PWOJÈ ESTATI AK REGLEMAN ENTÈN FWON POPILÈ DEPATMAN NÒ (FPDN)
ENTWODIKSYON
CHAPIT I: KAT DIDANTITE
CHAPIT II: OBJEKTIF
CHAPIT III: MANM FPDN
CHAPIT IV: ENSTANS FPDN
ENTWODIKSYON
Nan kalfou difisil kote peyi dayiti twouve l, okenn òganizasyon politik pa kapab, li menm sèl, pote tout solisyon chanjman pou amelyore kondisyon lavi pèp ayisyen an. Nou tout dwe mete men ansanm, atravè yon estrikti politik, yon FWON POPILÈ, ki rasanble tout fòs pwogresis ayisyen yo nan peyi dayiti, tankou nan peyi letranje, pou n rive kaba enjistis sosyal nan tout kouch popilasyon an, enpi konstri yon peyi ak lavi miyò pou chak ayisyen...
CHAPIT I: KAT DIDANTITE
Atik 1: FWON POPILÈ DEPATMAN NÒ (FPDN), se rasanbleman òganizasyon popilè, mouvman ak pati politik pwogresis, ki nan depatman nò peyi dayiti.
Atik 2: Yon òganizasyon popilè, se yon òganizasyon pwogresis lokalize nan yon katye, ou byen nan yon seksyon kominal, ou byen nan yon komin
Atik 3: Yon mouvman pwogresis, yon pati politik pwogresis, se yon estrikti ki gen pretansyon etan n li nan tout depatman an, nan tout peyi a
Atik 4: FPDN, se yon may nan chenn FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN (F.P.N.A.), ki li menm, se rasanbleman tout Fwon depatmantal yo.
Atik 5: FPDN otonòm, nan sans li granmoun tèt li.
Atik 6: Bousòl FPDN se revandikasyon mas yo.
Atik 7: FPDN louvri pou tout ayisyen nan peyi dayiti, tankou ayisyen nan peyi letranje
Atik 8: Syèj sosyal FPDN twouve l okap ayisyen. Reyon aksyon FPDN etann sou depatman Nò peyi dayiti
Atik 9: Resous materyèl FPDN, se tout kalite kontribisyon (kotizasyon, don...) manm ak senpatizan l, ansanm ak benefis aktivite ekonomik FPDN
Atik 10: Anblèm FPDN se: plizyè men k ap mete kanpe teritwa peyi dayiti ak yon eslogan: NOU TOUT DWE METE MEN ANSANM POU YON AYITI MIYÒ
Koulè FPDN se: vèt ak nwa
CHAPIT II: OBJEKTIF FPDN
Atik 11: Objektif FPDN se:
a- Òganize, ranfòse, ankadre lit mas popilè yo pou fè revandikasyon yo pase
b- Rive pran kontwòl pouvwa politik la nan peyi dayiti, nan
kad FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN an
c- Lite pou fè respekte prensip inivèsèl dwa moun, prensip solidarite ak jistis pou garanti lapè ak pwogrè
d- Fòme yon konsyans nasyonal ki chita sou patriyotism, kilti popilè, moralite, jistis sosyal, souverènte nasyonal ak popilè
e- Asire ekilib sosyal, politik, ekonomik nan mitan popilasyon peyi dayiti
f- Defan n nenpòt kòman kilti nasyonal la
g- Rive mete kanpe yon peyi dayiti osèvis pitit li nan tout domèn, apati estrikti ekonomik, administratif apwopriye
CHAPIT III: MANM FPDN
Atik 12: Manm FPDN, se tout òganizasyon, tout mouvman, tout pati politik, tout patriyòt pwogresis ki dakò ak liy estati, regleman entèn FPDN, enpi ki pran angajman pou ekzekite konsiy FPDN
Atik 13: Patriyòt ki manm FPDN, men ki ponkò òganize, dwe vin manm òganize. Sa ka fèt nan kolaborasyon ak komisyon òganizasyon FPDN ki entegre patriyòt la nan yon òganizasyon ki deja nan FPDN, ou byen sa ka fèt dapre pwòp travay patriyòt la, ki rive monte yon òganizasyon selon liy FPDN
KONDISYON POU MOUN AK ÒGANIZASYON VIN MANM FPDN
Atik 14: Pou yon moun antre nan FPDN, fòk li pat janm komèt krim politik kont pèp la, kont peyi a. Enpi, se komite ekzekitif FPDN, apre ankèt, ki kapab deklare si yon moun te komèt, ou byen si l pa t komèt krim politik
Atik 15: Pou yon òganizasyon ou byen yon patriyòt antre nan FPDN, fòk swa li resevwa envitasyon ekri ki soti bò kote komite ekzekitif FPDN, swa li ekri yon lèt demand. Nan toulede ka yo, resepsyon yon lèt akseptasyon, endispansanb pou òganizasyon an ou byen patriyòt la vin manm FPDN.
