EDITORYAL
Nan Lilavach ki sitiye nan depatman sid peyi dayiti, blan alman ap piye richès peyi a nan konplisite ak gouvènman lavalas la.
Nan mwa jiyè 2001 an, yon gwoup blan alman k ap fouye lanmè peyi dayiti nan zòn lilavach, rive vòlè mennen lakay yo yon batiman plen lò ayisyen. Batiman lò sa sanble ta fè nofraj nan epòk esklavaj, peryòd kolonyal kote kolon blan panyòl ak kolon blan franse te vin charye lò peyi dayiti.
Nou kapab konpran n ki sa okipasyon teritwa peyi dayiti vledi.
Gen moun ki di, blan pa bezwen yon peyi pòv tankou peyi dayiti, si yo vin okipe nou se paske yo vle ede nou. Yo pa vin ede nou, yo vin vòlè richès peyi nou, yo vin detri kilti nou. Peyi dayiti pa yon peyi pòv, peyi dayiti rich ak resous moun, resous materyèl sitou anba tè ak nan lanmè. Blan yo konnen sa, se pousa yo mete sou pouvwa gouvènman popetwèl osèvis enperyalis pou yo apovri peyi nou.
Nou tande yo di gen enstitisyon tankou ISPAN (Enstiti Sovgad Patrimwa n Nasyonal) ki la pou siveye, pwoteje byen peyi a, nou tande pale de gouvènman ki swadizan gen wòl anpeche etranje vyole teritwa peyi a jis pou yo ta rive piye richès peyi a. Men nou remake pa gen okenn volonte pou mete kòd lajistis nan kou malfektè entènasyonal yo. Responsab jesyon zafè leta ayisyen demisyone pandan yo kontinye ap touche lajan leta. Responsab jesyon zafè leta fèmen zòrèy yo anfas mizè pèp ayisyen enpi yo louvri men yo pou yo ranmase pousantaj nan men etranje k ap achte richès peyi a bon mache.
Mas yo pa dwe dekouraje, paske gen moun toujou nan peyi a ki prèt pou kontinye batay pou defans enterè tout pèp ayisyen an. Nou tout dwe mete men.
Viktwa final se pou pèp k ap
lite...
Magerit Abèl
KILTI
ZAFÈ KABRIT PA ZAFÈ MOUTON
Patrimwa n fizik menm jan ak patrimwa n senbolik, tou de reprezante memwa yon pèp. Yo reprezante temwayaj kiltirèl yon sosyete. Andan tout espas sosyal kote yon ban n estrikti tradisyonèl ap taye banda tankou nan ka sosyete akayikawo ayisyen an, aktè sosyal ki gen mwens levasyon fòmèl, anpil etid, ki pa save, kidonk ki pa t fè anpil tan lekòl, yo toujou bay plis enpòtans ak fenomèn ki chita nan patrimwa n senbolik yo tankou: lang yo pale, rèv yo, relijyon, elatriye... Pou sila yo ki chouke nan lòt fòm patrimwa n fizik la tankou: fò, batiman, wout, dekò ak lòt ankò, yo pa gen menm fonksyon oswa menm konsiderasyon nan je kategori sosyal sa yo.
Aktè sosyal k ap fè fas ak batay nan kad konfli tout nati, tout ti vis yo sanble pa jwen n nan patrimwa n fizik yo enèji sikolojik, moral ki nesesè pou ekilibre aksyon yo.
Pètèt se paske eleman patrimwa n fizik yo pa gen yon prezans nan lavi chak jou yo. “Moun reve sa yo konnen”. Moun batay pou sa ki lye ak enterè yo. Nan jan chapant sosyete a prezante la a, malere malerèz jwen n plis aksè nan eleman patrimwa n senbolik yo. Pa egzanp yon soyèt pa bezwen peye taks pou l pale kreyòl, e poutan jounen jodi a si li vle fè yon kout pye nan sitadèl la, li oblije peye baryè, yon taks.
Yo di palè nasyonal,palman an se byen pèp la, se petèt vre, men konbyen fwa pèp la met pwent pye l ladan yo?
