Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Kaskèt

 

KASKÈT
jounal batay popilè a pou liberasyon mas yo

jiyè 2005                         nimewo 12
______________________________________

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.


PWOGRAM AKTIVITE M.R.A
21 ak 22 dawou 2001, MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) pran nesans nan peyi dayiti. Denpi dat sa, plizyè militan politik pwogresis, fanm tankou gason, jwenn espas pou yo eksprime opinyon yo, enpi aji anfavè amelyorasyon kondisyon lavi mas popilè yo, pandan militan M.R.A. toujou pran distans yo vizavi tout sektè ki pa danse kole ak revandikasyon popilasyon an.

21 ak 22 dawou 2005, sa fè 4 lane denpi militan M.R.A. ap pote patisipasyon yo nan refleksyon anfavè yon lòt fòm sosyete, kote eksplwatasyon ta kaba nan peyi dayiti, enpi pou tout pitit peyi a travay men nan men pou yon ayiti miyò.
Nan okazyon selebrasyon katriyèm anivèsè egzistans M.R.A., dirijan M.R.A. yo mete kanpe plizyè aktivite espòtiv, kiltirèl atravè 19 komin ak divès seksyon kominal depatman nò a, kote tout moun nan popilasyon an envite vin patisipe.
Chanpyona damye, domino, kazino, bezig, 3-7, lido; kous kouri apye (maraton), kous chwal, kous bisiklèt, kous nan sak; konkou RAP-RAGA-REGE KREYÒL, konkou manje plizyè mèl pen M.R.A.; match ant ekip foutbòl fanm M.R.A.-A.F.G. ak yon seleksyon foutbolè fanm okap; gwo cho karate ak 2 gwo klèb karate: kyokouchennkay atlantik klèb, ak chotokann atlantik klèb; kanpay plante anpil pye bwa lespwa...

Ti moun M.R.A. yo, Gran Koral M.R.A., Asosyasyon Fanm Galman (A.F.G.), plizyè gwoup ak lòt òganizasyon envite pou yo pote patisipasyon yo. Pou n fini anbyans lan, yon gran sware dansan “siye-pye” ap klotire aktivite a jou dimanch 21 dawou 2005 lan.
______________________________

CHANPYONA ANIVÈSÈ   M.R.A

Nan divès jwèt tankou: DOMINO, DAMYE, BEZIG, KAZINO, LIDO, 3 -7

PREMYE ETAP:
- Nan nenpòt katye vil okap, ou byen nan nenpòt katye nan seksyon kominal depatman nò a, patisipan yo ap òganize yo, pou yo enskri moun ki anvi patisipe yo. Komite lokal, nan katye a, ap kontakte dirijan M.R.A., swa nan Chòp A.T.P. site lesko okap, swa nan Oditoryòm Radyo Atlantik, galman dipla, katyemoren, pou renmèt lis patisipan yo, ak pwotokòl òganizasyon jwèt yo.
- Frè enskripsyon pou chak jwè: 10 goud.
- Komite lokal chak katye ap resevwa nan men dirijan M.R.A. yo, materyèl nesesè pou jwèt yo, tankou: kat, damye, domino, lido...)
- Lè faz final la rive, komite lokal katye a ap avèti dirijan M.R.A. yo k ap renmèt yon sèl prim pou chanpyon nan chak jwèt. Valè prim lan (pou piti 100 goud, pou pi plis 250 goud) ap varye, selon kalite jwèt la, ak lokalite kote premye etap chanpyona M.R.A. a te òganize.
- Chanpyon an, ak finalis la pou chak jwèt yo jwenn kalifikasyon yo pou yo vin patisipe nan dezyèm etap chanpyona M.R.A. a.
- Premye etap Chanpyona M.R.A. a, ap dewoule selon kalandriye òganizatè chak katye, chak baz. Men, nan chak katye, chanpyona yo ap kòmanse pou pita nan dat premye dawou 2005, enpi tout final chanpyona yo ap fèt pou pita nan dat 14 dawou 2005.

DEZYÈM ETAP:
- Chanpyon ak vis chanpyon finalis la pou chak jwèt, nan chak katye,  envite vin patisipe nan Oditoryòm Radyo Atlantik, jou samdi 20 dawou 2005 a 8 tè nan maten, nan gran chanpyona depatmantal la, kote chanpyon pral kontre kòn ak chanpyon.
-  Jou samdi 20 dawou 2005 la, nan oditoryòm radyo atlantik, dirijan M.R.A. yo ap ofri bay patisipan yo ki deja kalifye pou dezyèm etap chanpyona M.R.A. a, yon ti manje a 10
zè nan maten, ak yon lòt manje apremidi.
- Patisipan ki vle rete aswè, envite pou yo asiste gran KONKOU RAP-RAGA-REGE-KREYÒL nan Oditoryòm Radyo Atlantik menm jou samdi 20 dawou 2005 la apati 6 zè nan aswè.
- Tout match final yo, pou chak jwèt yo, ap jwe jou dimanch 21 dawou 2005 a 8 tè nan maten, nan Oditoryòm Radyo Atlantik.
- 2 Kalifye pou match final chak jwèt ap resevwa manje maten ak apremidi.
- Chanpyon depatmantal la, ansanm ak vis chanpyon depatmantal pou chak jwèt ap resevwa yon koup (yon souvni), yon gwo prim anvlòp ki gen lajan, ak yon sètifika patisipasyon.


