KASKET, SE JOUNAL BATAY POPILE A POU LIBERASYON MAS YO
Jounen jodia pep ayisyen ap viv yon peryod ki chaje ak konfizyon. Sou teren politik la, jan sitirasyon an ap dewoule, fo w ta di gen 2 kouran lide nan peyi a kote gen lavalas yon bo ak lopozisyon yon lot bo. Konjonkti a prezante fo w di yon sekte ta vle chanjman, epi lot la pa vle anyen chanje, tankou youn nan sekte sayo ta pwogresis pou entere pep, epi lot la se lenmi pep, lenmi demokrasi.
|