Refleksyon sa a mennen nou gade rapò 2 fòm patrimwa n sa yo genyen avèk popilasyon ki nan nivo sosyal depaman. Nan gade regade, nou konstate se entèlektyèl yo, moun save yo, plimeyank yo, enpi politisyen ki sitou enterese avèk fòm patrimwa n fizik yo. Politisyen lavalas pa ekzanp tankou lòt koken tradisyonèl ki pase sou pouvwa toujou itilize byen, foto, plas ak pawòl zansèt nou yo pou yo fè deklarasyon de gren n gòch tankou sa gouvènman Aristid la fè sou Channmas ak
Tousen Louvèti. Bagay sa yo se bri sapat, yo lye ak enterè dirèk politisyen lavalas yo ki ap plenyen poutèt blan franse pa lage zo nan bòl yo. Moun ki pa nesesèman ap fè politik men ki enterese fè kòb tankou moun save yo, sila yo yo rele entèlektyèl yo, yo toujou ap pran foto kay peyizan, foto kò peyizan k ap benyen bò rivyè. Bagay sa yo pèmèt nèg save fè pwojè, van n pwojè, ekzekite pwojè, fè restorasyon tankou dyòb “ISPAN” an nan Sitadèl Wa Anri Kristòf la.
Fonksyon edikatif ak distraksyon kont ak istwa genyen pou yon peyizan pa menm pou yon konnensè nèg save ki pral ekri pwojè.
Ki lè moun save yo enterese ak yon zòn oswa yon eleman ki reprezante patrimwa n fizik?
1- Fondamantalman, se lè yo sispèk gen yon lajan nan sektè kiltirèl la, swa nan koperasyon fransèz , “UNESCO” tankou pwojè “Wout esklav” la, kote msye Layenèk Ibon, Filip Lèbou te chocho douvan ban n nan kòm majò jon. Pa ki chimen pwojè wout esklav la pase?
Nan ki kafou li rive?
2- Yo enterese tou , se lè yo ap mete gan y patrimwa n sa osèvis pèsonèl yo, oswa asire yon dyòb pèmanan tankou “ISPAN”.
Ekspè k ap milite nan fondasyon kilti kreyasyon kache dèyè pòt koperasyon fransèz nan sèvis kiltirèl la pou fè pwojè yo pase jouk ka ladènyè. “Denpi ki lè koukou te renmen frize jouk pou l ta rele pitit li frizelya? An menm tan, nou pa kwè konnensè ki nan klas sosyal k ap mennen bak sosyete a renmen patrimwa n fizik peyi a pase sa... Si yo te renmen l, ki sa yo fè pou palè 365 pòt ki nan ti rivyè latibonit lan? Jounen jodi a eske li rete 15 pòt? Si yo te renmen l, ajan direktè DGI pa ta fè konbinezon ak pè Jil Kanpyon, responsab legliz sakrekè pou fè kado bitasyon karade nan zòn taba. Si yo te renmen l jouk ki bò pwojè “wout esklav” la rive nan peyi a? Eske li rive kwadèbosal? Ki sa k fè kwadèbosal pa ta yon zòn patrimwa n? Oke, nou konpran n. Dayè se nan “star mat” yo jounen jodi a yo mennen fanmiy
ak zanmi yo al fè mache. Se pètèt sa ki fè yo bliye kwadèbosal. Nou pa kwè se “UNESCO” ki poko bay kòb pou sa...
Nou panse li enpòtan pou popilasyon defavorize yo jwen n aksè ak fòmasyon akademik nesesè ki ka fè yo konpran n menm jan ak lòt kategori sosyal dominan yo enpòtans tou de fòm patrimwa n yo genyen nan lavi yo. Pou tèt sa fòk yo leve kanpe bare raketè tout kalite, politisyen kou moun save k ap itilize yo, mobilize yo sou channmas, lakayè nan dat 18 me, kote yo pral bat lestomak poutèt y ap van n peyi a tipa tipa douvan estati zansèt yo. Rèv nou ak byen nou, tankou tout sa grandèt yo te ranmase nan batay liberasyon peyi a ta dwe sèvi nou chak jou nou leve.
