EDITORYAL
Malgre sitiyasyon an boule tankou piman bouk nan je, pèp ayisyen an sèmante di l se wozo, l ap pliye men l p ap kase; pèp ayisyen se chouk bwa nan basen digo, li p ap pouri. Batay rezistans lan dwe mennen jouk rive nan liberasyon nasyonal la.
Jounal Kaskèt, se jounal louvri je ki pèmèt nou konpran n pi byen konplo klas piyajè yo ak peyi sousèt yo ap deplòtonnen sou do n pou kenbe sistèm dominasyon ak leksplwatasyon an.
Jounen jodi a, koutye sistèm lan nan lese frape pou rive gen kontwòl aparèy leta a. Lavalas gran manjè dechèpiyè kès leta ak konvèjans demagojik tonton makout, ki se 2 sè marasa, kontinye ap twoke kòn pou tout manmèl bèf la nan djòl yon sèl nan yo.
Sitiyasyon konfizyon lavalas-konvèjans blayi nan peyi a oblije tout militan konsekan ranmase karaktè yo pou prezante lòt altènativ politik nan sans satisfaksyon revandikasyon mas popilè yo.
Atravè tout teritwa nasyonal la, lide kontinye ap brase pou anfen, yon mouvman politik kòrèk jwe wòl avangad responsab, pou ankadre mas popilè yo nan batay san pran souf pou liberasyon total la. Nou tout dwe patisipe paske, fòk pèp la pran enpi egzèse pouvwa politik la.
Viktwa final se pou pèp k ap lite...
Mari Igèt Flobè
EKONOMI
MIZÈ NAN TÈT, MIZÈ NAN VANT
Jodi a, pèp ayisyen ap monte masuife akòz konplo dirijan lavalas ak konvèjans mare ak blan meriken pou kenbe pèp la anba eksplwatasyon ak dominasyon. Dirijan lavalas yo mare sosis ak blan nan somè amerik nan mwa ki sot pase yo, kote Aristid siyen yon akò ki rele Z.L.E.A. kivledi Zòn Lib Echanj nan Amerik la. Blan meriken fòse tout ti peyi rantre nan kontra sa, yon fason pou meriken kontinye fè dap piyan sou richès ti peyi apovri yo enpi pèmèt konpayi meriken layite kò yo san oken n konkirans lokal.
Akò Z.L.E.A. se yon konplo ekonomik anfavè peyi rich ki deja dispoze louvri vant peyi apovri yo pou pwodi pèpè ki pral kraze pwodiksyon nasyonal la, apati yon seri zòn franch ki sou kontwòl dirèk gouvènman etranje.
Aristid ak rejim lavalas la aksepte siyen yon akò konsa paske se tchoul meriken yo ye.
Ipolito Meyiya, prezidan dominiken, yon lòt restavèk enperyalis la, ki fi n siyen akò a, deklare bay pèp dominiken an malgre l fi n siyen akò sansi a, gouvènman l ap dirije a dispoze 400 milyon dola vèt meriken pou l fè grefaj mango fransik, plante tout kalte frui tankou zannanna, grenadya, sitwon, papay, chadèk, zoranj ak lòt pou l fè fas kare ak malè pandye ki pan n sou peyi sendomeng. Gouvènman peyi dominikani deja envesti plis pase 200 milyon dola vèt nan elvaj kochon, chwal, bèf, kabrit, poul, ki pèmèt yo fè sosis, salami, òtdòg ak lòt, pou yo bay pèp yo manje ak pou yo rantre nan mache lib la. Men, ki kote sendomeng pral van n pwodi sa yo? Se Ayiti ki poubèl, se nan peyi dayiti nou jwen n dirijan lavalas ak konvèjans ki plis kwè nan bèl diskou ak kòd mal taye, men yo pa panse ni aji pou pèp.
Bidjè lavalas pou lagrikilti nan egzèsis fiskal 1999-2000 te monte yon valè 937 milyon 166 mil 779 goud. Ak lajan sa, yo pa t montre oken n volonte pou fè bonjan refòm nan lagrikilti a, enpi tout moun deja konnen refòm agrè kòrèk pa danse kole ak plan lanmò neyoliberal.