DWA MANB FPDN
Atik 16: Chak manm FPDN gen dwa:
a - Jwenn tout enfòmasyon ki konsènen FPDN, tout enfòmasyon ki konsènen depatman an, peyi a..
b - Jwenn, selon kapasite FPDN, fòmasyon nesesè pou avansman l, pou avansman òganizasyon l ak FPDN
c - Patisipe ak vote nan tout asanble ki nan nivo aktivite l
d - Poze kandidati l pou nenpòt pòs ki nan nivo aktivite l
e - Benefisye tout sèvis FPDN kapab ofri manm li ak popilasyon an
f - Kritike tout sa k pa kòrèk nan FPDN
g- Jwi pwoteksyon FPDN, nan tout sikonstans sa nesesè, selon
kapasite FPDN
DEVWA MANM FPDN
Atik 17: Devwa chak manm FPDN, se:
a - Mobilize patriyòt ak òganizasyon pwogresis anba drapo FPDN, ede, si posib, lòt depatman nan jefò pou monte FWON POPILÈ
b - Patisipe nan tout aktivite FPDN ki obligatwa pou li, selon nivo l ap milite anndan FPDN
c - Konbat tout move pwopagann, ak move mannèv kont FPDN
d - Founi tout enfòmasyon ki nan enterè FPDN
e - Peye yon kotizasyon regilye
f - Denonse tout iregilarite k ap devlope nan FPDN
g - Devlope rapò kanmarad vizavi tout lòt manm FPDN, respekte yo, ede yo, si posib, lè sa nesesè
h - Respekte estati ak regleman entèn FPDN, enpi suiv tout konsiy ki gen rapò ak aktivite chak manm
i - Fè kritik ak otokritik regilyèman
SANKSYON KONT MANM FPDN
Atik 18: Òganizasyon ou byen patriyòt manm FPDN ka sibi sanksyon: blam, amand, sispansyon aktivite, eksklizyon, selon gravite enfraksyon an, pou:
a - Tout obligasyon manm lan pa ranpli
b - Tout absans repete nan aktivite FPDN
c - Absans ki pa motive
d- Penyen lage nan aktivite FPDN
e- Tout konpòtman, tout zak trayizon, tout neglijans asanble depatmantal la, kongrè a, kondane kòm yon move kou kont FPDN
Atik 19: Se Kongrè FPDN, asanble depatmantal la, ki pwononse sanksyon kont òganizasyon ou byen militan manm FPDN, apre konvokasyon pou jijman
Atik 20: Desizyon asanble a ap aplike menm si yon òganizasyon ou byen yon militan akize pou enfraksyon, neglijans, pa prezante nan konvokasyon pou eklèsisman
CHAPIT IV: ENSTANS FPDN
Atik 21: Enstans FPDN, se:
a - Kongrè FPDN
b- Asanble depatmantal FPDN
c- Komite ekzekitif depatmantal FPDN
Atik 22: KONGRÈ FPDN, se reyinyon delege 19 komin depatman nò a. Chak òganizasyon popilè manm FPDN voye 3 delege mandate. Chak mouvman, chak pati politik pwogresis manm FPDN voye 2 delege mandate pou chak komin. Chak blòk katye òganize manm FPDN, nan vil okap voye 3 delege mandate. Se tout delege mandate sa yo ki gen dwa deside, vote.