Kesnè Bonami
Jounal KASKÈT distribiye atravè tout teritwa peyi dayiti ak nan peyi letranje.
SOU CHIMEN PÈDI TAN
Nan lavi, gen yon ban n chemen
ki prale nan tout direksyon.
Genyen se lekòl yo mennen, genyen ki mennen nan prizon Men gen yon chimen an verite lape desan n lape monte,
men l pa mennen oken n kote.
Sou chimen pèdi tan,
nou tout ape mache,
men nou pa kon n kote nou prale.
Sou chimen pèdi tan,
nou mache kòt a kòt,
men nou pa vle pale yon n ak lòt.
Nou tankou ti moun ki ape boude,
tankou ti moun ki mare fache. Nou pito kritike,
jan yon n lòt ap mache,
pou n pa wè nou menm tou n ap bwete.
Si n te konnen
pou ki n ape mache,
si n te konnen kote nou prale pou jodya fòn ta vanse rive.
Sou chimen pèdi tan,
nou kwaze mekreyan,
ki konpran n yo se konnensè yo konnen tout chapit,
yo konnen tout vèsè,
e yo fò nan resite pa kè.
Yo deklare se lidè yo ye
yo vle tout moun suiv yo pye pou pye.
Men lè w gade atè
ou wè wa te mache,
sou menm tras ou te fè avan yè
Sou chimen pèdi tan,
gen moun ki toujou di,
an nou bay men,
pou fè yon gwo chen n,
paske se yon sèl jan
pou nou sispan n pèdi
se pou n bouke mache gren n pa gren n.
Tout moun di sa se yon verite tout moun di sa se yon bèl lide Lè konsa w ranje
ni men dwat ni men gòch,
men gen moun ki me t 2 men nan pòch.
Kawòl D.
SOSYETE
OMOSEKSYALITE
Omoseksyèl se yon moun ki fè lanmou ak moun ki gen menm
sèks ak li.
Yon lesbyèn se yon fanm ki fè lanmou ak fanm parèy li. Masisi, se gason ki fè lanmou ak gason parèy li. Lè lanmou fèt konsa, sa pa ale nan sans repwodiksyon limanite.
Se nan peyi blan langletè gen plis masisi sou latè. Nan peyi sa nou jwen n masisi nan tout aparèy leta a, nan lame, nan lapolis, toupatou.
Nan peyi lafrans, gen plis pase 200 mil omoseksyèl ki pa wont pran lari pou yo reklame dwa pou yo viv tankou lesbyèn, tankou masisi.
Si se nan peyi pòv ki te gen tout omoseksyèl sa yo, ou t ap tande yo di w se malediksyon, yo t ap di omoseksyalite se maladi grav. Men lè n konnen rapò ki genyen ant omoseksyalite ak plizyè maladi ki transmèt nan sèks tankou maladi sida, alò nou ka konpran n se nan peyi blan nou jwen n plis moun ki soufri maladi sida. Yo gen sida, yo gen lajan. Sa pèmèt yo vwayaje kòm touris pou yo vin pran plezi nan peyi pòv ak tout konsekans sa ka genyen. Se sa tou yo rele mondyalizasyon.
Mondyalizasyon sa, se posiblite peyi enperyalis yo genyen pou yo simaye vis ak maladi yo nan peyi pòv yo. Mondyalizasyon, se plis lanmizè, plis soumisyon, plis imilyasyon pou peyi pòv.
Jinèt Batis
POLITIK
ZEWO TOLERANS
Pou kèk mwa gouvènman lavalas la pase sou pouvwa, eslogan lapè nan tèt lapè nan vant yo t ap klèwonnen an bwè lwil. Jodi a se zero tolerans ki okipe beton an. Politik zewo tolerans la mache ak eliminasyon kèk rezo vòlè ki t ap dechèpiye popilasyon an. Anpil moun nan popilasyon an bat bravo pou lapolis k ap egzekite vòlè somèman. Reyaksyon popilasyon an nòmal paske moun te about ak zenglendo nan kapital la ak nan divès lòt zòn nan peyi a. Bravo pou lapolis, men se sitou gras
vijilans popilasyon an ki pèmèt zak zenglendo diminye. Gouvènman lavalas ap vante merit lapolis yon fason pou l chèche konfyans ak garanti lajan bò kote kominote entènasyonal la, li rantre nan lojik touye vòlè ak zenglendo pou montre patwon li yo gen yon klima sekirite anndan peyi dayiti.