Jodi a, nan palman koupyon lavalas la, pou egzèsis fiskal 2000-2001 an, yo vote pou lagrikilti a yon montan 337 milyon 140 mil 241 goud. Si 937 milyon pa t ase pou gran manjè, se pa 337 milyon ki ka rezoud pwoblèm agrè peyi a. Sa vledi, pèp ayisyen an nan mizè ak grangou pi rèd. 2001 an rèd. 2002 a pral pi rèd.
Nan mwa desanm 2005, akò Z.L.E.A. Aristid fi n siyen an ap rantre nan aplikasyon wèpawè si fòm leta sa pa chanje. Pandan tout lòt peyi ki siyen akò a te gen reprezantan yo pami 9 komite k ap travay sou kesyon Z.L.E.A. a, peyi dayiti pa gen menm yon moun nan komite, se sèl lè pou siyen tankou enbesil, ou wè restavèk peyi sousèt yo al siyen sou do pèp la. Pandan tout lòt pèp yo okouran sou ki sa gouvènman lakay yo siyen, pèp ayisyen an se tande l tande zòt ap siyen nan non nou.
Lavalas kaka nan badji a, yo deraye. Nou pa dwe rete ap gade, an n mete men nan pat la pou n akonpanye mas yo.
Elifèt Machal
KILTI
BLAG
Nan jou ki sot pase yo, yon sitwayen ki rele Briziyèt parèt nan yon boutik lavil la pou l mande achte 2 goud preval, goud edmi aristid ak goud edmi konvèjans. Yon kòmandan polis ki t ap pase, tande ki kalite machandiz mouche a mande, li tou fouke msye Briziyèt, li mennen l nan komisarya pou l mete l nan prizon ak akizasyon l ap derespekte otorite.
Pandan msye Briziyèt nan komisarya polis la, li mande otorizasyon rele madanm li nan telefòn pou avèti l yo arete l, li fèmen nan gadavi. Apre yo fin pale nan telefòn, madanm Briziyèt kouri desan n nan komisarya a pou vin wè si yo pa gentan maltrete mari l.
Madanm Briziyèt mande pou wè kòmandan polis la. Polisye ki la pou sa, rele kòmandan polis la ki parèt byen move. Madanm Briziyèt mande l eksplikasyon pou ki sa yo arete mari l. Kòmandan an repon n: rezon ki fè n arete msye, se paske l t ap derespekte prezidan peyi a, vagabon an parèt nan boutik, li pèmèt li mande achte 2 gou preval, goud edmi aristid ak goud edmi konvèjans; alòs, nou menm ti boule kraze gren n, pa bay chans, nou fouke msye.
Madanm Briziyèt repon n: pou ki sa w pa t fizye vagabon an pito kòmandan?.
Kòmandan an sezi, li repon n: se mari w li ye, pou ki sa w ta prefere se fizye nou fizye l?.
Madanm Briziyèt repon n: enben kòmandan, se paske msye kite m grangou lakay la, olye l te ban m 5 goud la pou m fè yon ti soup pen, nou ta bwè l ansan m li pran gwo 5 goud pou l fout achte 3 malpwòpte.
Se jounal Kaskèt mwen li paske m se militan konsekan
Klerezya Janbatis
MATA JANKLOD VIVAN
Peyi dayiti pèdi yon gwo sanba, yon larèn solèy, yon zetwal douvan jou ki fè konnen bèlte ak richès lang kreyòl la nan peyi letranje pandan tout lavi l, atravè divès kalte chante patikilyèman angaje. Moniman sa rele Mata Janklod.
Mata Janklod mouri lannuit mèkredi 14 novanm 2001 nan laj 82 lane sou tè peyi Kiba, kote larèn chantrèl sa t ap viv denpi apre revolisyon nan peyi Kiba.
Nan sikonstans sa, direksyon Radyo Atlantik nan depatman Nò peyi dayiti, ki fè yon gran pèt menm jan ak fanmiy Mata, koube l byen ba douvan kadav defen an pou di: Mata w ale se vre, men n ap rete makònen puiske zèv ou ap toujou rete vivan nan memwa n ak nan memwa chak gren n ayisyen.
Lantèman Mata chante jedi 15 novanm 2001 nan peyi Kiba. Manzè Mata Janklod ale, malerèzman, oken n minis lakilti ayisyen, oken n prezidan ou
byen premye minis ayisyen pa t fè deplasman pou al patisipe nan lantèman Mata Janklod, ki se yon n nan pi gran anbasadris lakilti pèp ayisyen. Se yon wont, se yon gwo sabò pou tout atis ayisyen.