Envite ofisyèl ka bay konsèy, fè sijesyon
Atik 23: Yon envite ofisyèl FPDN, se tout patriyòt pwogresis ki resevwa envitasyon bò kote yon enstans FPDN pou vin patisipe nan kongrè, nan asanble FPDN
Atik 24: Nan tout enstans FPDN, tout desizyon, tout chwa fèt selon prensip majorite senp
Atik 25: Chak manm komite ekzekitif FPDN konte pami delege òganizasyon, mouvman, pati, manm FPDN, chak fwa desizyon ap pran nan tout enstans FPDN
WÒL KONGRÈ FPDN
Atik 26: Wòl kongrè FPDN, se:
a- Defini liy batay jeneral FPDN pou yon peryòd 2 lane
b- Chwazi yon komite ekzekitif depatmantal selon pwosedi yon komisyon elektoral FPDN
c- Pwononse l sou tout pwen ki nan rapò jeneral ak sou tout pwen delege yo soulve
d- Pase tout konsiy li jije nesesè
e- Deside sou amandman estati ak regleman entèn FPDN
Atik 27: Kongrè FPDN, se pi gran enstans desizyon FPDN lan. Desizyon l obligatwa pou tout lòt enstans, pou tout manm FPDN. Men, kongrè FPDN aplike, respekte konsiy ak desizyon FWON POPILÈ NASYONAL la.
Atik 28:Sèl yon kongrè ka chanje, anile desizyon yon lòt kongrè
Atik 29: Kongrè òdinè FPDN fèt chak 2 lane apati premye kongrè a.
Atik 30: Kongrè ekstraòdinè fèt nan sikonstans eksepsyonèl, lè komite ekzekitif la twouve l devan gwo ijans ki ekzije konvokasyon sa a, tankou yon gwo chanjman konjonkti, ou byen lè 2 tyè òganizasyon ki nan FPDN mande konvokasyon an
Atik 31: Kongrè òdinè deroule sou tout kesyon. Kongrè ekstraòdinè deroule sou kesyon prensipal ki pwovoke konvokasyon an, ak sou kesyon segondè ki gen rapò ak kesyon prensipal la
ASANBLE DEPATMANTAL
Atik 32: Asanble depatmantal, se reyinyon delege òganizasyon manm FPDN
Atik 33: Chak òganizasyon popilè voye 2 delege, chak mouvman pwogresis, chak pati politik pwogresis voye 1 delege pou chak komin, chak blòk katye òganize nan vil okap, voye 1 delege, nan asanble depatmantal òdinè ki reyini chak mwa, nan dènye dimanch
Atik 34: Asanble depatmantal ekstraòdinè kapab reyini selon ijans, sou konvokasyon yon tyè òganizasyon manm FPDN, ou byen si 4 manm komite ekzekitif FPDN lan jije l nesesè
Atik 35: Asanble depatmantal gen pouvwa desizyon, komite ekzekitif gen pouvwa ekzekisyon nan tout enstans FPDN
Atik 36: Komite ekzekitif ka pran desizyon ki pa t prevwa ni nan kongrè, ni
nan asanble, lè desizyon an nesesè anvan dat prochen asanble depatmantal
ou byen kongrè
WÒL ASANBLE DEPATMANTAL
Atik 37: Wòl asanble depatmantal la, se:
a- Kontwole si liy batay ak tout desizyon kongrè a respekte, si objektif kongrè a fikse ap reyalize, si tout konsiy FWON POPILÈ NASYONAL la respekte
b- Kritike rapò travay komite ekzekitif la, fè tout sijesyon nesesè pou travay FPDN vanse
c- Prononse l sou tout sa komite ekzekitif la fè, enpi endike sa ki merite fèt, men ki pa fèt