Nou menm nan kan mas popilè yo nou p ap fè tèt nou oken n ilizyon sou eslogan zewo tolerans la paske plizyè rezo zenglendo k ap feraye andan peyi a se ak benediksyon lapolis yo aji. Lapolis kòm enstitisyon se yon kò reyaksyonè kont mas pèp, ki la pou defan n enterè gran nèg vizavi malere. Menm jan entèvansyon zenglendo pote dèy ak dezèspwa nan katye popilè yo, se konsa tou entèvansyon lapolis la toujou pote gwo lo kadav nan mitan klas pòv la.
Zewo tolerans, se yon eslogan politik ipokrit ki gen anpil demagoji. Zewo tolerans, wi! Men fòk zewo tolerans la aplike sou vòlè ak zenglendo ki pote inifòm ble maren ak bèj, li dwe aplike san paspouki sou gwo
fonksyonè nan leta k ap vòlè nan administrasyon piblik tankou nan palè nasyonal, nan palman, nan ministè ak nan direksyon biwo leta yo. Zewo tolerans dwe aplike pou tout moun ki van n byen leta, byen peyi a. Zewo tolerans dwe aplike ak tout rigè sou polisye ki enplike nan zak sazinay militan politik, zak anlèvman ak zak kanbriyolaj. Atansyon pou zewo tolerans pa sèvi pretèks pou elimine militan k ap batay kont marasa konvèjans lavalas.
Vrè batay kont vòl, vyòl, gaspiyaj nan leta a, kòripsyon, ensekirite, se mas yo sèlman ki kapab mennen batay sa a jouk nan bout li. Oken n politisyen rasi, demagòg, raketè p ap kapab fè l nan plas nou.
Dirasine Monbren
LAVALAS-KONVÈJANS KI NEGOSYASYON?
Denpi apre eleksyon 21 me 2000 yo, 2 zèl menm mouvman lavalas la ap batay pou yo chak
gen plis djòb leta, plis posiblite pou yo egzekite plan enperyalis yo. Nan goumen pou djòb leta, nan batay pou yo mete yo plis ajnou devan blan, pa gen zafè pèp k ap regle.
Kit se konvèjans ou byen fanmi lavalas, yo tout se machan n peyi dayiti. Lè yo di negosyasyon, savledi sosis ak blan pou yo jwen n plis pousantaj. Lè yo di negosyasyon, savledi separe djòb senatè depite majistra ministè pou yo mete moun pa yo nan djòb, menm si moun sa yo pa gen kalifikasyon. Lè yo di negosyasyon lavalas-konvèjans savledi yo chak ofri etranje yo plis tè leta plis richès ak zafè ekonomi peyi dayiti, savledi yo chak deside bay blan plis garanti nan detri pwodiksyon nasyonal la. Lè yo di negosyasyon, savledi fanmi lavalas tankou konvèjans dakò pou zafè vant peyi a, sante pèp ayisyen, kilti, edikasyon ak lajistis nan peyi a, yo dakò pou bagay sa yo regle ak etranje nan peyi letranje. Lè yo di negosyasyon konvèjans lavalas, savledi konplo kont pèp ayisyen.
Pèp ayisyen dwe retire tout konfyans li te fè kèk endividi sou baz bèl pawòl ak fo pwomès. Pèp ayisyen dwe prepare kòd pou l mare gran manjè, trèt, chimè, tonton makout aloufa konvèjans ak blan enperyalis.
Mari Nikòl Jan
KONDANE PWOSPÈ AVRIL
Lajistis ak lapolis lavalas ap bay cho. Nan mwa me 2001, yo arete gwo bawon makout divalyeris ki rele Pwospè Avril. Ki moun Pwospè Avril ye, enpi pou ki sa lavalas arete l mete l nan prizon?