Byen chè Mata Janklod, nan Radyo Atlantik, nou voye yon gwo bouke flè pou wou, nou di w: onon tout pèp ayisyen ak pèp kiben ki pran yon gwo kou, nou p ap janm bliye w.
Nou pwofite koube la reverans douvan pèp ak gouvènman kiben pou kòken n chen n akèy yo te rezève pou potorik fanm sa.
Mata Janklod, nou renmen w anpil.
Chal Zinga
POLITIK
KONVÈJANS DEMAGOJIK TEWORIS
Nan okazyon atak geriya meriken te sibi nan dat 11 septanm 2001 an, plizyè zanmi gouvènman meriken manifeste jès senpati tankou lapriyè,nòt pou laprès, liv kondoleyans, mach ak pwomès voye sòlda al goumen nan lame meriken kont peyi arab.
Pami gwoup ayisyen ki pote senpati ipokrit bay gouvènman meriken, se konvèjans demagojik yo te kon n akize kòmkwa se teworis yo ye. Se nan konvèjans demagojik la ki se yon lòt branch lavalas, nou jwen n plis tonton makout ki te komèt anpil krim kont pèp ayisyen. Se akòz menm moun sila yo ki konstitiye konvèjans demagojik teworis la, gouvènman meriken te mete anbago sou pèp ayisyen nan lane 1991. Anpil militan ayisyen
te mouri, men yo pa t jwen n oken n moun lapriyè pou yo, ni siyen papye pou mande pitye pou yo.
Pèp ayisyen gen zye pou l gade makak k ap fè grimas ak mannèv pou yo jwen n benediksyon blan meriken. Benediksyon pou yo vin piye kès leta, aplike plan lanmò anfavè patwon yo pou mete pèp ayisyen nan plis mizè ak ensekirite.
Jodya se pou yo, demen lè jou pa nou rive, na mande yo regleman.
Magerit Abèl
KONFERANS ENTÈNASYONAL KONT RASISM
Konferans entènasyonal kont rasism nan vil Diban, nan peyi lafrik di sid te dewoule nan premye semen n mwa septanm 2001 an. Malgre gwo rèl pèp palestinyen pou kondane peyi.
Izrayèl pou krim lame tonton makout izraelyen ap komèt nan detri palestinyen pa pakèt ak gwo zam fan n fwa; malgre gwo rèl pèp ki te sibi esklavaj anba men blan ewopeyen yo, enperyalis yo bouche zòrèy yo. Pa gen oken n moun ki ka akize yo pou krim kont limanite, paske dapre yo, endyen ak moun nwa se pa moun, se pa limanite.
Ki pozisyon peyi dayiti, gouvènman lavalas nan konferans sila? Gouvènman souflantchou a bèbè, li pa gen dwa louvri bouch, li pito tan n kwiy li bay bouwo yo ki kontinye ap touye nou, vòlè richès nou.
Pandan peyi enperyalis yo ap bay leson demokrasi, leson respè dwa moun, pandan y ap mete kanpe tribinal penal entènasyonal pou jije koupab ki komèt krim kont limanite, tout moun wè byen klè se ipokrit enperyalis yo ye. Tout pèp peyi apovri yo dwe gonfle enpi ini fòs yo pou yo leve defi a. Nou dwe kontinye reklame reparasyon domaj nou sibi anba men blan yo. Li pa nòmal pou pitit menm blan kriminèl yo kontinye ap jwi
richès fòs kouraj pèp nwa yo pwodi. Nou pa dwe enperyalis yo, se yo ki dwe nou.
Jinèt Batis
Jounal KASKÈT distribiye atravè tout teritwa peyi dayiti ak nan kèk peyi letranje....
OUSAMA BEN N LADEN N INOSAN
Nan dat 11 septanm 2001, peyi etazini sibi gwo pèt akòz atak sou plizyè pwen nan teritwa ameriken an, nan nouyòk, wachinton n, pennsilvani.
Gen moun ki di se zak teworis ak akizasyon sou islamik mizilman nan peyi pwòch oriyan; gen lòt moun ki di fòk meriken frape arab yo akize san oken n prèv.
