ASOSYASYON FANM GALMAN A.F.G. MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
KATYEMOREN, GALMAN B.P : #184 / TEL: 559-5635/ 553-4431/ 553-4838 E-mail: mouvementrevolutionnairehaitien@yahoo.fr
-----------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------------
Pozisyon ak deklarasyon Asosyasyon Fanm Galman (A.F.G.) nan okazyon jounen entènasyonal Fanm 8 mas 2007
8 mas, ta sanse selebrasyon ou byen ochan pou tout fanm sou latè. Nou menm fanm ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.), branch MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), nou konstate tout fanm se fanm, men tout fanm pa menm nan peyi dayiti.
Eleksyon rive fèt swadizan pou chanje kondisyon lavi pèp ayisyen, men, nou remake, bèl pwomès kandida, se pou mete yo nan djob pou yo kontinye al dechèpiye kès leta. Jounen 8 mas 2007 la, se okazyon pou ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.) denonse ipokrizi nasyonal ak entènasyonal la sou kondisyon fanm malerèz nan peyi dayiti. Revandikasyon nou yo, pa chanje.
1- Nou reklame pou ministè kondisyon fanm jwenn avoka pou defann gratis kòz tout fanm ki sibi abi ak lenjistis sosyal.
2- Fanm yo mande pou pri gaz, pri manje ak pri pwodi premye nesesite yo bese.
3- Leta dwe kreye bonjan kondisyon pou fanm jwenn swen ak sèvis sante gratis nan kad yon sekirite sosyal byen òganize. Enpi ministè sante piblik dwe sispann tout rezo kontreband k ap fè sikile fo renmèd pwazon ak fo etikèt.
4- Plis lekòl leta dwe boujonnen, lise ak inivèsite dwe louvri pòt pou fanm tankou gason, san demach, pou pèmèt malere malerèz jwenn bonjan enstriksyon nan tout nivo.
5- Aparèy lajistis la, ansanm ak pouvwa egzekitif la dwe aplike lwa ak mezi sevè pou pwoteje fanm kont abi, kadejak ak tout kalte presyon fanm ouvriye ap sibi nan men patwon. Enpi, lajistis peyi dayiti dwe arete, jije enpi kondane tout etranje ki vyole fanm peyi dayiti, ki vòlè bèt peyizan.
6- Leta dwe louvri pòt plizyè biwo nan ministè kondisyon fanm pou pèmèt fanm peyizan, fanm k ap travay lakay moun, ti jèn fiy domestik, fanm ouvriye ak lòt ankò jwenn kote pou yo pote revandikasyon yo. Enpi, leta dwe pran tout dispozisyon pou satisfè revandikasyon sayo.
7- Leta dwe fè tout sa l kapab pou l rinde tout fanm ki lage 2 bra pandye, pou kont yo ak plizyè pitit san papa. Fanm sa yo dwe jwen n mwayen ekonomik pou yo fè komès.
8- Leta dwe angaje l nan konstri kay bon mache, pou fanm k ap dòmi nan lari, nan mache ak sila yo k ap dòmi douvan pòt kay zòt.
9- Sou tout bout tè leta pèp la rekipere, bonjan desizyon dwe pran pou tout ti peyizan fanm tankou gason, jwenn papye tè yo nan men leta.
Gouvènman ak palman tou nèf monte sou pouvwa, nou pa wè anyen ki regle nan sans enterè popilasyon an. Fanm A.F.G. ap kontitnye kenbe kaye revandikasyon tout fanm yo. Viktwa final se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize ki pa janm sispann batay...
ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.) - MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|