Pwospè Avril se yon n nan militè tonton makout ki te pi fidèl egzekitan move zak Franswa Divalye. Pwospè Avril te tèlman fidèl rejim divalyeris la, se li menm Papa dòk te bay djòb pwoteje bonbonfle Bebidòk, se li menm ki te
kòmande militè ki te chaje mennen Bebidòk lekòl, chèche fanm ak gason pou Bebidòk pran plezi. Lè Franswa Divalye mouri, li nòmal pou Pwospè Avril jwe wòl kle dèyè koulis pouvwa Janklod Divalye. Tout gwo desizyon rejim divalyeris la pase pa Pwospè Avril, men li pa janm vle fè konnen se li menm ki maniganse tout move kou yo. Se pou sa yo kon n di se yon nèg entèlijan , yon mèt dam.
Lè nan mwa fevriye 1986 Janklod Divalye blije kite peyi dayiti gras presyon mas popilè yo, klòch Pwospè Avril pral sonnen. Anfas li genyen plizyè lòt gwo jandam makout tankou Imlè Rebi ki anvi chita sou chèz boure palè nasyonal. Pou sa rive fèt, fòk chak gwo chèf gen lo ti jandam, lo ti sòlda pa yo. Se denpi lè sa a lame dayiti kòmanse kraze ak sa yo te rele mouvman ti sòlda yo ki te gen nan tèt yo magouyè Pwospè Avril.
Aristid ak lavalas ap frape lestomak yo di se yo menm ki kraze lame dayiti. Se yon blòf.
Se Pwospè Avril ki kraze estrikti lame a lè l defèt tout sistèm yerachik ki t ap dirije lame a, lè l anfonse lame a nan kòripsyon, nan trafik dwòg, nan pi gwo zak sazinay ak represyon sou popilasyon an. Se gwo jeneral, gran kolonèl lame a menm ki kontribiye pou disparèt lame a sou fòm estriktire li te ye a pou fè l tounen plizyè gang osèvis bawon lavalas, osèvis chak ansyen chèf tonton makout. Men, moun ki plis peye pou move zak lame a, se ti sòlda yo ki toujou konsidere tankou machandiz prèt pou akonpli move misyon nan mitan popilasyon an.
Jodi a ankò gen gwo chèf militè tonton makout ki gen foli prezidan paske yo ran n yo kont lavalas fè piyay.
Pwospè Avril se yon kriminèl kont limanite. Men Pwospè Avril tache ak san plizyè pitit pèp ayisyen.
Pou ki sa se konnyè a yo arete Pwospè Avril?.
Tout moun dwe konnen, Pwospè Avril se yon ajan ransèyman CIA ki toujou ap fè espyonaj ak krim sou kòmandman blan meriken, kivledi meriken dwe l pwoteksyon. Se konsa , denpi tout tan nou pa t tande pale de Pwospè Avril, se blan meriken ki t ap bay li sekirite. Kounyè a yo kòmanse yon operasyon blanchi move zak sanginè a pou fè l pase pou bon moun, yo ekri liv pou fè l siyen di se ekriven l ye. Yo ap prepare l fè l vin tounen lidè politik nan pati politik bidon, pou l vin pran pouvwa ak gwo djòb gran fonksyonè leta nan demokrasi pèpè sou fyèl menm pèp ayisyen an ki viktim.
Pou ki sa lavalas arete Pwospè Avril?
Lavalas bezwen kòb. Se nan men bawon makout yo ka jwen n kòb. Nou deja konnen, tout gwo jandam lavalas arete, li lage tout apre yo fin vèse gwo magogo. Enpi, si gran atoufè bezwen bonjan sekirite, se nan prizon pou yo ale kote zenglendo parèy yo pa ka enkyete yo.
Pèp ayisyen ap tan n pou lavalas jije enpi kondane Pwospè Avril pou krim li komèt. Si lajistis konplis pa fè travay li, enben nou tout ap konpran n se nou menm ki dwe bay tèt nou jistis.
Matye Vòb
TRIBINAL PENAL ENTÈNASYONAL : JIJ ASASEN
Denpi kèk tan, blan yo mete kanpe yon tribinal entènasyonal ki bay tèt li dwa jije enpi kondane nenpòt sitwayen nenpòt peyi pou swadizan krim kont limanite. Sa se yon lòt aspè mondyalizasyon lajistis sou kòmandman enperyalis yo.
