Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti,dimanch 26 avril 2009

Sitwayen nan mòn Ganye mobilize kont desizyon otorite yo ki tanmen kraze kay malere

Sitwayen nan mòn Ganye te mobilize, drese barikad, lanse kout bisuit leta, bloke wout kanapevè maten vandredi 24 avril 2009 la, yon fason pou pwotèste kont desizyon otorite yo ki tanmen kraze kay malere ki konstri nan zòn lan. Lapolis nasyonal ak fòs okipasyon an, minista, te blije  entèvni prese prese pou dispèse manifèstan yo. Fòs represiv  yo te arete yon endividi ki sanble te patisipe  nan mete dife enpi brile yon machin lodè minis travo piblik. Otorite kòwonpi yon an pouvwa anplas la mande sitwayen k ap viv  anwo kanapevè a, nan platon piti ak anba debwòs ak gwomòn pou yo kite zòn lan. Sitwayen yo sanble detèminen pou yo pa fè yon pa kita, yon pa nago si leta pa dedomaje yo, enpi jwenn yon kote pou yo rete.

 


 

 

 

Moso listwa Dayiti