Ki sektè ki atake ameriken yo? Atak sa pèmèt nou konpran n tout peyi enperyalis vilnerab, menm si se sipèpisans yo ye. Enpi sa pèmèt nou konpran n tou, sistèm ransèyman, sèvis sekrè siveye rapòte kèlkeswa peyi a pa gen mwayen anpeche
tout atak kont fòm leta yo ta sanse ap pwoteje a. Kesyon ki dwe poze, se kisa teworis vledi?
Selon sektè k ap defini nosyon teworis la,definisyon yo ap parèt depaman. Dapre sèten sektè, teworis vledi yon moun ou byen yon gwoup moun ki komèt atanta kont sivil tankou militè, san se pa yon lagè deklare.
Men, ki lè nou ka konsidere lagè deklare? Èske se lè chèf etamajò lame konvansyonèl la ekri papye ou byen fè deklarasyon pou di y ap fè lagè? Nou panse se zak agresyon ki deklare lagè. Pami zak agresyon nou ka di: se anbago kont peyi apovri, se konplo ekonomik pou fè pèp mouri grangou, se zak sazinay militan politik ak sivil inosan. Tout zak sa yo se zak deklarasyon lagè ou byen zak teworis, paske yo lakòz lanmò viktim inosan.
Soti nan lane 1492 pou rive nan lane 1503, blan panyòl, blan franse ekstèminen yon ras endyen nan amerik la; sa se yon zak teworis ou byen yon deklarasyon lagè? Move trètman èsklav nwa yo, kote blan franse masakre plizyè jenerasyon nèg afriken, kote plizyè jenerasyon nwa peri nan pwodiksyon richès anfavè blan ewopeyen, sa se zak teworis ou byen deklarasyon lagè? Lè blan franse sazinen militan Elwa Machoro nan peyi Kanaki, lanmò Estiv Biko, lanmò Moris Bichòp, lanmò Ènèsto Che Gevara nan peyi Bolivi, lanmò doktè Jak Èstefèn Aleksi nan peyi dayiti, sa yo se zak teworis ou byen deklarasyon lagè? Nan lane 1991-1992 masak ak lanmò plizyè milye ayisyen nan koudeta ak kout zam, ak maladi nan raje, lanmò sa yo fèt ak zam meriken nan men ayisyen konplis peyi rich yo; sa yo se zak teworis ou byen deklarasyon lagè? Lanmò plizyè palestinyen chak jou akòz bonbadman izraelyen, se zak teworis ou byen deklarasyon lagè? Izraelyen Aryèl Chawon n masakre plizyè milye palestinyen nan Sabra ak Chatila, kòm rekonpans, teworis la vin jwen n djòb premye minis peyi Izrayèl.
Viktim yo gen dwa òganize rezistans yo selon fòm lagè pa yo, selon mwayen yo.
Lè se lanmò pa pakèt nan peyi pòv, pa gen oken n prezidan, ni oken n palman ou byen konsèy minis peyi letranje ki deklare jounen dèy nasyonal, ni mande kondanasyon koupab yo. Lè se peyi k ap akimile richès mondyal yo ki touche, ou tande menas kont inosan. Èske sou latè gen 2 kategori moun, 2 klas lanmò? Nou dwe endinye anfas tout lanmò inosan, kit li blan, kit li nèg ou byen lòt koulè.
Apwopo atak peyi meriken sibi nan dat 11 septanm 2001 an, gen plizyè otorite lemondantye ki akize yon patriyòt yemenit sawoudyen ki rele Ousama Ben n Laden n kòmkwa se li ki òganize enpi egzekite atak sa. Nou di se blòf, se yon fason pou maske enpisans leta meriken. Leta meriken posede anpil gwo zam fan n fwa, anpil mwayen ekonomik ak materyèl, men yo manke mwayen pou yo fè anpil byen atravè lemondantye, yo manke mwayen pou yo pwoteje tèt yo kont tout atak sipriz. Atak sa, se yon veritab zak geriya modèn.
