Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Asosyasyon Fanm Galman A.F.G

 

ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.)
BAZ MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
________________________________________________

                                                                           8 Mas 2005

NÒT POU LAPRÈS

Kadejak sou yon fanm ayisyen, se kadejak sou tout fanm ayisyen.
Nan mwa fevriye 2005 lan, yon gwoup militè san fwa ni lwa nan minista, dechalbore yon ti jèn fanm nan gonayiv. Blan minista yo tèlman aji ak sovajri, ti jèn fanm lan bay san tankou bèf nan vajen l.

Lalwa rekonèt zak kadejak, se yon zak kriminèl ki merite kondanasyon. Nou menm fanm nan ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.), baz MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), nou sezi tande, apre zak babari sa fin komèt, otorite minista yo renmèt meday bay jandam minista asasen yo, kòmkwa blan minista asasen resevwa dekorasyon pou imilyasyon yo fè yon fanm ayisyen sibi.

Nan mwa fevriye 2005, se fanm gonayiv, militè fòs okipasyon minista fè kadejak sou li. Chak kote jandam fòs okipasyon sayo pase, se dèy y ap simen nan mitan popilasyon yo. Yo kouche tifi piti, tankou ti gason piti yo; gras mwayen zam yo, yo fòse fanm tankou gason kouche pou yo fè kadejak. Demen, se ki jèn fiy, ki jèn gason ki pral tonbe anba men blan minista kadejakè yo?.

ASOSYASYASYON FANM GALMAN (A.F.G.), ap mande tout fanm, tout asosyasyon fanm, tout gwoupman fanm, pou yo pote kole pou n fòse gouvènman okipasyon Bonifas Aleksand ak gwo Jera Latòti, ansanm ak responsab lajistis kase fèy kouvri sa nan peyi dayiti, pou yo arete, jije, kondane blan minista asasen yo ki fè kadejak sou jèn fanm gonayiv la, enpi pou yo dedomaje viktim lan ak paran viktim lan.

Politisyen ayisyen fè blan rantre, swadizan pou vin patisipe nan rezoud pwoblèm ensekirite. Blan yo rantre vin okipe peyi a, pèsonn pa konnen pou konbyen tan yo la ankò. Blan yo arete nenpòt ayisyen lè yo vle, alòske nou menm ayisyen, nou pa gen dwa al arete blan nan pwòp peyi yo . Gen plis ensenkirite ak prezans blan okipan yo.
Zak kadejak sa, jandam minista yo fè sou jèn fanm gonayiv la, pa dwe rete san pinisyon. Nou dwe kòmanse mobilizasyon an, pou n jwenn jistis, paske viktwa final, se pou fanm òganize, se pou fanm mobilize, ki pa janm sispann batay...

ASOSYASYON  FANM  GALMAN   (A.F.G.)

 

 

 

Moso listwa Dayiti