Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Kaskèt

 

KASKÈT
jounal batay popilè a pou liberasyon mas yo
fevriye 2005                    nimewo 11

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
_______________________
                                      Fevriye 2005

POU YON ALTÈNATIV POLITIK POPILÈ

Kouri lapli, tonbe larivyè
Nan dat 7 fevriye 1986, pèp ayisyen te dekapote Janklod Divalye ak volonte pou entèwonp ren y laterè, kòripsyon ak enjistis sosyal. Eta inyorans sistèm divalyeris la te mentni pèp ayisyen an ladan l, pat pèmèt menm pèp sa pwodi bonjan lidè pwogresis, nasyonalis, pou anpeche ren y kòripsyon ak sou-devlòpman an kontinye taye banda nan sosyete peyi dayiti.
7 fevriye 1991, kivledi 5 lane apre dechoukay sistèm divalyeris la, ren y pouvwa lavalas la kòmanse. Kòripsyon pa sispann, ensekirite grandi, pèp ayisyen pèdi lespwa, paske pa gen diferans fondalnatal ant divalyeris ak pouvwa lavalas la.

Pandanstan, sektè ki gen gwo pouvwa lajan, pa chwazi akonpanye mas popilè yo, nan mete kanpe gran pwogram fòmasyon ak edikasyon, gran pwojè devlòpman. Lanmizè ak dezespwa blayi pi rèd nan mitan popilasyon an.
29 fevriye 2004, gouvènman peyi etazini ak gouvènman peyi lafrans, nan konkòday ak sektè ki gen gwo lajan nan peyi dayiti, arete, depòte Jan Bètran Aristid, ki te pran pouvwa nan eleksyon nan dat 16 desanm 1990, ak nan dat 26 novanm 2000. Koudeta entènasyonal sa pèmèt, jwèt pas-pas ant blofè espesyalis nan prezante bèl diskou, bèl pwomès, ak divalyeris, ak moun ki gen gwo lajan, enpi k ap manipile yon pati nan popilasyon an. Enjistis tout kalite, kontinye ap trangle pèp ayisyen.

7 fevriye 2005, gouvènman swadizan tranzisyon an, k ap bay okipasyon teritwa peyi dayiti a jarèt, pwomèt eleksyon onèt, demokratik, san paspouki. Menm gouvènman okipasyon Aleksann-Latòti a, deja bay tèt li otorizasyon angaje lavni peyi dayiti nan yon seri pwojè politik, pwogram ekonomik ki kondane tout gouvènman ki ta soti nan pwochèn eleksyon. Kòripsyon, ensekirite, lavichè, enjistis sosyal, sou gouvènman okipasyon an vin pi rèd. Kouri lapli, tonbe larivyè.

Kilès ki zanmi pèp ayisyen an
Pami silayo ki t ap mobilize pou kouri dèyè pouvwa lavalas la, kilès nan yo ki gen enterè denonse ou byen konbat lavichè, ensekirite nan katye malere, nan milye peyizan? Kilès nan yo ki gen kouraj denonse zòn franch k ap retire tè nan men ti peyizan pou renmèt tè sayo bay grandon, bay gran nèg ayisyen ak etranje? Kilès nan yo ki dakò mobilize pou mande liberasyon plizyè milye pitit pèp la ki jwenn arestasyon san manda, san jijman? Kilès nan moun sayo nou tande k ap reklame pou pri manje bese, pou pri gaz bese? Gouvènman jodi, tankou gouvènman ayè, ap vòlè lajan kès leta, ap gaspiye lajan koperasyon entènasyonal. Gouvènman jodi, tankou politisyen ayè, pa gen pwojè satisfè revandikasyon mas pèp. Yo dakò pou privatize antrepriz leta, nan benefis moun ki genyen deja; yo dakò pou kite pri renmèd famasi ak pri sèvis lopital vin pi chè. Yo dakò pou pri lekòl monte tèt nèg, pou pitit malere kondane nan linyorans. Kilès pami politisyen jodi ki dakò pou ouvriye, anplwaye, pwofesè lekòl touche plis kòb pou travay yo? Kilès nan yo ki dakò pou ankadre peyizan, nan bay yo dlo, angrè, pou pèmèt peyizan pwodi plis manje?

Pwopozisyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)

Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) lanse apèl bay tout peyizan, ouvriye, pwofesè ak elèv lekòl, tout anplwaye, pou yo pa pran nan blòf ak pwomès politisyen ki bezwen mete palto pèp sou do yo, pou yo al taye banda kontinye gaspiye lajan leta.

Denpi nan dat 7 fevriye 2003, Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), ansanm ak plizyè òganizasyon politik atravè tout teritwa peyi dayiti, te pwopoze pou mas la òganize fòs li otou pwòp revandikasyon l nan yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN, pou n kapote pwojè advèsè mas yo.

Nan kalfou difisil kote peyi dayiti twouve l, okenn òganizasyon politik pa kapab, li menm sèl, pote tout solisyon chanjman pou amelyore kondisyon lavi pèp ayisyen an. Nou tout dwe mete men ansanm,atravè yon estrikti politik, yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN, ki kapab ransanble tout fòs pwogresis ayisyen yo nan peyi dayiti, tankou nan peyi letranje, pou n rive kaba enjistis sosyal nan tout kouch popilasyon an, enpi konstri yon peyi ak lavi miyò pou chak ayisyen. Se sèl yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN ki kapab egzije arestasyon ak jijman tout kriminèl ki sazinen peyizan, militan nan katye popilè, ak nenpòt lòt sitwayen. Se yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN ki kapab pèmèt nou batay pou pri gaz bese, pou lavichè bese. Yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN, se espas politik tèt ansanm ant tout militan pwogresis, swa ki pa t deja nan òganizasyon, swa ki te nan òganizasyon   politik   pwogresis,   nan òganizasyon popilè ki merite konfyans popilasyon an, òganizasyon peyizan, òganizasyon katye ki rete makònen ak mas yo, asosyasyon kiltirèl, asosyasyon etidyan ak elèv lekòl, òganizasyon sosyo-pwofesyonèl... Se yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN ki kapab reklame, enpi fòse pou wout yo konstri, pou mache yo konstri ak sekirite, byen pwòp, ak twalèt, dlo pou ti komèsan sèvi, enpi pou taks sou machandiz peyizan ak komèsan bese, pou sosyetè koperativ yo jwenn lajan yo te envesti, pou anplwaye touche salè yo regilyèman, pou ouvriye jwenn ogmantasyon salè yo. Se sèl yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN ki kapab denonse, enpi fòse leta ak gran komèsan bese pri pwodi premyè nesesite yo, pou fè lavichè bese. Se sèl yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN ki kapab mete kanpe yon veritab refòm agrè entegre, yon refòm agrè ankadre, pou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt, nan kad aplikasyon plan nasyonal ayisyen an, pou n konbat grangou ak lanmizè, ki se prensipal sous ensekirite nan peyi a. Se sèl yon FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN, ki kapab enskri devlòpman peyi dayiti nan pwojè altèmondyalizasyon an, kivledi yon lòt fòm mondyalizasyon anfas plan neyoliberal la, ki se mondyalizasyon lanmizè nan peyi apovri yo, nan peyi depandan yo.

Inite pou lespwa ak diyite
Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) dakò pou yo kontinye patisipe nan tout fòm batay demokratik yo, pou n rive diminye enjistis sosyal nan mitan popilasyon an.

Pèp ayisyen, militan pwogresis atravè tout teritwa peyi dayiti, ak nan peyi letranje, ann ini fòs nou, ann antere divizyon, nan konstri yon zouti batay, pou n kwape advèsè libète, advèsè popilasyon peyi dayiti. Divizyon, se jwèt advèsè yo. Ann ini fòs nou, pou tout mas popilè yo rejwenn lespwa ak diyite.

Nou pa p bay legen, paske viktwa final, se pou pèp òganize,  se pou pèp mobilize ki pa janm sispann batay....

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.


Koute emisyon refleksyon M.R.A. chak samdi a 7 tè nan maten ak 6 zè nan aswè; enpi chak dimanch a 9 vè nan maten ak 7 tè nan aswè, sou:
RADYO ATLANTIK
92.5  FM
Nan Radyo Atlantik, se kreyòl sèlman nou pale...
Nan Radyo Atlantik, se mizik ayisyen sèlman nou pase...

 

                                                                                                             

 

 

 

Moso listwa Dayiti