Nou panse, atanta sa prepare nan mitan peyi etazini menm, enpi se meriken menm ki
egzekite kou a. Lè n konsidere objektif ki te fikse yo, nou ka konpran n se siyati sektè ki òganize atak yo. Se òga n desizyon nan zafè ekonomi ak nan zafè lagè nan peyi meriken ki touche. Wòld tred senntè, se senbòl reyisit kapitalism mondyal la, se yon n nan pi gran laboratwa plan neyoliberal la, kote anpil gwo save t ap fè woulman lajan, t ap pran desizyon ekonomik pou tout peyi sou latè. Desizyon ekonomik sa yo toujou anfavè peyi rich yo. Nan mitan peyi etazini, kan militan kont mondyalizasyon, kont plan neyoliberal la ap grandi. Endiyasyon yo kapab pouse yo aji ak anpil vyolans.
Nan dat 7 desanm 1941, lame japonè te atake lame meriken pa sipriz nan Pèl Abò. Dezyèm lagè mondyal te deklare. Nan okazyon dezyèm lagè mondyal sa, pèp japonè p ap jan m padone blan meriken ki ak gwo bonb atomik te detri plizyè milyon japonè nan vil Iwochima ak Nagazaki, kote jis jounen jodya gen anpil kokobe, anpil lanmizè akòz atak atomik sa.
Apre sa, anpil japonè vin pran nasyonalite meriken kounyè a, enpi yo nan kè sistèm meriken an. Japonè yo te pran kou, men yo p ap jan m bliye... Èske lè yo pa rive pou yo pran revanch yo? Enpi, peyi japon se yon n nan pi gran sipèpisans ekonomik kapitalis sou latè. Japonè yo, si yo gen pisans militè, se yo menm ki t ap vin gen pretansyon dirije lemondantye nan plas peyi etazini. Apre dezyèm lagè mondyal, kote meriken te kale japonè, yon n nan kondisyon yo te enpoze peyi Japon, se pou Japon pa jan m gen dwa konstri yon lame lakay li. Dayè, se sa ki ekri nan konstitisyon 1947 peyi Japon ki otorize yo gen sèlman yon fòs otodefans ki ka opere andedan peyi a. Kounyè a peyi Japon ka mande pou l revize atik sila nan konstitisyon l pou l gen dwa konstri yon lame solid ak pretèks pou yo al ede lame meriken konbat sivilizasyon arab yo. Apre sa, nou deja konpran n ki sa savledi lè pisans militè japonè rekonstri.
Tout moun sonje nan ki kondisyon magouy Jòj Walkè
Bouch, nan pati repibliken, te vòlè pouvwa nan men Al Gò, pati demokrat, nan okazyon dènye eleksyon malatchon n nan mwa novanm 2000 yo nan peyi etazini.
Gen plizyè manb sektè demokrat la ki sèmante di yo p ap kite Jòj Bouch fini manda l san pwoblèm kòm prezidan. Si atak 11 septanm lan te reyisi kòmsadwa, Jòj Bouch ta sanse mouri, paske yon n nan 4 avyon suisid kamikaz yo te destine swa pou al kraze Kan David kote Jòj Bouch rete, swa pou al kraze mezon blanch, yon senbòl kontinuite leta meriken. Nan sans sa, nou panse yon veritab koudeta kapab prepare nan milye meriken an menm.
Nou apran n gen plizyè gwo chèf lame meriken an ki mouri nan atak Pentagòn lan. Tout moun okouran, Pentagòn se ministè defans peyi etazini, se ministè defans tout peyi rich yo, se senbòl pisans militè enperyalis yo. Nan atak Pentagòn, ki te nan enposiblite pou defan n tèt li gras bonjan konplisite pami militè meriken yo menm, plis
pase 2 mil responsab militè meriken mouri.
Anfas mondyalizasyon ekonomi mache, anfas mondyalizasyon enfòmasyon, nou kòmanse asiste yon fenomèn mondyalizasyon geriya modèn.
Konsekans atak sa grav anpil. Gouvènman meriken pral pran anpil tan anvan l rive panse gwo blesi sa. Paske anpil gwo kad, swa nan domèn ekonomi, swa nan domèn militè pèdi lavi yo. Divizyon ant 2 kan politik ofisyèl yo: repibliken ak demokrat pral vin pi gran. Nenpòt bagay posib kounyè a. Anpil regleman kont, atanta endividyèl pral rapousib, zak ensekirite pral ogmante. Nan mwa k ap vini yo, peyi etazini pral tounen yon n nan peyi ki gen plis enstabilite sou latè. Peyi pòv yo pral pote gwo chay lavi chè ak plis lanmizè akòz relasyon depandans yo pa rapò peyi etazini.
