Politik: A.F.G - M.R.A - KASKÈT - F.P.N.A | F.P.D.N
 
Asosyasyon Fanm Galman A.F.G

 

POZISYON AK DEKLARASYON ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.)
NAN OKAZYON JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM   8 MAS 2006

Nan okazyon jounen 8 mas 2006 la, ki se selebrasyon tout fanm sou latè, nou menm fanm ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.), branch MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), nou panse l nesesè pou n fikse pozisyon nou parapòt ak jounen sa a, ki gen enpòtans kapital pou nou men m fanm.
Nou konstate, malgre leta peyi dayiti tabli yon swadizan ministè kondisyon fanm talon kikit, dwa ak revandikasyon pifò fanm peyizan, fanm malerèz nan sosyete peyi dayiti ponkò janm respekte. Se pou tèt sa, nou deklare:

1- Nou reklame plis kolaborasyon ant fanm ak gason pou amelyore kondisyon lavi tout moun.
3- Fanm yo mande pou pri gaz, pri manje ak pri pwodi premye nesesite yo bese.
4- Fòk leta pran responsablite l nan kreye bonjan kondisyon pou fanm jwenn swen ak sèvis sante gratis nan kad yon sekirite sosyal byen òganize
5- Fòk leta mete plis lekòl leta, lise, ak inivèsite pou pèmèt malere malerèz jwenn bonjan enstriksyon nan tout nivo.
6- Fòk gen lwa ak mezi sevè ki pran pou pwoteje fanm kont abi, kadejak ak tout kalte presyon fanm ouvriye ap sibi nan men patwon
7- Leta dwe louvri pòt plizyè biwo nan ministè dwa fanm pou pèmèt fanm peyizan, bòn, fanm k ap travay lakay moun, ti jèn fiy domestik, fanm ouvriye ak lòt ankò pote revandikasyon yo. Enpi, leta dwe pran tout dispozisyon pou satisfè revandikasyon sayo.
8- Leta dwe fè tout sa l kapab pou l rinde tout fanm ki lage 2 bra pandye, pou kont yo ak plizyè pitit san papa.
9- Leta dwe angaje l nan konstri kay bon mache, pou fanm k ap dòmi nan lari, ak silayo k ap dòmi douvan pòt kay zòt.
10-  Sou tout bout tè leta pèp la rekipere, bonjan desizyon dwe pran pou tout ti peyizan fanm tankou gason, jwenn papye tè yo nan men leta.

Kèlkeswa gouvènman ki monte sou pouvwa, kèlkeswa palman ki monte pou fè bonjan lwa, si yo vle travay tout bon vre nan sans enterè popilasyon an, yo dwe kenbe kont revandikasyon fanm A.F.G. yo. Men, nou menm fanm ASOSYASYON FANM GALMAN, nou konnen, se nan batay pèp toujou rache tout viktwa enpòtan yo. Se pou sa, nou deklare, nou fenk kare batay, enpi nou gen garanti n ap ranpòte laviktwa, paske n konnen viktwa final se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize ki pa janm sispann batay...


ASOSYASYON FANM GALMAN   (A.F.G.)    - MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)

 

 

 

Moso listwa Dayiti