d- Si gen dezakò total ant komite ekzekitif la ak asanble delege yo,
komite ekzekitif la dwe soumèt li devan ekzijans asanble a, jouk nouvo kongrè a tranche definitivman sou dezakò a
KOMITE EKZEKITIF DEPATMANTAL
Atik 38: Komite ekzekitif depatmantal la fòme ak 7 manm kongrè FPDN chwazi
Atik 39: Komite ekzekitif la ap dirije FPDN nan tout depatman an, selon liy kongrè a, selon konsiy FWON POPILÈ NASYONAL la, selon rekòmandasyon asanble delege depatmantal la
Atik 40: Komite ekzekitif depatmantal la gen yon manda 2 lane ki kòmanse ak kongrè ki chwazi komite a; manda a fini ak prochen kongrè a
WÒL KOMITE EKZEKITIF DEPATMANTAL LA
Atik 41: Wòl komite ekzekitif depatmantal la, se:
a- Konvoke, fikse, òganize, dirije reyinyon asanble delege depatmantal òdinè ak ekstraòdinè, kongrè òdinè ak kongrè ekstraòdinè
b- Kontwole, kritike, korije, dinamize fonksyònman FPDN
c- Tabli yon plan travay pou tout FPDN lan ak yon kalandriye aktivite
d- Prezante devan asanble delege depatmantal la tout travay ki fèt depi dènye reyinyon enstans sa a
e- Prezante devan kongrè òdinè bilan kritik travay jeneral ki fèt
f- Drese prosevèbal kongrè ak asanble delege, enpi distribiye l pami tout manm FPDN pou enfòmasyon
g- Aplike liy ak konsiy kongrè FPDN, prensip ki nan estati ak regleman entèn FPDN, konsiy FWON POPILÈ NASYONAL la
h- Prononse l sou tout konfli anndan FPDN
i- Reprezante FPDN anndan FWON POPILÈ NASYONAL la, ak devan
tout lòt enstitisyon
k- Ale nan lajistis, fè prose pou defann FPDN, òganizasyon ak kanmarad ki manm FPDN
l- Ranpli tout fòmalite jiridik, administrativ bò kote leta nan enterè
FPDN
m- Kontwole finans enpi jere tout byen FPDN
n- Founi tout manm enfòmasyon ki nesesè, enpi asire fòmasyon yo
o- Mete lòd ak disiplin nan tout aktivite FPDN
Atik 42: Lè gen gwo represyon politik, komite ekzekitif depatmantal la defini pou FPDN yon mòd fonksyònman ki gen rapò ak sitiyasyon politik la
Atik 43: Si yon n a 3 manm komite ekzekitif depatmantal la, pou tout kalite rezon, sante, represyon, lanmò, maladi, demisyon, pa an mezi ranpli tach yo, asanble delege depatmantal la, chwazi anndan l, lòt manm pou ranplase
absan yo. Si plis pase 3 manm komite ekzekitif la anpeche, se yon kongrè ekstraòdinè ki dwe bouche trou vid yo. Si sitiyasyon politik la pa pèmèt reyalizasyon yon kongrè ekstraòdinè, se asanble delege depatmantal la ki konble vid pasyèl ou total la. Komite ekzekitif provizwa sa a asire direksyon FPDN lan pandan tout tan anòmal la.
WÒL MANM NAN KOMITE EKZEKITIF
Atik 44: Komite ekzekitif FPDN gen anndan l: yon kowòdonatè, yon sekretè, yon trezorye, yon responsab fòmasyon, yon responsab òganizasyon, yon responsab lòd ak disiplin, yon responsab kilti popilè.