Atak ki fèt sou peyi etazini nan dat 11 septanm lan te twò byen prepare, twò byen egzekite ak anpil presizyon pou l ta prepare apati peyi letranje. Se sa k fè n panse Ousama Ben n Laden n
inosan. Sa pa vle di patriyòt islamik sawoudyen sa pa bay patisipasyon l. Prensipal aktè, prensipal otè entelektyèl atak la chita andedan peyi meriken menm.
Nou deplore lanmò plizyè inosan, paske anpil viktim pèdi lavi yo akòz kriminèl k ap touye tout moun ki pa dakò ak fason yo konpran n pou dirije lemondantye. Dram 11 septanm 2001 an bay pèp meriken an okazyon santi doulè plizyè lòt pèp sou latè k ap sibi zak agresyon, zak lagè, zak teworis leta tankou sa Jòj Bouch papa te fè nan peyi Panama, tankou sa meriken te fè enpi kontinye ap fè nan peyi Lirak, nan peyi nwa Somali ak Soudan, tankou anbago meriken mete sou peyi Kiba denpi plizyè lane. Nou tout dwe soulve vwa nou pou n kondane zak enjistis kont peyi apovri yo, kont entolerans ki pa aksepte diferans ant pèp yo. Chak pèp gen dwa dirije desten l enpi pèmèt yon pataj richès egalego pou chak sitwayen. Se sa ki kapab fè zak lagè sispan n pou tout moun viv nan lapè. Si oken n travay pa fèt pou lapè
jwen n plas li sou tout latè, jodya se avyon kamikaz,demen petèt se valiz ou byen bonb atomik, ou byen bonb nikleyè.
Plizyè kriminèl kont limanite pral itilize atak 11 septanm lan pou yo regle kont yo ak kèk peyi inosan sitou peyi islamik yo. Nou dwe raple, denpi nan tan lontan, te toujou gen gwo dyèl ant reprezantan 2 relijyon sayo: relijyon kretyen ki gen jezikri kòm pwofèt, ak relijyon mizilman ki gen maomèt kòm pwofèt. Relijyon mizilman, relijyon islamik yo gen orijin nan peyi afriken, nan peyi arab yo, ak nan kèk peyi lazi.
Relijyon kretyen yo, kit se katolik ou byen pwotestan, se relijyon blan, relijyon ewopeyen yo. Relijyon islam, se denpi lontan, relijyon nwa yo, arab yo, ak plizyè pèp peyi lazi. Si n konstate se plis relijyon kretyen, katolik, pwotestan, ki pouse tankou djondjon nan peyi dayiti, se akòz kolonizasyon ak neyokolonizasyon kote klas dominant peyi dayiti sou kontwòl blan yo ki pa neglije oken n mwayen pou yo enpoze kilti ak relijyon yo.
Chòk an 2 sivilizasyon sa yo, sivilizasyon kretyen ak sivilizasyon islamik, pwodi plizyè fwa deja nan listwa limanite. Chòk sa yo ap kontinye pwodi jis ekilib tabli, jis pèp ki sibi imilyasyon ak enjistis jwen n jistis.
Yo di Ousama Ben n Laden n se yon ansyen ajan ransèyman meriken, manb C.I.A. Lontan, nan lagè ant sistèm politik kapitalism ak kominism, peyi Inyon Sovyetik ki t ap defan n ideyal kominis te okipe teritwa peyi Afganistan. Se Ousama Ben n Laden n lame meriken, ki kontinye ap defan n prensip kapitalis, te itilize pou pouse do Inyon Sovyetik. Kounyè a, meriken ak Ousama Ben n Laden n separe. Nou gen dwa di: se pye poul k ap kraze ze menm poul la. Men, nou panse Ousama Ben n Laden n refize tout fòm enperyalis, kit li ta soti bò kote ansyen blòk sovyetik, kit li ta soti bò kote meriken. Ousama Ben n Laden n kwè nan itilize tout mwayen pou anpeche enperyalis gaspiye enpi vòlè richès pèp lakay li, richès pèp arab la. Olye se meriken ki te
itilize Ben n Laden n, sanble se Ousama Ben n Laden n ki te itilize meriken pou li te libere Afganistan.
Pa gen oken n prèv ki montre Ousama Ben n Laden n koupab nan zak geriya ki poze nan dat 11 septanm 2001 an nan peyi etazini. Ousama Ben n Laden n inosan....
