon meriken, alòske peyi apovri yo ki sou depandans meriken pral miltipliye jès maladrès vizavi resòtisan peyi arab, peyi mizilman yo, yon fason pou gouvènman restavèk yo satisfè gouvènman meriken. Sèvis imigrasyon peyi meriken pral diminye kantite viza l te kon n akòde peyi apovri yo, pou anpeche yon ogmantasyon chomaj lakay meriken...
Enperyalis meriken an sonbre. Plizyè poto k ap soutni edifis enperyalis la montre anpil siy feblès. Gen lespwa pou pèp ki pase anpil lane ap sibi imilyasyon ak eksplwatasyon, rive òganize yo, enpi pran desten yo nan men yo.
Enperyalis meriken ap pèdi lagè l ap livre kont limanite a. Anfas kantite lanmò meriken ki fin anrejistre apre atak 11 septanm 2001 an, gouvènman meriken deside ekspoze lavi yon pakèt militè ki riske yo tout pèdi lavi yo pou yo eseye kaptire ou byen touye yon sèl gren n moun yo sispèk ki te dirije operasyon geriya a. Yo di, yo p ap mennen lagè kont tout pèp arab yo, ni kont relijyon islam lan, enben pou ki sa yo bezwen tout gwo bato ak avyon lagè sa yo, tout gwo zam fan n fwa sa yo? Eske yo reflechi sou repons islamik yo ka bay? Eske y ap kapab reziste devan repons islamik yo? Eske enperyalis meriken an pa kòmanse rive nan bout li? Ki nanchon enperyalis ki pral pran relèv la? Peyi Japon, ou byen Kominote Ekonomik Ewopeyen an?.
Meriken panse yo gen mwayen pou yo ta okipe peyi Afganistan ki sitiye nan lazi santral, rejyon estratejik ant peyi Larisi, Ouzbekistan, Tadjikistan, Liran ak Pakistan. Sa pa gen lontan, pèp afgan te pouse do peyi Linyon Sovyetik ki te pisan vwazen yo, alò se pa meriken ki bezwen preske 15 jou pou ranfò l rive nan peyi Afganistan. Peyi Etazini pa kapab atake Afganistan sou lanmè, paske Afganistan pa gen lanmè. Savledi, pou meriken kontinye atake afgan yo, yo dwe toujou itilize wout anlè ou byen wout atè. Peyi meriken blije negosye, fè anpil konsesyon bay peyi ki gen fwontyè ak Afganistan. Atak anlè koute anpil mwayen materyèl. Atak atè gen plis risk, paske pandan lagè ant Linyon Sovyetik ak agfan yo, anpil min antipèsonèl te simen anba tè a, pakèt wout souteren te konstri nan kad pwoteksyon pèp afgan an.
Nou pa dwe bliye, Ousama Ben n Laden n te konsidere kòm yon gran chèf C.I.A. ki se yon ajans krim, yon ajans siveye rapòte anfavè meriken. Ki moun ki kapab bay nou garanti Ousama Ben n Laden n pa t gentan kòwonp plizyè gran fonksyonè C.I.A. gras mwayen gwo lajan milyadè sawoudyen sa posede? Si sa ta rive fèt, nou ka konpran n lagè a fenk kòmanse, enpi nenpòt ki lè nou ka asiste destriksyon sistèm ou byen modèl meriken an.
Yon mwa apre atak sipriz 11 septanm 2001 an, yon mwa apre zak geriya modèn sa, sòlda lame teworis meriken vare sou popilasyon sivil afganistan ak plizyè milyon kilo bonb ak tout kalit zam fan n fwa. Prensipal objektif lagè blan meriken deklare pèp afgan, se te pou kaptire Ousama Ben n Laden n pou jije l, mete l nan prizon ou byen touye l. Jis jounen jodya, Ousama Ben n Laden n vivan. Gen enfòmasyon ki fè kwè Ben n Laden n twouve l nan peyi Liran, yon peyi arab. Eske gran jandam lemondantye yo rele lame meriken gen kran pou l al atake peyi Liran ki li menm tou posede zam nikleyè a? Enben, se pou sa nou pa tande jounalis meriken, ni lame meriken pale de Ousama Ben n Laden n ankò. Boutèy represyon meriken jwen n bouchon l.
Pa gen oken n prèv gouvènman meriken an ka montre kòmkwa Ousama Ben n Laden n koupab nan zak geriya ki poze nan dat 11 septanm 2001 an nan peyi Etazini. Ousama Ben n Laden n inosan. Lame meriken pa aten n objektif li te fikse apre l fin sibi
anpil pèt lakay li tankou sou teren Afganistan. Enben, nou ka di meriken pèdi lagè a...
Mari Nikòl Jan
|