Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, 03 mas 2009

Youri Latòti, pòtvwa ansyen jandam zago loray fòs lame dayiti, menase trennen gouvènman ayisyen an douvan lajistis-kase-fèy-kouvri-sa

Prezidan komisyon jistis ak sekirite nan sena repiblik la, Youri Latòti, ki toujou rete yon fawouch defansè sektè tonton makout divalyeris la, ak jandam zago loray fòs lame dayiti a, te fè yon vizit nan dezyèm vil peyi a, nan finisman semenn pase a. Nan okazyon an, senatè latibonit la reklame pou ansyen jandam zago loray ayisyen yo trennen douvan lajistis-kase-fèy-kouvri-sa, gouvènman “gade m nan je, pran pasyans” Rene Gasya Preval ak Michèl Divivye Pyè Lwi a, pou l dedomaje jandam panzouyis yo, pou tèt yo deja pase 5 mwa dèyè bawo prizon pandan yo ponkò fè fas ak jij natirèl yo parapò ak zak teworis yo komèt. Pòtvwa ansyen jandam zago loray yo, Youri Latòti, mande gouvènman ayisyen an peye jandam òlalwa yo swadizan lajan leta ta dwe yo pou pakèt masak yo te komèt sou pèp ayisyen an, sou ren y Papa Dòk, Bebi Dòk, ak tout rejim divalyeris yo.
Youri Latòti egzije pou komisyon k ap travay sou dosye ansyen jandam kriminèl yo pibliye rapò l, yon fason pou dosye a vanse.
Kesyon nan Gonmye ap poze Youri Latòti, èske pote boure ansyen jandam zago loray yo te fè sou komisarya depatman nò ak nòdès peyi a, se ta yon demach kote yo t ap doufann dwa yo, ou byen yon demanch politik pou simen latwoublay nan lòd ak lapè piblik? Anplis, èske jandam  k ap reklame pou yo touche kòb leta ta swadizan dwe yo jodya, rekonèt se toutbonvre yo te sèvi nanchon an, apre tout zak kraze zo, sazinay, masak yo fè sou pèp ayisyen an?
Malgre tout kalvè pèp ayisyen an te abitye monte anba pat kasav ansyen jandam peyi dayiti, lè n gade non ak wòl yo te bay tèt yo, nòmalman, jodya , olye se kòb pou yo ta touche, ou byen olye pou yo ta jwenn libète y ap reklame a, si peyi dayiti te gen yon gouvènman, yon pouvwa nasyonalis nan tèt li, jandam zago loray silayo ta dwe pase tout rès lavi yo dèyè bawo prizon. Anplis, yo ta dwe dedomaje pèp ayisyen an. Se toujou menm ansyen jandam sayo tou ki te demoli divès biwo leta ak komisarya, yo touye polisye ayisyen, nan lanne 2004 la, enpi yo livre peyi a bay jandam blan okipan, yo rele: misyon destabilizasyon peyi dayiti, minista. Kounyè a, se menm jandam blan yo, ki te mete zam nan men jandam ayisyen mèsenè yo pou yo toupizi pèp ayisyen an, ki fouke mèsenè yo, enpi flanke yon an prizon sivil okap la denpi plizyè mwa, apre jandam asayan yo te tanmen yon lòt mouvman destabilizasyon nan depatman nò a. Pèp ayisyen ki se bannann mi, dwe jwenn jistis anfas jandam zago loray ayisyen yo, ki se dan pouri…


 

 

 

Moso listwa Dayiti