Mari Nikòl Jan
KONFERANS DEBA MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)NAN VIL OKAP
Lavalas ak Konvèjans ki pa p defan n enterè mas popilè yo, tabli nan peyi a yon sitiyasyon konfizyon ki blije dirijan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) eksplike nan yon konferans deba orijin ak wòl gwoup politisyen raketè yo nan kriz k ap travèse peyi a , enpi bay pozisyon altènativ M.R.A. sou kriz la, yon mannyè pou lavalas sispan n dechèpiye peyi a pou pase l apre sa bay sè marasa l konvèjans.
Konferans deba sa te reyini plizyè santè n militan M.R.A. ak lòt militan òganizasyon konsekan ki pa anfoudwaye tèt yo nan demach depatcha ni van n peyi a. Se te yon veritab rasanbleman reprezantan mouvman
ayisyen konsekan.
Anpil jounalis te repon n prezan pou patisipe aktivman nan deba yo. Se okazyon pou nou menm nan M.R.A., nou voye yon kout ayibobo pou tout kanmarad zanmi ak manb laprès yo ki te patisipe nan kòken n chen n rasanbleman sa.
Konferans deba M.R.A. a te dewoule nan dat 17 novanm 2001 nan lekòl pwofesyonèl site lesko nan vil okap.
Nan kòmansman konferans lan, militan yo te obsève yon minit silans nan lonè Mata Janklod. Apre sa, militan yo te chante imn nasyonal peyi dayiti ak imn M.R.A. Avan deba yo kòmanse, pòtpawòl nasyonal M.R.A. te bay lekti tèks sila :
Nan kad aktivite preparasyon konferans deba M.R.A., militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN yo te simen atravè tout depatman Nò a, prensipalman nan vil Okap yon sikilè ki raple kontèks politik 198 tyèm anivèsè batay Vètyè nan rantre vil Okap, ki te akouche lendepandans peyi dayiti. Sa k te ekri nan tèks sikilè a, se:
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
Soti 18 novanm 1803 pou rive 18 novanm 2001, pèp ayisyen pa sispan n pran kout ba nan men trèt, konze, tonton makout, grandon, boujwa.
Jodya, sektè sa yo k chanpyon nan konplote kont objektif tout batay pèp la, batize tèt yo konvèjans demagojik ak lavalas konze granmanjè. MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), mande popilasyon an pou l pa patisipe nan oken n jwèt marasa lavalas dechèpiyè kès leta ak konvèjans tonton makout ki yo toulede se tchoul enperyalis.
Pou n rive kaba leksplwatasyon, lanmizè, lenjistis, dezespwa, se sèl mouvman mas popilè yo ki kapab pote solisyon an.
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), se avangad batay popilè a pou liberasyon total mas yo.
M.R.A.
NOUVÈL NASYONAL
NAN VIL OKAP
Dilè dwòg nan vil okap pran nan 3 wa jounen dimanch ak lendi 23-24 septanm 2001 an, kote polisye ayisyen mete ak blan meriken te debake nan okap pou vin fouke dilè dwòg. Pami dilè dwòg yo gen plizyè komèsan revandè pwodi meriken, amatè batiman ak kèk pwofesyonèl.
Apre dans tanbou lou. Nou pa bliye kouman dilè dwòg ak pouvwa lavalas la t ap separe lajantri. Alyans la te tèlman bèl, seremoni envèstiti Aristid nan palè nasyonal 7 fevriye 2001, se dilè dwòg nan okap ki te finanse epi òganize l.
Nan okazyon eleksyon chanpwèl 21 me ak 26 novanm 2000 yo, se lajan dilè dwòg ki te pèmèt plizyè kandida lavalas mennen kanpay. Èske politik ratibwazay dilè yo se pa yon konpwomi Aristid fè ak enperyalis la pou kenbe pouvwa l sou tèt dilè dwòg yo? Èske enperyalis la ap pase pa dilè dwòg nan yon premye tan pou l fouke apre, dirijan lavalas k ap benyen nan dwòg? Chyen di gade pa twòp, n ap suiv...
Pandan operasyon ouragan an nan okap ak zanviwon, polis espesyal ki mete kagoul, kraze lantouraj an blòk lakay amatè batiman lavalas ak gwo mas, yo tire sou chyen, sou moun, sou jeran, yo vòlè kòb, dwòg, bijou, rad, ata menm manje kuit...
