KASKÈT
jounal batay popilè a pou liberasyon mas yo
12 jen 2003 nimewo 10
O.E.A.
O.E.A., kivledi Òganizasyon Eta Ameriken, se yon sosyete chanpwèl entènasyonal ki la pou sitire move mès tout gouvènman restavèk peyi sousèt letranje. Se òganizasyon O.E.A. sa ki biwo anrejistreman ak egzekisyon tout gwo desizyon peyi sousèt yo.
Nan dezyèm semen n mwa jen
2003, asanble jeneral O.E.A. te tabli sou swadizan kriz k ap tounen lanvè tout trip peyi dayiti.
Titid Dodo
Si gen gouvènman restavèk ayisyen ki bay blan satisfaksyon nèt al kole, se gouvènman konze lavalas la, ki pa sispan n charye richès ak tè peyi dayiti bay peyi letranje. Enben, ki enterè peyi sousèt letranje gen pou l ta dechouke konze Aristid ak tout palman koupyon japwouv lavalas la? Enpi, dechouke konze Aristid, pou renmèt ki kalte gwoup moun djòb leta yo? Bay konvèjans demagojik? Ki avantaj konvèjans demagojik la prèt pou ofri blan yo anplis?.
Nan negosyasyon anba tab, blan O.E.A. yo bay konze Aristid ganranti, y ap kite l fin fè manda l nan dechèpiyay kès leta pou l separe ak yo. Enpi, pou kalme lapeti voras, rapas lopozisyon reyaksyonè a, pou fè yo pran pasyans, O.E.A. ap pwomèt yo, chak fwa, nan lòt reyinyon yo pral pran desizyon kont gouvènman konze lavalas la, pou fòse l separe kèk gren n
djòb leta ak konvèjans demagojik. Reyinyon nan mwa jen pou mete randevou pou mwa sektanm 2003. Titid Dodo! Nan mwa sektanm, yo pral pran randevou pou mwa desanm 2003, ou byen pou janvye-fevriye 2004. Titid Dodo pi rèd. Jouk manda konze Aristid bout, pou yo di demokrasi triyonfe, se swadizan eleksyon ki wete-mete prezidan ban n machwè sou pouvwa. Paske, blan pral met kòd nan kou toulede sè marasa yo pou yo reyalize ansanm eleksyon malatchon n. Alòs, an n kite zòt babye, sote, ponpe, si yo kwè se kominote entènasyonal ki kapab, ki pral bay yo pouvwa.
Pèp la, je nou la, n ap gade yo
Kit se konze lavalas, kit se konvèjans demagojik, 184 karava n dezespwa ak sosyete sèvil, sa yo rele kriz la, se batay pou djòb leta. Ki sa mas pèp gen pou wè nan fòm kriz sa, puiske oken n revandikasyon popilasyon an pa jwen n satisfaksyon?.
Pou mas pèp la, kriz la se lavichè ki pi chè, se gaz ki twò chè, se dlo ak kouran ki pa gen nan katye popilè yo ak andeyò vil yo, se wout ki kraze, kote pwopriyetè ak chofè machin ap monte kalvè, se grandon, nan konplisite ak leta konze lavalas k ap pèsekite ti peyizan.
Se mas pèp la ki dwe rezoud kriz l ap travèse, paske pwoblèm mas pèp pa rantre nan kalandriye rankont kominote entènasyonal.
Pèp la ap founi je gade yo k ap dechèpiye kès leta, l ap gade yo k ap trennen jenou yo douvan peyi sousèt letranje pou yo jwen n zo ak pwomès djòb leta. Men, pèp la pa dwe rete gade. Òganize nou, nan chak katye, nan chak seksyon riral, nan chak bitasyon, pou n rezoud kriz nou, pou n ranpòte laviktwa sou konplotè yo. Paske... viktwa final, se pou pèp òganize ki pa jan m sispan n batay...
PLAN NEYOLIBERAL
Plan neyoliberal, yo rele tou plan lanmò, se yon konplo ant peyi sousèt letranje nan sa yo rele kominote entènasyonal la ak gouvènman restavèk.
Plan neyoliberal, gen 4 pati ladan l. Li gen Zòn franch kivledi renmèt tè peyi dayiti bay peyi letranje pou yo fè sa yo vle. Li gen Franchiz dwanyè, kivledi, peyi letranje kapab rantre ak tout machandiz yo nan peyi nou, san yo pa peye oken n taks nan ladwan n, alòske nou menm ayisyen nou dwe peye ladwan n lakay yo pou machandiz nou. Li gen Privatizasyon antrepriz leta, kivledi lekòl leta vin tounen lekòl prive, dispansè ak lopital leta vin prive, tout izin leta, tankou minotri ki te kon n fè farin ak siman dayiti, vin tounen prive anba men peyi letranje. Li gen Ajisteman estriktirèl, kivledi gwo peyi fòse peyi nou prete gwo lajan sou fòm kout ponya ak gwo enterè, enpi yo blije nou revoke anplwaye leta, diminye depans leta anfavè sosyete a.
Plan neyoliberal ki fè peyi dayiti depan n de peyi letranje, se pwojè politik Lavalas ak Konvèjans, ki dakò aplike plan lanmò sa. Se pou sa militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) pa janm sispan n denonse 2 sè marasa sa yo kòm konplotè kont pèp ayisyen.
ANONS
Koute emisyon TRESE RIBAN
chak lendi ak chak jedi a 2 zè nan apremidi sou Radyo Atlantik...
RADYO
ATLANTIK
92.5 FM
Nan Radyo Atlantik, se kreyòl sèlman nou pale....
Nan Radyo Atlantik, se mizik ayisyen sèlman nou pase...
|