Atik 45: Wòl kowòdonatè, se:
a - Dirije reyinyon komite, kongrè
b - Siyen ak sekretè a tout dokiman FPDN
c - Siyen ak trezorye a tout dokiman tranzaksyon ak enstitisyon finansye ak lòt
d - Otorize tout depans ki nesesè
e - Pòt pawòl ki dwe fè konnen pozisyon FPDN nan tout konjonkti
f - Reponn tout move pwopagann ou byen mannèv kont FPDN
g - Asire kowòdinasyon FPDN
Atik 46: Wòl sekretè, se:
a - Drese pwosevèbal reyinyon, asanble, kongrè, enpi distribiye l nan tout enstans ki konsène pou enfòmasyon
b - Prezante bilan aktivite FPDN nan asanble, nan kongrè
c - Siyen ak kowòdonatè a tout dokiman
d - Asire korespondans ak piblikasyon FPDN
e - Konstitiye achiv FPDN
Atik 47: Wòl trezorye, se:
a- Rekeyi kotizasyon manm FPDN, ak don
b- Fè kontablite resèt ak depans FPDN
c- Fè tranzaksyon ak enstitisyon finansye
d- Mentni liv kontab yo toujou pare
e- Konsève tout pyès ki jistifye depans
f- Siyen ak kowòdonatè a tout dokiman tranzaksyon finansye
g- Prezante rapò ekonomik ak envantè tout byen FPDN, nan chak reyinyon komite ekzekitif, asanble, kongrè
h- Kontwole tout byen FPDN
Atik 48: Wòl responsab òganizasyon, se:
a- Tabli kontak ak òganizasyon politik pwogresis, òganizasyon chak kategori sosyal, asosyasyon sosyo-pwofesyonèl, ak patriyòt pwogresis pou envite yo patisipe nan jefò pèmanan pou kontinye konstri FPDN ak FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN an
b- Asire lyezon pèmanan ant komite ekzekitif depatmantal la ak popilasyon an, ak tout antite ki fè pati FPDN, ak FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN
Atik 49: Wòl responsab fòmasyon, se:
a- Prezante liy FPDN jan dènye kongrè a defini l nan chak sikonstans li nesesè
b- Pote eklèsisman pèmanan pou tout manm FPDN, sou tout pwen nan liy FPDN
c- Ak mwayen piblikasyon ekri, ak entèvansyon piblik, pote repons vizavi tout move pwopagann kont FPDN, ak tout mannigèt pou tronpe pèp la
d- Byen montre chemen ki mennen pèp la nan pwogrè
e- Monte yon pwogram fòmasyon pou manm FPDN ak popilasyon an
Atik 50: Wòl responsab lòd ak disiplin
a- Òganize lòd ak disiplin nan tout aktivite ak rankont FPDN
b- Ranseye manm FPDN nan tout sikonstans li nesesè
Atik 51: Wòl responsab kilti popilè a, se:
a- Fè pwomosyon pou kilti popilè a nan tout domèn, tankou: lang kreyòl, dans tradisyonèl, òganizasyon tradisyonèl yo, teyat, atizana, espò, pwodiksyon agrikòl, òganize pwogram odyo-vizyèl edikasyon popilè, rechèch sou fenomèn lakou yo, sou sit ak moniman istorik yo, sou listwa dayiti, sou kilt ayisyen, sou mòd lavi ak panse pèp ayisyen an.
b- Konbat alyenasyon kiltirèl pèp ayisyen an tout jan tout mannyè
KOMISYON
Atik 52: Yon komisyon, se yon gwoup manm k ap akonpli yon travay, yon aktivite espesyal dapre objektif, liy, konsiy FPDN
Atik 53: Se komite ekzekitif depatmantal la ki fòme komisyon yo, selon bezwen, liy ak regleman entèn FPDN
Atik 54: Dire manda ak kantite manm FPDN ki nan yon komisyon depann de ekzijans aktivite a
REYINYON
Atik 55: Tout reyinyon dewoule selon chema sa a:
a- Kowòdonatè a louvri seyans la
b- Kowòdonatè a akòde kèk minit pou manm asanble a ki swete fè
envokasyon selon konviksyon yo
c- Kowòdonatè a chwazi yon moderatè pou asire disiplin reyinyon an
d- Kowòdonatè a akòde 30 minit pou enfòmasyon jeneral
e- Sekretè a fè lekti pwosevèbal dènye reyinyon an, li envite asanble a pote koreksyon si nesesè, enpi l bay bilan aktivite FPDN
f- Sekretè a prezante divès pwen ki konstitiye òd dijou a, li envite asanble a ajoute lòt pwen si genyen, enpi li fikse dire chak pwen
g- Trezorye a bay rapò ekonomik ak envantè tout byen FPDN
h- Trezorye a rekeyi kotizasyon yo
i- Komite a fikse dat, lokal, lè ak dire pwochen reyinyon an
j- Kowòdonatè a raple dènye konsiy yo, enpi l fèmen seyans la ak yon apresyasyon sou reyinyon an
Atik 56: Tout reyinyon dwe anonse, pou pi piti 8 jou alavans
NOU TOUT DWE METE MEN ANSANM
POU YON AYITI MIYÒ
FWON POPILÈ DEPATMAN NÒ
(F.P.D.N.)
|