- Seremoni renmèt Koup, Prim, ak Sètifika Patisipasyon ap fèt jou dimanch 21 dawou 2005 apati 6 zè nan aswè, nan oditoryòm radyo atlantik.

CHANPYONA  ANIVÈSÈ  M.R.A.

Nan divès kous, tankou: KOUS KOURI APYE (MARATON), KOUS CHWAL, KOUS BISIKLÈT, KOUS NAN SAK...
- Tout kous yo ap dewoule dimanch 21 dawou 2005 a 8 tè nan maten. Pwen depa: devan dispansè doktè polikap, galman dipla
- Chak patisipan dwe enskri pou pita nan dat 15 dawou 2005, nan chòp A.T.P., site lesko okap, ak nan oditoryòm radyo atlantik, galman dipla katyemoren.
- Frè enskripsyon: 10 goud

KOUS KOURI APYE (MARATON)
-Kous la ap kòmanse, soti devan dispansè a, ale nan bouk katyemoren, pase kalfou lanmò, rive madlin, travèse kalfou jezi, pou bout devan dispansè a.
- Atlèt ki rive anvan an, ap sakre chanpyon.
- Chanpyon an, ansanm ak dezyèm ak twazyèm lan ap resevwa yon koup (souvni), yon gwo prim, anvlòp ki gen lajan, ak yon sètifika patisipasyon, nan seremoni renmèt sètifika apati 6 zè nan aswè, jou dimanch 21 dawou 2005  lan.

KOUS CHWAL
- Pou chak gwoup 3 kavalye, kous la ap kòmanse, soti devan dispansè a, rive nan bouk katyemoren, enpi retounen nan dispansè a.
- Pami 3 kavalye yo, ap gen 2 elimine. Se sèl premye nan chak gwoup 3 kavalye k ap patisipe nan faz final la.


- Nan dènye kous pou detèmine chanpyon an, 3 kavalye ap kalifye: yon chanpyon, yon dezyèm ak yon twazyèm.
-Tout kavalye k ap patisipe nan kous la, ap manje maten ak apremidi.
- Apati 6 zè nan aswè, chanpyon yo ap resevwa koup (souvni), yon gwo prim, anvlòp ki gen lajan, ak yon sètifika patisipasyon, nan seremoni anivèsè M.R.A.

KOUS BISIKLÈT
-Se kous fas pou fas ak kwonomèt la.
- Kous la ap kòmanse devan dispansè a, rive nan bouk katyemoren, pase kalfou lanmò, nan direksyon kalfou madlin, mete tèt pou kalfou jezi, pou bout devan dispansè a.
-Chak siklis ap derape ak yon distans 10 minit yonn parapò lòt.
- Si gen anpil siklis, derapman an kapab fèt pou chak 2 siklis ansanm.
-Siklis ki reyalize meyè tan kwonomèt la, ap sakre chanpyon.
- Siklis chanpyon an, ansanm ak dezyèm, ak twazyèm meyè tan kwonomèt la ap resevwa koup (souvni), gwo prim, anvlòp ki gen lajan, ak yon sètifika patisipasyon.
ATANSYON: Okenn atlèt k ap patisipe nan kous yo, pa otorize kontinye patisipe, si l pa gen yon dosa devan ak dèyè mayo ou byen kamizòl li, pou idantifye l ak yon nimewo.
- Tout atlèt ki enterese, kapab vin asiste gran konkou RAP-RAGA-REGE-KREYÒL k ap fèt jou samdi 20 dawou 2005 a 6 zè aswè nan oditoryòm radyo atlantik

KONKOU ANIVÈSÈ  M.R.A. :

KONKOU RAP-RAGA-REGE KREYÒL
_______________________________

Enskripsyon nan chòp A.T.P., site lesko okap, ou byen nan oditoryòm radyo atlantik, pou pita nan dat 14 dawou 2005
- Frè enskripsyon: 100 goud
- Rankont planifikasyon ak 2 dirijan chak gwoup k ap patisipe nan koukou a, nan dat 15 dawou 2005 a 3 zè nan apremidi, nan oditoryòm radyo atlantik.
- Yon jiri ap detèmine gwoup ki chanpyon an, apati plizyè kritè, tankou: Kapasite enpwovizasyon gwoup la, kalite ak orijinalite tèks, bit gwoup la, prezantasyon ak mouvman, aplodisman piblik la...
- Konkou a ap dewoule nan oditoryòm radyo atlantik jou samdi 20 dawou 2005, apati 6 zè nan aswè.
- Poz poezi- sketch-dans, apre chak gwoup fin prezante pwodi yo
-Gwoup chanpyon an, dezyèm ak twazyèm lan ap resevwa koup (souvni), gwo prim, anvlòp ki gen lajan, ak sètifika patisipasyon.
Koute “Anbyans Geto Kreyòl”,  RAP-RAGA-REGE  KREYÒL chak
jou a 2 nan zè apremidi sou Radyo Atlantik  92.5 FM
Nan Radyo Atlantik, se kreyòl sèlman nou pale........


 

 

Moso listwa Dayiti