GWOUP REFLEKSYON POU METE KANPE
FWON POPILÈ NASYONAL AYISYEN
(M.R.A. ESKANP, KOREGA, RGWOUPMAN OP GRANMOUN YO, FWON REZISTANS POU REFÒM INIVÈSITE A, MIAP, KIJD, MIPAK, RAMSO, MOFADEM, KOJESMA, RAMPA, KOP, KODENA)
_____________________________________
POZISYON GWOUP REFLEKSYON POU METE KANPE
FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN SOU KONJONKTI A
(DEKLARASYON NIMEWO 4)
MENAS YON LÒT LOKIPASYON NAN PAPÒT PEYI DAYITI
Anfas zak babari pouvwa konze lavalas ap komèt sou tout sektè òganize nan popilasyon an, sou malere malerèz, Gwoup Refleksyon Pou Mete Kanpe FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN an konstate mobilizasyon ak rezistans kont rejim sanginè lavalas la kòmanse pran lòt fòm ki gen plis detèminasyon. Nou kapab site divès egzanp tankou FWON REZISTANS REVOLISYONÈ KONT ARISTID nan latibonit, MOUVMAN REZISTANS POPILÈ OTWOU (M.R.P.O.) nan nòdès peyi a, ak plizyè lòt zòn ki rantre nan mobilizasyon djanm lan.
Jan Bètran Aristid derefize kite pouvwa a, malgre gouvènman l lan pa sou wout satisfè revandikasyon mas yo. Savledi, Aristid deja chwazi kite sitiyasyon politik andedan peyi a dejenere pou l jwenn pretèks mande blan anvayi peyi dayiti pou yo vin garanti pataj pouvwa a ant aktè klas dominant lan, paske feblès fòs polis represiv konplis lavalas la pa ka bloke van mobilizasyon an.
Gwoup Refleksyon Pou Mete Kanpe FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN an mande tout gwoup rezistans, tout sektè òganize k ap chofe mobilizasyon an, pou yo kontinye ak plis detèminasyon toujou, pandan yo dwe afime tèt yo nan lojik batay mas popilè yo, ki pa danse kole ak okenn lokipasyon teritwa peyi a, ni choukay yon lòt pouvwa reyaksyonè apre Aristid.
Pèp ayisyen, militan ak òganizasyon pwogresis atravè tout teritwa peyi dayiti ak nan peyi letranje, moman an rive pou n ini fòs nou, nan pote kole nan FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN an, yon fason pou revandikasyon mas yo pa nwaye nan konfizyon.
Wèpawè, Aristid dwe bay talon l. Sa, se premye etap la. Dezyèm etap la, se ranfòse inite a nan kan popilè, kan pwogresis la, pou n konstri yon altènativ politik solid anfas tout konplo ki kapab kontinye monte swa ak konze Aristid, swa ak lòt pouvwa reyaksyonè ki ta gen pretansyon vin kontinye aplike politik neyoliberal kont pèp ayisyen an.
VIV YON PÈP AYISYEN LIB NAN YON AYITI GRANMOUN ! ABA TOUT KONZE AK REYAKSYONÈ MACHANN PEYI ! ABA ARISTID ! ABA POUVWA KONZE LAVALAS ! TWÒP SAN KOULE, FÒK ARISTID ALE !
Òganizasyon ki nan GWOUP REFLEKSYON POU METE KANPE FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN an, se:
* MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
* REGWOUPMAN ÒGANIZASYON POPILÈ GRANMOUN YO
* MOUVMAN INISYATIV AKSYON POPILÈ (M.I.A.P.)
* KOMITE INISYATIV JÈN MACHAN DESALIN (K.I.J.D.)
* EFÒ AK SOLIDARITE POU KONSTRI YON ALTÈNATIV
NASYONAL POPILÈ (ESKANP)
* MOUVMAN INITE PÈP OKAY (M.I.P.A.K.)
* FWON REZISTANS POU REFÒM INIVÈSITE LETA A AK
TRANSFÒMASYON SOSYETE A
* RASANBLEMAN MILITAN SOLIDÈ OTWOU (R.A.M.S.O.)
* KÒDINASYON REZISTANS GRANDANS (KO.RE.GA.)
* MOUVMAN FANM LATIBONIT POU DEVLÒPMAN AK LAVI MIYÒ
(MOFADEM)
* KOMITE JÈN SENMICHÈL LATALAY (KOJESMA)
* RASANBLEMAN POU YON MOUVMAN PWOGRESIS POPILÈ
LATIBONIT (RAMPPA)
* KONBIT ÒGANIZASYON PEYIZAN (K.Ò.P.)
* KOMITE DEFANS ENTERÈ NASYON AN (KODENA)
Pou otantifikasyon:
______________ ________
Joseph]=[p[;J. Jasmen Guy Numa
_________________ _______________
Paul André Garçonnet Polycarpe Westner
|