Si tribinal penal entènasyonal ap fè travay distribisyon pinisyon tout bon vre kont tout moun ki komèt krim kont limanite, yo dwe kondane dirijan bank mondyal, fwon monetè entènasyonal ak tout lòt enstitisyon k ap fè konplo pou touye moun pa pakèt akòz grangou. Si tribinal penal entènasyonal ap fè travay la tout bon vre, pou ki sa li pa arete Janklod Divalye, Rawoul Sedras, Michèl Franswa, Wilyam Regala, Anri Nanfi, Pwospè Avril? Si tribinal penal entènasyonal la ap fè travay distribisyon jistis tout bon vre anfavè viktim krim kont limanite, enben ki domaj ak enterè y ap bay pèp endyen ak pèp nwa yo ki te sibi anpil move trètman nan esklavaj anba men menm blan sa yo ki mete kanpe tribinal sa nan peyi la Oland?.
Ipokrizi enperyalis yo pa dwe kaponnen pèson n. Y ap mete tout mekanis anplas pou yo pèsekite tout dirijan peyi k ap fè jefò pou bay pèp lakay yo diyite. Nan plizyè okasyon, se menm jij tribinal penal entènasyonal yo ki bay diktatè lajan ak zam pou yo komèt krim kont pwòp popilasyon lakay yo. Apre, lè diktatè sa yo pa ka itil ankò, enperyalis yo mete kòd nan kou yo sou pretèks yo komèt krim kont limanite. Men jij sa yo pa pwòp, men yo sal ak san pèp peyi pòv yo, jij sa yo se asasen, se kriminèl ki la pou pwoteje move zak konpatriyòt yo. Tribinal penal entènasyonal se kote bouwo asasen tounen jij, yon fason pou enpinite pa janm sispan n. Aparèy jidisyè entènasyonal pa la pou bay viktim peyi pòv jistis. Pèp yo, viktim yo dwe òganize pwòp jistis pa yo.
Maryon Lemèsye
KONGRÈ MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
(M.R.A.)
Denpi kèk mwa plizyè militan divès rejyon peyi dayiti deside ini fòs yo pou yo chèche reyini tout rès militan onèt yo nan yon gran òganizasyon politik ki gen objektif itilize tout mwayen pou charye enpi defan n revandikasyon pèp ayisyen an. A pwopo estrikti òganizasyon politik sa, plizyè militan fè pwopozisyon apati eksperyans ki fèt deja. Gen militan ki kwè òganizasyon ki ta dwe kontinye pouse revandikasyon mas popilè yo se òganizasyon popilè tankou sila yo ki te boujonnen apati lane 1986. Gen lòt ki panse òganizasyon popilè vin tounen enstriman anba men pati politik tradisyonèl yo. Gen zanmi ki panse meyè fòmil la, se kreye yon pati politik sou direksyon eleman konsekan mas yo. Men, ki sa k pral fè diferans ant pati politik tradisyonèl ak pati politik sou direksyon militan konsekan? Nosyon òganizasyon popilè tankou nosyon pati politik la sonnen mal nan zòrèy mas yo paske prèske tout egzanp mas yo viv deja swa ak òganizasyon popilè swa ak pati politik, se move souvni, se move eksperyans kote se yon ti klik ki oryante òganizasyon an ou byen pati a nan sans enterè pèsonèl yo, nan sans enterè fanmiy yo, enpi sitou nan sans enterè lènmi mas yo.
Apre plizyè bwase lide, militan ki t ap reflechi sou kreyasyon yon zouti politik pou defan n enterè mas pèp la te abouti nan mete kanpe yon espas politik ki rele MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.). Ki sa M.R.A. ye? Se yon òganizasyon popilè ou byen yon pati politik tradisyonèl? Ni yon n ni lòt. Mouvman Revolisyonè Ayisyen, se pa yon òganizasyon popilè. Mouvman Revolisyonè Ayisyen se pa yon pati politik tradisyonèl. Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) ale pi lwen pase ni òganizasyon popilè ni pati politik, se yon mouvman politik nasyonal louvri ki gen pretansyon itilize tout espas legal batay politik la anfavè mas popilè yo. Estrikti Mouvman Revolisyonè Ayisyen pa pèmèt M.R.A. tounen baz pati politik tradisyonèl. Pou n jwen n plis enfòmasyon sou M.R.A. tout militan ki ta renmen patisipe nan gonfle fòs M.R.A. ak tout senpatizan dwe tabli kontak ak manb M.R.A.