Menm palmantè ki denonse operasyon ouragan an, se yo ki te vote lwa pou otorize blan meriken itilize polis nasyonal imoral pou vin arete nenpòt sitwayen anndan peyi dayiti.
Apre operasyon ouragan an, plizyè chimè lavalas solidè amatè batiman fè manifestasyon pou rele aba lavalas, aba Aristid. Se menm eslogan sa yo ki ekri sou plizyè miray nan vil okap. Lavalas pèdi souf. Kous lavalas bout...
Dirasine Monbren
NAN VIL TI GWAV
Nan dat madi 11 desanm 2001, lantèman jounalis Brinyòl Lendò chante nan ti gwav.
Jounalis Brinyòl Lendò mouri pou opinyon l, paske l te dakò fè l pòtpawòl yon sektè nan sosyete a.
Jounalis Brinyòl Lendò mouri nan dat lendi 3 desanm 2001 nan vil ti gwav ak kout rach, kout manchèt, kout baton ak kout pikwa anba men chimè yon òganizasyon popilè branch fanmi lavalas granmanjè ki rele dòmi nan bwa. Anfas zak sazinay la, minis lavalas deklare Brinyòl Lendò pa mouri kòm jounalis, men l mouri kòm manb konvèjans demagojik la.
Tout moun gen dwa eksprime opinyon yo, enpi se pa yon krim lè yon moun di sa l panse, lè yon moun denonse aktè ki lakòz sosyete a ap mal fonksyone.
Pandan lantèman Brinyòl Lendò menm madi 11 desanm lan, lapolis nasyonal konvoke jounalis, lapolis nasyonal konvoke direktè medya yo atravè tout peyi a pou ofri yo lajan pou yo fè pwopagan n pou rejim lavalas dechèpiyè kès leta.
Lapolis nasyonal sanble bliye, meyè pwopagan n yon gouvènman, se satisfè revandikasyon popilè yo, se batay pou peyi a toujou gen diyite, se dirijan yo ki dwe dakò koupe bout nan dwèt long siperyè yo. Men, pwopagan n pou yon gouvènman se pa tantativ kòripsyon jounalis, ni sazinay ni entimidasyon jounalis.
Pati ki pwòp nan polis nasyonal la pa dwe bliye listwa lame dayiti ni yo pa dwe bliye sa milisyen V.S.N., volontè sekirite nasyonal tonton makout yo te devni.
Enpi, popilasyon an dwe toujou rete vijilan anfas tout rimè k ap kouri pou sasinen militan politik. Lènmi mas popilè yo, se pa sèlman tonton makout lavalas granmanjè; konvèjans demagojik ansanm ak patwon enperyalis yo, se lènmi mas yo tou.
Tout sektè politik ki lakòz popilasyon an ap mouri grangou, nan ensekirite, nan inyorans ak enjistis tout kalte, enben sektè politik sa yo se lènmi mas popilè yo. Nou dwe toujou denonse yo.
Enpi, nou dwe sispan n pè bèt mechan. Nou dwe sispan n pè tout bèt mechan yo...
Maryon Lemèsye
ANONS
Koute RADYO ATLANTIK 92.5 FM, paske nan RADYO ATLANTIK, se kreyòl sèlman nou pale...
Enpi, se mizik ayisyen sèlman nou jwe. RADYO ATLANTIK, se radyo edikasyon k ap defan n kilti pèp ayisyen.
Paj
Editoryal ------------------------ 2
Mizè Nan tèt Mizè nan vant ------ 3
Blag: 3 Malpwòpte ---------------- 4
Mata Janklod Vivan --------------- 5
Konvèjans Demagojik Teworis -- 6
Konferans kont Rasism ----------- 7
Ousama Ben n Laden n Inosan --- 8
Ben n Laden n Ti Landeng -------- 9
Konferans Deba M.R,A. (Okap) --- 14
Pozisyon Politik M.R.A. ------------ 15
Operasyon Ouragan ---------------- 20
Anri Klod Mena Minis Ensekirite --- 21
Sikilè M.R.A. ------------------------- 22
Nouvèl Nasyonal -------------------- 22
Zewo Tolerans pou Jounalis ------- 23
Anons RADYO ATLANTIK ---------- 24
|