Nan dat 22 dawou 2001 Mouvman Revolisyonè Ayisyen te òganize yon gwo rasanbleman nasyonal nan depatman Nò a. Jounal Kaskèt resevwa yon piblikasyon pou laprès. Nou envite w pran konesans piblikasyon sila:
NOUVÈL NASYONAL
NAN PEYI DAYITI
Nan dat 28 jiyè 2001 ki make katrevensizyèm anivèsè lokipasyon teritwa peyi dayiti ak blan meriken, yon gwoup nèg ak zam rive touye plis pase 5 polisye enpi blese 16 lòt nan atak ki fèt nan lokal polisye yo menm sou plizyè pwen nan peyi a nan depatman lwès ak nan plato santral. Lapolis ki responsab pou bay popilasyon an ak enstitisyon peyi a sekirite, sibi zak ensekirite. Nan jou k ap vini, blan k ap bay palè nasyonal sekirite pral rale kò yo bay menm nèg ak zam sa yo atake san kè sote palè nasyonal, palman an ak lòt komisarya. Akòz latwoublay sa, nan kèk katye popilè , palmantè ak majistra lavalas distribiye lajan, kawotchou ak boutèy pou pèmèt chimè fè swadizan rezistans. Pandanstan popilasyon an rete ap gade nèg ki gen kòb ak zam k ap goumen pou djòb leta san volonte pou defan n ni pou rezoud pwoblèm peyi a. Ayibobo pou plizyè militan nan katye popilè nan vil okap ki refize aksèpte kòb pou boule kawotchou, enpi yo kouri dèyè reprezantan lavalas k ap fè demagoji.
NAN DEPATMAN NÒ
Nan menm kad zewo tolerans zewo sitirans la pèp nan depatman nò deja mete nan lis non plizyè otorite lavalas k ap fè konplo pou yo sazinen militan. Pami otorite lavalas sa yo gen palmantè koupyon, plizyè majistra ki trayi ideyal mas yo, tonton makout responsab nan delegasyon nò, nan pò ak nan la dwan n okap. Otorite lavalas sa yo nan depatman nò ap fè sikile yon trak ki pwomèt lanmò pou plizyè militan nan depatman nò. Tonton makout ki gen kostim lavalas sou do yo bay tèt yo dwa pèsekite militan. Tonton makout ansyen manb “Alaso band” ki nan peryòd koudeta t ap bay defakto ochan, se yo menm k ap prepare pou sazinen militan nan depatman nò.
Atansyon pou jwèt la pa bosal, paske mas pèp rebèl la deja dispoze pou l rantre tout bon nan batay. Tout militan konsekan dwe prepare repons pou chak zak malonèt ki komèt sou militan. Enpi mas la dwe aji anvan malfektè egzekite pwojè yo genyen. Lokal kote konplo ap planifye sou militan se nan A.P.N. (otorite pòtyè) nan okap,
nan biwo delegasyon nò, nan biwo depatman sanitè nò, nan biwo ladwan n okap...
NAN PLATO SANTRAL
Nan finisman mwa dawou 2001 2 malfektè dominiken ki te jwen n arestasyon nan men polisye ayisyen te fèmen nan prizon nan laskawobas, plato santral.
Konsil dominiken nan peyi dayiti akonpanye ak yon gwoup militè dominiken ame jouk nan dan debake beladè nan komisarya polis la, yo libere malfektè dominiken yo ak mwayen la fòs pandan polisye ki plase pou pwoteje ak sèvi pèp ayisyen, rete ap gade...
Apre enfòmasyon sa fin tonbe, premye minis ayisyen an Jan Mari Cherestal deklare: ant peyi dayiti ak peyi dominikani gen bonjan relasyon zanmitay. Pandan ayisyen ap sibi move trètman nan peyi dominiken, gouvènman lavalas pa fè oken n jefò pou anpeche pèp ayisyen kontinye sibi imilyasyon sou pwòp teritwa l.
NOUVÈL ENTÈNASYONAL
NAN PEYI LITALI
Nan vil Jèn, peyi litali, militan anti mondyalizasyon anba banyè Fwon Revolisyonè mete dife nan plizyè lokal enperyalis yo. Se nan twazyèm semen n mwa jiyè 2001 an gwoup 8 peyi enperyalis eksplwatè yo (G8) te reyini nan peyi litali pou yo kontinye planifye konplo sou do peyi apovri yo. Lame peyi rich yo pa ezite tire gwo zam fan n fwa sou manifestan san zam, sa ki lakòz plizyè lanmò ak blese grav nan kan militan anti mondyalizasyon yo.
Militan tout peyi dwe mennen bonjan aksyon pou fòse gouvènman peyi apovri yo fè bak nan siyen kontra malonèt anfavè enperyalis, nan kad aplikasyon plan lanmò neyoliberal la.
NAN PEYI KIBA
Nan dat 26 jiyè 2001, yon kòken n chen n manifestasyon te dewoule nan peyi Kiba ak alatèt li prezidan Fidèl Kastwo. Prensipal eslogan gran manifestasyon sa se: Aba anbago jenosid blan meriken mete sou do peyi Kiba denpi plis pase 42 lane.
Dat 26 jiyè make anivèsè atak kazèn Monkada, yon kazèn lame tonton makout kiben. Se nan dat 26 jiyè 1953 nan lè 5 è 15 nan maten , 167 revolisyonè kiben ak alatèt yo Fidèl Kastwo, Abèl Santamariya, Melba Ènandès, Raoul Kastwo, Maryo Mounyòs, te atake 2 prensipal kazèn militè kiben: kazèn bayamo ak pi gwo kazèn lan monkada nan peyi kiba.
Malgre revolisyonè kiben yo te fè anpil pèt, konviksyon yo pandan atak militè yo te reveye konsyans popilasyon kiben an, enpi se konsa pwosesis revolisyonè nan peyi kiba te kòmanse pou li abouti nan dat premye janvye 1959 ak viktwa revolisyonè kiben yo sou fòs enperyalis yo. Mouvman 26 jiyè a (M-26) selebre gran viktwa sa nan dat 26 jiyè 2001 ak anpil fyète, anpil diyite, paske gras revolisyon kiben an, anpil lòt peyi sou latè jwen n liberasyon yo, anpil lòt pèp gen lespwa yon jou yo kapab ranvèse dominasyon enperyalis yo. Peyi kiba kapab bay anpil lòt peyi leson demokrasi, leson sou respè dwa moun, leson diyite, paske nan peyi kiba, pèp kiben jwen n lenstriksyon, swen sante ak sekirite gratis, enpi se pèp kiben ki deside sou avni ak desten l.
Jozèf Inosan
MANIFESTASYON KONVÈJANS MAK
-----------------------------------------
NAN KASKÈT LA NOU JWEN N:
PAJ
EDITORYAL---------------------- 2
ZAFÈ KABRIT PA ZAFÈ MOUTON 4
SOU CHIMEN PÈDI TAN--------- 6
OMOSEKSYALITE---------------- 7
ZEWO TOLERANS---------------- 8
LAVALAS-KONVÈJANS : KI
NEGOSYASYON ?---------------- 10
OUT LAVALAS: MENM KONBA
-----------------------------------------
NAN KASKÈT LA NOU JWEN N:
PAJ
KONDANE PWOSPÈ AVRIL---- 11
TRIBINAL PENAL ENTÈNASYO-
NAL : JIJ ASASEN------------ 13
PREMYE KONGRÈ M.R.A.----- 14
PIBLIKASYON M.R.A. POU
LAPRÈS-------------------------- 16
NOUVÈL NASYONAL------------ 18
NOUVÈL ENTÈNASYONAL------ 19
|